Main

 
Entèvyou: Emmanuel W. Védrine ak Vilaire Chery

Entèvyou: Emmanuel W. Védrine ak Vilaire Chéry

Yon Entèvyou* ak Vilaire Chéry** nan kad rechèch li sou yon envantè mo / espresyon li dokimantè nan konjonkti politik Ayiti a, soti 7 fevriye 1986 pou rive nan lan 2000. Se te yon plezi pou n te rankontre ak li pandan vizit li nan Indiana University-Bloomington pou l te pataje ide rechèch sa a ak nou. 10 desanm 1999.


pa Emmanuel W. Védrine


EV (Emmanuel W. Védrine): Nou di w byenveni Vilaire Chéry nan Indiana University.

VC (Vilaire Chéry): Mèsi Védrine. Monchè se yon gran plezi pou m fè ti pale avè ou e m ap gen okazyon di w de mo sou rechèch ke m ap fè sou vokabilè fransè, kijan l evolye an Ayiti depi 1986. Lè m di 1986', an patikilye, '7 fevriye 86'. Alò youn nan bagay ki te enterese mwen, m pati de yon "konstatasyon". M konstate depi 1986 avèk chanjman politik ki genyen Ayiti yo, chanjman enstitisyonèl, gen yon nouvèl konstitisyon ki vini avèk de nouvèl reyalite enstitisyonèl. Vin genyen tout yon seri de refòm ki vin fèt lan estrikti politik peyi a epui vin genyen yon lòt fenomèn, fenomèn "liberasyon de lapawòl" ki vin fè ke tout moun gen aksè a lapawòl. Tout moun ap pale nan radyo, nan laprès, ap ekri nan jounal. Se konsa vin genyen yon bann mo ki vin soti, ki vin pran lari, nou ta di. Gen yon seri de mo sa yo rele "newolojis", yon seri mo ki fèk kreye, ki kreye lan kontèks epòk la. Mo nou panse a li tou natirèlman, premye mo a, se yon mo kòm "dechoukaj", "dechouke", "dechoukè". Pita, yo pral menm pale de "rechoukaj", "rechouke" men se pa sèlman mo sa yo. Mo n enterese a yo se pa sèlman mo ki fèk kreye; se tout yon seri mo, petèt ki te nan sosyete a men ki te nan w kouch restrent nan popilasyon an, ki te fè pati de sa n ta ka rele "yon vokabilè espesyalize". Gendwa se manb yon pwofesyon ki itilize li oubyen se yon gwoup sosyal an patikilye ki itilize l. M panse a yon mo kòm "dilatwa". Se yon mo mesye pwofesyonèl dwa yo: avoka, jiris, majistra te konnen. Gen moun nan sosyete a tou, kèk entelektyèl ki te konnen sa mo a vle di. Si yo te li l, nou t ap konprann sa l vle di men yo pa t gen okazyon anplwaye mo a. Men depi 1986 avèk "reyalite politik", "reyalite enstitisyonèl" ke l vin bay, pa ekzanp "parleman" ki vin devlope yon seri pratik. Mo 'dilatwa' a pa ekzanp, li vin kite "sphère" kote l t ap evolye a, "c'est à dire, le monde des avocats, l'univers des tribunaux" pou l vin tonbe "dans le langage de Mr. Tout le monde". Sa vle di: tout moun jodiya Ayiti konn sa mo 'dilatwa' a vle di paske trè souvan, yo konn anplwaye mo sa a pou defini atitid sèten "parlemantè" ou tèl kò nan 'parleman' k ap eseye fè dilatwa, k ap eseye tamporize pou "gagner du temps" nan yon seri de kesyon. Alò mo a kounyeya se yon mo vin tonbe nan lari e lè l tonbe nan lari a, li pase ni nan krekòl ayisyen, ni nan fransè a. Donk se yon mo kounye a ki fè pati de "vokabilè ayisyen". Alò an rapò avèk kesyon sa a, gen "2 nosyon" nou ta kab evoke rapidman: se sa yo rele "vokabilè pasif" avèk sa yo rele "vokabilè aktif" la. 'Vokabilè pasif' la, se yon seri de mo ke yon sosyete oubyen yon gwoup nan sosyete a gendwa konnen; li gendwa lè l li mo a li konprann sa l vle di men li pa gen okazyon pwodui mo a kòm tèl; li pa gen okazyon anplwaye mo a li menm paske mo a pa fè pati de reyalite vi li men lè l gen okazyon li l swa nan liv, li tande l nan televizyon oubyen nan w radyo, li konprann sa l vle di. E gen yon lòt konsèp ki "contraire", "contraire de" 'vokabilè pasif' la se 'vokabilè aktif' la. 'Vokabilè aktif' la se tout mo ki genyen ki pase nan sosyete a, kote tout moun gen okazyon itilize l nan vi kotidyèn yo, nan pratik pwofesyon yo. Donk se sa. 'Vokabilè aktif' la, yo rele l ankò "vokabilè pwodiktif". Alò anpil nan mo m etidye yo se yon seri de mo avan 1986 te gen yon estati mo 'vokabilè pasif', pase yo nan w estad de "vokabilè aktif" sètadi tout moun anplwaye yo kouramman.

EV: Bon, nou tande tout diskisyon yo, e nou konnen nan domèn sa a tou nan "mo nouvo" k ap antre nan lang lan, jounalis yo jwe yon wòl enpòtan; pa ekzanp nou kapab pran yon seri 'vokabilè pasif' yo, vin reveye oubyen si n ap fè yon "etid dyakwonik" epi nan tan prezan, yon "etid senkwonik", kòman mo sa yo kapab vin pran lòt sans. Nou kapab pran mo "lavalas", kòman li pran yon estansyon apati mwa "oktòb 1990" kote l vin gen lòt siyifikasyon. M pa konnen nan sans sa a, kòman ou kapab kòmante tou sou travay rechèch ou a?

VC: Monchè, jounalis yo, nou gendwa di laprès, jounalis an jeneral se yon, sa n ta rele yon "caisse de resonance" pou fenomèn n ap pale la yo paske nou sot pale talè a de 'liberasyon lapawòl sosyal' ki fèt aprè '7 fevriye 86'. Ebyen jounalis yo jwe yon gran wòl nan 'liberasyon pawòl sosyal' sa a kote tout moun nan sosye a, tout moun ki pa t janm bò okenn pozisyon, wi politik oubyen ki te toujou rete aleka de kesyon sa yo, tout moun te gen w pawòl pou yo di, tout moun al nan laprès, al nan radyo, nan televizyon , tout moun ap pale e jounalis yo menm, yo jwe yon wòl estraòdinè nan fenomèn k ap pase nan domèn langaj la. Jounalis yo, se yo ki ouvri mikwo yo, oubyen tout moun ki gen yon baay pou yo di e nan baay moun k ap gen pawòl pou yo di a, gen anpil ladan yo ki espesyalis, òm politik k ap vini avèk nouvo konsèp, yo menm tou k ap repèkite tout 'mo nouvo' sa yo, tout sans nouvo ke mo yo kapab genyen, se yo menm ki fè l pase nan sosyete a, "dans l'ensemble de la population". Gen yon seri de mo ki vin pran nouvo sans ke yo pa t genyen. Ou sot mansyone mo 'lavalas' la Védrine. Mwen genyen l tou nan rechèch mwen an. Efektivman, se yon mo ki vin pran yon nouvo sans depi 1990. Gen w bann lòt mo konsa, si n pran yon mo kòm "beton". Beton se yon mo ki te gen plizyè siyifikasyon nan sosyetea men apati de 1986, 87, 88 mo 'beton' an vin pran yon lòt siyifikasyon; li vin genyen tout sans li te gen avan, li kenbe yo men gen yon sans nouvo, yon sans tounèf ki vin grefe sou sa k te la deja yo e sans sa a, li refere a sa n ta kab rele yon "afimasyon politik". Sa vle di si yon moun di kounyeya "ou pran beton an", se pa sèlman pou al nan kanaval sou Chandmas men ou 'pran beton an' pou fè pase yon revandikasyon, pou fè pase yon dwa, pou fè pase yon "priz de pozisyon" ke w genyen. Se nan sans sa a 'beton an' vin pran yon siyifikasyon politik. 'Beton an' se la ke moun defann dwa yo, se youn nan kote moun defann dwa yo, se youn nan kote, kote moun fè pase revandikasyon yo. Donk nou ka di 'beton an' li ranvwaye a yon espas 'afimasyon politik'. Se nan menm kontèks sa a gen w espresyon ki pase an kreyòl e an fransè nou tout konnen ki se "diplomate du beton / diplomat beton". Fò w konnen kisa 'beton an' vle di, kisa li konote.

EV: Se konsa mo sa yo tou, yo pa sèlman rete Ayiti men nou konnen gen yon enpak yo fè sou kreyòl nan dyaspora a, sou Ayisyen k ap viv nan dyaspora a atravè medya a. Nou pran Boston pa ekzanp kote nou tande mo sa yo: 'diplomat beton' nan konjonkti politik la kote Ayisyen ki nan dyaspora a ki pa vwayaje Ayiti souvan men, ki pran mo sa yo tou alafwa pa radyodifizyon.

(Pòz)

Kisa k te pouse w antreprann yon travay konsa?


VC: Sa k te pouse m kòmanse yon travay konsa, se te yon konstatasyon. M konstate ke malgre tout efèvesans ki genyen nan domèn lengwistik la, nan jan popilasyon an pale, nan jan mo yo ap kreye, nan jan mo ap pran nouvo sans baay sa yo, pa t gen w sòt de travay, de rechèch ki te envantorye fenomèn sa a, ki te travay pou li, ki te travay yon dokiman analiz e de sentèz. Bon, nou konnen anpil nan mo sa yo, dispèse nan jounal, yo dispèse sou riban mayetik estasyon radyo ak televizyon men pa gen okenn kote ou ka jwenn yon travay dansanm ki fèt sou yo. M te konstate dabò vid la, e pa gen w liv ki fè yon travay dansanm sou fenomèn nan epi yon bon jou, m di: poukisa m pa kòmanse yon travay konsa? Paske byennavan sa m te toujou konn note baay la; m te konn ap di ak madanm mwen: gade tout mo k ap soti, gade tout mo k ap fèt men pa gen okenn travay ki fèt sou sa. Epi yon bon jou, m di: poukisa m pa kòmanse? E kòm mwen genyen koleksyon jounal, tout sòt jounal (sa k edite Etazini, revi k fèt Pòtoprens, m di bon m ap mete a pwofi tout baz dokimante sa a, pou m eseye fè travay la. Se konsa lè m etidye mo a, m dekri mo a selon jan yo fè sa nan diksyonè men an jeneral m vin avèk sitasyon otè ke m jwenn nan jounal ke m bay pou montre vrèman ke se yon mo ke anpil moun anplwaye oubyen yon mo ke anpil moun vin anplwaye nan yon sans detèmine. Pa ekzanp gen yon mo m note; se mo "acteur" an fransè. Se yon mo ke tout moun konnen, sa yon 'aktè' ye men l gen yon anplwa figire; tout moun ki jwe yon wòl nan w evennman se yon aktè li ye, men yon anplwa espesyalize m vin note ki emèje, ki parèt depi 1986, 87, 88 se lè w anplwaye mo 'aktè' a an referans a "pèp" men lè w di 'pèp', se pa "l'ensemble de la population" non, li refere a "kouch popilè yo", a sa n ta kab rele "mas popilè yo" e trè souvan anpil sektè, anpil moun konsidere 'pèp la' kòm "l'acteur prensipal" oubyen kòm "l'acteur de premier plan". Donk lè m gen "acteur" nan liv mwen an, mwen fè soti aksepsyon sa a, sans espesyalize sa a ke l pran depi 1987, 88 la epi m site kèk estrè. M kwè m site kat ou senk estrè "emprunté à des auteurs différents" kote ke mo a anplwaye nan sans sa a. Donk "l'acteur principal c'est le peuple". Natirèlman, sa a ranvwaye w a yon lòt konsèp ke n ta ka evoke "qui est la théologie de la libération" kote ke nan kouran de panse sa a 'l'acteur principal' yon sosyete se 'pèp la' e lè yo di 'pèp la', se "surtout les couches populaires de la population", "les couches les plus pauvres", "les couches les plus deshérités".

EV: O.K, nan sa pa ekzanp, nou konnen sitiyasyon lengwistik Ayiti a se yon "diglosi" l ye, kote nou gen "2 lang": youn domine lòt, nan yon seri ka espesyal lè nou gade itilizasyon lang fransè ak lang kreyòl. Kòman ou esplike rapò mo sa yo ki ekziste an kreyòl e an fransè: èske yo pase nan toulède lang yo alafwa oubyen nan ki lang yo pase an premye?

VC: Sa a se yon trè bèl kesyon, m byen kontan. Travay sa a m fè a, m fè l an fransè men m te ka chwazi tou pou fè l an kreyòl paske gen sa w ta kab rele yon "entèseksyon"; genyen yon fon komen de mo ki pase nan toude lang yo. Leplisouvan, mo yo fèt nan w kontèks de "kominikasyon" kreyòl anpil fwa, pa ekzanp, si nou pran 'dechoukay', 'dechouke', tout mo sa yo, yo fèt an kreyòl men fransè a vin anrejistre yo, li vin adopte yo, li menm ba yo fòm fransè puiske "de chou quer" alò an kreyòl se "dechouke". An fransè, trè souvan n ap jwenn 'dechouke' ekri "ker" men gen anpil moun ki ekri l tou "quer" donk, yon òtograf fransizant. Kòm m t ap di, gen anpil nan mo sa yo se nan yon kontèks kreyòl yo pran nesans, apre sa yo vin pase an fransè men "à l'inverse" gen anpil nan mo yo tou, se nan w kontèks 'kominikasyon kreyòl'; bon baay la ka fèt nan w kontèk de 'kominikasyon kreyòl' men se yon seri de mo fransè kounyeya ki pral vin pase nan sosyete a, atravè kreyòl ke kreyòl vin adopte. Nou te gendwa pran menm mo n sot pran la a 'dilatwa'; se jan de mo sa yo, yon seri mo ki fransè alorijin men ki pase nan kreyòl, ke tout moun adopte. Donk sa vle di, m ta gendwa fè travay mwen fè a nan kreyòl olye m etidye evolisyon vokabilè fransè a, m ta pral etidye evolisyon vokabilè kreyòl pou menm epòk la.

EV: Nou konnen jan w pale a, ou puize anpil nan jounal e sa ki rapòte nan jounal. Sou teren an, nan kad oral pa ekzanp, kòman ou teste mo sa yo alafwa avè pèp la ki pale lang nan: èske w rete nan jounal, ou al fè tès sou moun yo tou?

VC: Alaverite, esansyèlman, se nan kad "ekri" ke m rete. Alò, natirèlman mwen menm m ap viv nan kominote a, m genyen pwòp konesans pa m de mo yo, pwòp esperyans m fè de mo yo kòm mo ki ekziste, kòm mo ke deplizanpli moun ap anplwaye. Natirèlman, mwen gen pwendvi pèsonèl mwen ke m eseye mete de kote pou m kite pale lòt moun. Lòt moun m kite pale yo, jeneralman se nan jounal, se nan revi, se nan magazin ke nou fè relve sitasyon oubyen mo y ap pale yo men nou gendwa di ke mo nouvo nou pran yo, se mo ki an jeneral nan sosyete a. Natirèlman, gen yon seri de mo, se pa tout kategori nan popilasyon an ki di yo, gen w seri de mo se plis "klas entelektyèl la" ki di yo si n pran w mo kòm "sosyete sivil". Kounyeya tout moun ap pale w de 'sosyete sivil' la an Ayiti.

EV: Ki definisyon l pou kounyeya?

VC: 'Sosyete sivil' la se sa w ta kapab rele "les secteurs organisés de la société" ki t ap poze l kòm yon "contre pouvoir par rapport à l'état, par rapport" a enstans ofisyèl yo. 'Sosyete sivil' la se yon konsèp natirèlman filozofik ki te devlope pa anpil otè dantan lontan men nan sans ke l anplwaye an Ayiti depi 87, 88, 89 se nan sans "de la société des citoyens, la communauté des citoyens" antan ke yon ansanm òganize de sektè nan sosyete a ki pran "des positions de citoyens" ki kab fè pase pwendvi yo pa rapò a sa ke n rele "leta". Si n ta vle, yon 'sosyete sivil' se ta yon sòt de "contre pouvoir" ki la pou leta konnen ke se pa li menm sèl ki la, pou l ta garyonnen jan l vle nan savann nan. Gen w 'sosyete sivil' ki anfas li, k ap fè "des propositions"men ki ap entèvni tou lè l pa dakò avèk de bagay k ap pase pou l di li.

EV: Ou mete yon seri "òganizasyon popilè" nan kad sa a tou?

VC: M pa konnen ki sans ou di li.

EV: Pou fè leta tande revandikasyon yon seri gwoup pa ekzanp.

VC: Wi, bon se sa. Sa n rele 'òganizasyon popilè yo' se sa n rele "groupe de pression", yon lòt nosyon ki trè enpòtan Ayiti. M mete nan liv la tou, yo fè pati de 'sosyete sivil la'. Se yon seri gwoup ki pa fòseman la pou okipe yon fonksyon politik ofisyèl kòm tèl men ki la nan 'sosyete sivil la'; yo gen pwendvi yo, revandikasyon yo, yo gen fristrasyon yo, opinion yo sou yon seri kesyon enben yo fè pase li donk gwoup sa yo fè pati danble se sa yo rele 'sosyete sivil la' e mo 'sosyete sivil la', ou jwenn li an fransè e an kreyòl; tout moun ap pale se 'sosyete sivil' an kreyòl.

EV: O.K. Mèsi! VC. M ap pran yon pòz. - - Se yon bèl travay w ap fè nan kad "leksik kreyòl e fransè" alafwa, pase nou mansyone tèm 'diglosi' a kote nou pa kab pale de 'fransè' pou n ta kite 'kreyòl' dèyè, nou pa ka pale de 'kreyòl' epi pou n ta kite enfliyans 'fransè' dèyè. Kesyon m gen pou ou kounyeya se: kisa w panse de reyaksyon piblik la lè liv sa a sòti, pou y al li travay sa a, espesyalman pa tèlman gen anpil moun ki fè tip rechèch sa a? Bon, mwen kòmanse yon tip travay konsa, yon koleksyon mo tou ki pibliye nan youn nan liv mwen yo: Yon Koudèy Sou Pwoblèm Lekòl Ayiti (1994), yon travay paralèl. Mwen kontan, m wè gen moun k ap fè travay sa a. Kisa w panse de reyaksyon piblik la pa rapò a liv sa a lè l pran lari?

VC: M panse se yon travay ke moun yo ap resevwa byen, pase se yon travay de rechèch, se yon travay petèt ki pral pale de yon seri de fenomèn petèt ke anpil moun sètènman deja obsève nan sosyete a swa ke yo rezone, yo reflechi sou li oubyen yo jis konstate l; sa pa ale pi lwen men m konnen lè travay sa a soti, anpil moun pral di: "a, sa a te yon nesesite, sa a se te yon bezwen, fò te gen yon moun pou te fè travay sa a. Mwen menm, mwen trè optimis, se sa k fè tou menm lè m fatige, monchè, m travay sou li samdi, dimanch; dèfwa m travay ase ta leswa sou li paske m konnen se yon travay anpil moun ap resevwa ak anpil plezi. Fò m di tou se se yon rechèch li ye, se vre men m eseye vize m ta di w yon piblik jeneral. Donk se yon liv, byenke l ap devlope yon metodoloji kanmèm inivèsitè nou ta di men n ap gen yon metodoloji trè rigourez; an menm tan tou, se pa yon liv k ap enterese chèrchè sèlman men se pou nenpòt moun ki ta enterese a sa k ap pase "autour" de yo, ki ta enterese a fenomèn lang nan. M panse se ak anpil enterè l ap gen yon ekzanplè nan men li, l ap feyte li e l ap panse se yon sous de dekouvèt e de juisans pou li pase mwen menm pèsonèlman, m pran anpil plezi lè m ap dekouvri bagay yo, lè m ap ekri baay yo, m pran vrèman anpil plezi. Donk mwen panse ke anpil moun pral pran plezi menm jan avè mwen paske se yon travay kanmèm ki adrese l a tout moun. Se pa sèlman moun k ap fè rechèch ki enterese nan kesyon lengwistik. Donk se tout piblik la, yon ouvray pou tout piblik la ak yon metodoloji kanmèm rigourez.


(Transcribed and edited by Emmanuel W. Védrine)



* Yon lòt
entèvyou ak otè Dictionnaire De L'évolution Du Vocabulaire Français En Haïti (dans le discours politique, économique et social du 7 fev. 1986 à nos jours). (‘Propros recueuillis par Rodney Saint-Eloi’, Le Nouvelliste, lundi 18 déc. 2000).

** Otè: Dictionnaire De L'évolution Du Vocabulaire Français En Haïti (dans le discours politique, économique et social du 7 fev. 1986 à nos jours) (
sommaire)


Tome I (A-K)
Auteur/author/otè: André Vilaire Chéry
Éds.: EDUTEX
204 p.
© 2000


One of the rare research projects conducted in Haiti on 'Kreyòl lexicon'. It was quite a coincidence for me when I met André Vilaire Chéry last year (Dec. 1999) during a visit at Indiana University where he talked to me about this research and I realized that it was important to interview him in order to share with the public his ideas. Chéry is not new in the field of 'Kreyòl lexicon'; he is also one of the editors of the dictionary entitled Dictionnaire de l'écolier haïtien (published by Hachette - Deschamps) and many other teaching materials in Kreyòl.

(Emmanuel W. Védrine)


© E. W. Védrine, 2000-2001


Emmanuel W. Védrine
E. W. VEDRINE CREOLE PROJECT, Inc.
P.O.Box 255110
Dorchester, MA 02125-5110 (U.S)
evedrine@hotmail.com