E. W. VEDRINE: Kèk kesyon pou ouvè deba sou pwoblèm edikasyon Ayiti
|
Kèk kesyon pou ouvè deba sou pwoblèm edikasyon Ayiti |
|
|
|
Emmanuel W. Védrine |
|
|
|
29 sept. 1998 |
|
|
|
Nou ka poze kesyon sa yo:
1) Kisa refòm lekòl ye?
2) Kilès ki gen monopòl lekòl la Ayiti: leta oubyen sektè prive a?
3) Kisa Konstitisyon 1987 la di sou lekòl ak edikasyon?
4) Ki tip preparasyon anseyan ayisyen genyen avan yo kòmanse anseye (nan nivo elemantè, segondè ou siperyè)?
5) Elèv ki rive konplete nivo segondè a, èske yo resevwa yon edikasyon pratik (apre yo fin pase 14 ane sou ban lekòl)?
6) Kisa k pa mache nan korikilòm lekòl Ayiti (nan tout nivo)?. Èske korikilòm sa a reflete reyalite ayisyèn nan oubyen èske l pratik?
7) Èske leta reyèlman konsène pou l kreye lekòl gratis, bonjan lekòl nan tout rakwen peyi a pou tout timoun antre gratis ti cheri e san grese pa t pesonn pou achte yon plas pou yo?
8) Èske leta gen yon près pou enprime materyèl didaktik pou ede elèv ki pa ka achte liv? Si l gen youn, èske l ap fonksyone kounyeya?
9) Kilè leta pral fè l obligatwa pou tout timoun laj 5-16 zan oubyen 5-18 tan pou anndan yon lekòl kèlkonk?
10) Ki tip pwoblèm elèv ayisyen konfwonte lè y al lekòl nan peyi etranje?
11) Sou kesyon lang (kreyòl, fransè), èske se yon pwoblèm ki kenbe elèv tout bon pou pa vanse lekòl oubyen se yon kesyon aksè majorite elèv pa genyen pou al lekòl oubyen se jis yon chemen kout pou divòse de reyalite politik la?
12) Èske se pa ta yon bèl ide pou leta pase yon lwa ki ta fè sèvis kominotè vin yon bagay obligatwa?
La a, leta ta ka itilize pa ekzanp elèv ki konplete nivo bakaloreya pou angaje yo nan kèk travay kominotè tèlke: patisipe nan kanpay alfabetizasyon (si ap gen youn tout bon yon lè) atravè peyi a, angaje yo nan nenpòt tip travay leta ta tanmen (nan lavni) pou benefis peyi a. Pa bliye peyi tèlke Almay, Lafrans... itilize sèvis kominotè. Sa mache! Epitou, nan ka Ayiti, se yon bagay ki ka ede gouvèlman an ekonomize nan bidjè peyi a (anka si y ap gen youn alontèm). Sa fè pati de sa n ka rele resous imèn, ki yon bagay enpòtan nan devlopman Ayiti (nan tout nivo) oubyen sa n ka rele: grès kochon an kwit kochon an. An retou, leta ta dwe ede elèv sa yo (tèlke ba yo ti kòb ak lojman epi pi devan, sa ta ka sèvi kòm yon obligasyon avan pou pran yon pòs nan leta).
(© E. W. Védrine, 1998) |
|
|
|
Koutwazi:
E. W. VEDRINE CREOLE PROJECT, Inc.
P.O.Box 255110
Dorchester, MA 02125-5110 (U.S.)
Imel: evedrine@hotmail.com
Pajwèb: http://hometown.aol.com/ewvedrine/Dizan.htm |
|