Main

 
Lč dife patisipasyon nan REKA ap tenyen

Lè dife patisipasyon nan REKA ap tenyen

 

Emmanuel W. Védrine

 

Ivè 2000 

 

« ...REKA nan ka! Nou koumanse ak anpil boulin. Nou jwenn bon konkou nan men «Windows on Haiti», nou layite kèk nòt pou laprès epi nou reyisi yon bèl rankont ane pase nan miyami. Men, depi rankont sa a, olye kominikasyon vin pi fasil, se plis difilkilte ki tanmen. Menm onivo fowòm lib la se yon lè konsa li pran chè epi apre sa tout moun kalma ». (Jafrikayiti).


M remake jeran an genlè pa fè efò pou l poste rapid mesaj yo voye bay lis REKA («Rezo Entènèt Kreyolis Ayisyen») pou dife a pa tenyen. Lè mesaj yo parèt (omwen pou REKA ta lage yo chak jou), sa ta rann abòne yo okipe pou reponn, pou fè aktivite mache nan lis la (menm jan sa fèt nan lòt lis).

Gen anpil bagay pou n diskite sou Ayiti (malgre gen moun ki pa renmen bay «ide politik» yo - bon, mwen menm se sou bit «chanjman» an mwen kanpe, epi m epole tout moun serye m wè k vle travay nan devlopman ak prestij Ayiti. Si yon moun konnen l se magouyè epi l ta renmen bagay yo pa chanje Ayti, enben mwen tou pwofite voye «Matye 4:10» pou li) men si n reyèlman vle wè devlopman pou Ayiti, fò n kòmante sou koze yo; se pa ret dèyè rido.

Nou rive nan yon enpas kote n bezwen «modèl» nan Venteyinyèm Syèk, nou bezwen gason ak fanm dyanm ki pa p fè «literati» (pale anpil) men «aksyon» pou ede Ayiti epi m kwè l enpòtan pou n eseye travay ak etranje k ap eseye ede Ayiti: nou dwe aprann sipòte yo, travay ak yo, ba yo kout men pou yo pa dekouraje pase se Ayiti k ap benefisye de travay sa yo.

Travay la di pou mete Ayiti sou pye. Aristid sèl ak gouvèlman l lan (zòt ap eseye bòykote depi avan l monte) pa ka fè travay la sèl. Ann sipòte kòz Ayiti, kòz majorite moun ki bezwen èd nou, ann aprann travay an gwoup nan benefis Ayiti (wete tout vye prejije, ògèy (lemwa) nan nou pou n wè se yon «drapo» n ap sipòte). Lè Ayiti va bèl, tout moun va kontan pou di yo se «Ayisyen» men si m pa bay koutmen pa m jodiya, ou pa bay pa w anben peyi a pa p janm bèl. Ann pale de «òganizasyon» sou lis la, sou fowòm Guy Antoine monte pou nou, ann «drese tout vye lide k opoze a chanjman» Ayisyen konsekan atann yo, ann «drese tout vye lide k bwete» sou fowòm nan.

Pa Bliye (PB): youn nan gwo pwoblèm soudevlopman Ayiti se «Mantalite Pèp Ayisyen» (se pa «lajan» ak «resous» nou manke; dayè se «Ayisyen» ki resous pi enpòtan nan devlopman Ayiti). «Mantalite» sa a dwe chanje. Ann gade yon seri kilti kijan moun yo ye (ekz., nan «kilti azyatik»: se an gwoup moun yo travay pou reyisi, ann gade sa k kenbe «Izrayèl»). Patisipe nan pwogram radyo nan kominote kote w ye a, fè mikwo ouvè, kreye yon atmosfè pou fè pwofesyonèl ayisyen retounen pot konesans yo o sèvis kominote yo, al bay konferans nan lekòl kote k gen ti Ayisyen / ide pou devlope sant «tutoring» (pou ede yo ak devwa) pou kòmanse prepare yo pou kolèj e oryante yo nan karyè yo, rale zòrèy pwofesè ayisyen (sitou sa k nan «pwogram bileng» pou yo vin nan radyo / televizyon pou yo pale n de travay yo kijan elèv yo ap boule, konbyen k jwenn bous pou kolèj, ki pwoblèm kèk ap konfwonte e kijan kominote a ka ede yo).

Nou gen plizyè santèn sèvo k fin kolèj, nou dwe al konsyantize ti Ayisyen sa yo pou fè yo vin sèvi kominote a, pou yo fè yo panse a Ayiti (pou bay patisipasyon yo).

Gen yon «Ministè Dyaspora» Ayiti; ann voye ide ba li, ann fòme delagasyon pou al chita pale ak li pou wè kisa nou menm lòtbò dlo ka fè pou ede ministè a, ann al tande sa l gen nan dyakout li pou devlopman Ayiti.

Angwo, jeran an va pran koze sa yo an konsiderasyon (san grate tèt) pou l poste koze yo voye ba li pi vit posib. Nou konnen l okipe men se tout moun ki okipe, nou tout se sakrifis n ap fè. Jis patisipe regilyèman nan deba lis sa a, se yon apresyasyon l ye. Tanpi pou moun ki pè bay ide yo (sèke yo pa t janm gen youn nan kalbas tèt yo: li lojik; si m limen yon lanp, se pa anba yon kabann pou m ta mete men sou yon tab pou l klere.

Gade nouvote nan pajwèb sa a (
Dizan.htm) kòm modèl kijan pou chèrchè / kreyolis / ekriven / pwofesyonèl aprann òganize travay yo epi lage yo sou entènèt la pou moun jwenn aksè a yo, pou ede elèv lekòl, moun k ap fè rechèch sou Ayiti e pi devan lekòl Ayiti lè entènèt la va vale teren. Ann panse tou kijan nou kapab tabli yon «laboratwa konpitè» Ayiti (petèt nan Bibliyotèk Nasyonal oubyen yon kote leta ta bay pou fè sa, dekwa pou elèv Ayiti gen aksè a tout rechèch sou entènèt la).

M swete n ap anbrase ide kreyasyon laboratwa konpitè sa a epi ann vin ak yon lis Ayisyen k espesyalize nan konpitè pou ta pote espètiz yo nan domèn sa a pou n anvayi Ayiti ak konpitè pou jèn yo e pou moun k ap fè rechèch) .

Yon kout chapo pou ekip «MIT2» k ap feraye nan lansman lang kreyòl yo.


© Emmanuel W. Védrine, ivè 2000

 

 

Emmanuel W. Védrine
E. W. VEDRINE CREOLE PROJECT, Inc.
P.O.Box 255110
Dorchester, MA 02125-5110 (U.S)
evedrine@hotmail.com