MASON, Marilyn. 2000. Paper presented at Montreal's International Creole Day Celebration sponsored by KIPKAA (Komite Inisyativ pou Kore Alfabetizasyon ann Ayiti), Centre St. Pierre, Salle Visitation, 1212, rue Panet, Montréal, Quebec, CANADA on October 28, 2000.
Kreyòl ak Teknoloji: Zanmi oswa lennmi?
pa MARILYN P. MASON
Bonswa Tout Moun!
Se yon gwo privilèj pou m patisipe nan bèl selebrasyon XVIIIÈ (dizuityèm) anivèsè Jounen Entènasyonal Kreyòl, ki reprezante IIIÈ (twazyèm) ane konsekitif KIPKAA ap selebre l isit nan lakou Monreyal.
Ane pase a m te selebre XVIIÈ (dizsetyèm) anivèsè Jounen Entènasyonal Kreyòl la nan zile Sechèl ki sitiye toupre Lafrik, nan Osyen Endyen. Ane pase a m te pale o sijè:
Teknoloji + Konpitè + Entènèt = bon lavni pou Kreyòl !
Ane sa a, nan lakou Monreyal, m pale o sijè:
Kreyòl ak Teknoloji: Zanmi oswa lennmi?
Gen kèk pwofesyonèl Ayisyen ki konsène sou kesyon Kreyòl la. Yo panse Kreyòl la kapab pa alawotè pou l koresponn ak defi teknoloji a epi tou teknoloji kapab pa alawotè pou l koresponn ak defi Kreyòl la. Mwen ta renmen pote bon nouvèl pou nou! Nouvèl ki soti nan bon jan esperyans!
Kreyòl se yon lang tout bon, met sou sa, yo kapab kreye tout kalite zouti sou òdinatè yo kreye pou lòt gwo lang yo, pou kreyòl la tou.
Ki kalite zouti sou òdinatè ki deja egziste pou lòt gwo lang yo? Gen anpil sistèm teknoloji tankou: sistèm rekonesans vokal; sistèm sentèz vokal; sistèm tradiksyon otomatik; sistèm rekonesans optik (OCR); sistèm wòkflo pou redaksyon e tradiskyon; zouti jesyon tèminoloji miltilang; verifikatè òtograf; zouti èd redaksyon e tradiksyon.
Pouki pa bèl kalite zouti sou òdinatè sa yo poko egziste pou lang Kreyòl la?
Dapre mwen menm, pwoblèm nan pa nan Kreyòl la, ni li pa nan teknoloji a !
M kwè gen omwens 3 (twa) gwo obstak pou nou monte pou jou a va rive pou n jwenn bèl kalite zouti sou òdinatè konsa pou lang Kreyòl la:
Pwoblèm 1 - Nou Manke Estandadizasyon:
Poukisa sosyete telekominikasyon entènasyonal ki rele "Nortel" la te depanse anpil lajan pandan 3 lane pou estandadize tèminoloji e vokabilè lang angle nan domèn li pou nouvo rezo zouti redaksyon e tradiksyon li pou sis lang? Se yon gran sosyete lokalizasyon ki rele "LionBridge" ki vin reachte tout pwojè teknoloji lang 'Nortel'.
Poukisa sosyete entènasyonal ki rele "Caterpillar" ki fabrike machinri lou ak motè te depanse anpil lajan pandan 10 lane pou estandadize tèminoloji e vokabilè lang angle nan domèn li pou nouvo rezo zouti redaksyon e tradiksyon li jiska kenz lang?
Poukisa sosyete entènasyonal ki pi gran nan lemonn ki rele "General Motors" te depanse anpil lajan pandan 6 lane pou estandadize tèminoloji e vokabilè lang angle nan domèn li pou nouvo rezo zouti redaksyon e tradiksyon li pou plizyè lang?
Poukisa sosyete entènasyonal "Diebold" ki fè travay sou tranzaksyon sekirite bankè te fè yon pwojè pandan 4 lane pou estandadize tèminoloji e vokabilè lang angle nan domèn li pou nouvo rezo zouti redaksyon e tradiksyon li pou plizyè lang?
Poukisa Association Européenne des Constructeurs de Matériel Aérospatial (AECMA) [yon asosyasyon entènasyonal pou endistri ayewonotik ki reprezante pa sosyete tankou: "Boeing, Canadair, BritishAir, Aérospatiale, Hughes, Pratt & Whitney", etc)] fè yon travay sou estandadizasyon tèminoloji e vokabilè lang angle nan domèn li depi lèzane 70 pou tout redaktè nan domèn ayewonotik e pou nouvo rezo zouti redaksyon?
Poukisa plizyè gouvènman nan lemonn te deside senplifye lang ekri pou sitwayen yo?
Gen yon repons prensipal pou eksplike envestisman yo nan estandadizasyon tèminoloji e vokabilè yo. Si lang ekri a pa estandadize, li pa posib pou itilize zouti òdinatè pou travay sou dokiman.
Li pa posib pou kreye yon sistèm e fè travay redaksyon san estandadizasyon vokabilè ekri.
Li pa posib pou kreye yon sistèm rekonesans vokal san estandadizasyon vokabilè ekri.
Li pa posib pou kreye yon verifikatè otògraf san estandadizasyon vokabilè ekri.
Li pa posib pou kreye yon motè rechèch puisan sou lang Kreyòl san estandadizasyon vokabilè ekri.
Li pa posib pou kreye yon sistèm dyalòg telefonik pou konprann vwa natif-natal Kreyòl san estandadizasyon vokabilè ekri.
Li pa posib pou montre tout Ayisyen yon kowerans e yon otògraf konsistan pou lang Kreyòl san estandadizasyon vokabilè ekri.
Donk, san estandadizasyon vokabilè ekri, li pa posib pou kreye tout zouti enfòmatik yo ki kapab ede tout Ayisyen nan dyaspora a pou fè meyè travay nan lang natif-natal yo.
E poukisa se lang entènasyonal yo tankou angle, franse, alman, panyòl ki kapab benefisye avansman zouti tèknoloji yo? Paske moun ki okipe pozisyon enpòtan nan sosyete (konpayi) sa yo e nan gouvènman te deside met anfaz sou enpòtans lang lan.
Gen tout posiblite pou kreye tout teknoloji pou ede tout travay pwodiktif e tout aktivite pèsonèl ke n ap fè nan lang Kreyòl ekri e lang Kreyòl oral. Men, si lang ekri a pa estandadize, li pa posib pou kreye zouti fonksyonèl.
Epi, si nou kreye zouti konsa san yon lang estandadize, rezilta n ap jwenn se: enpresyon ke se pa yon lang nòmal.
Donk, li nesesè pou travay sou estandadizasyon vokabilè ekri, menm si menm mo ekri a pwononse diferan pa plizyè Ayisyen, pou kreye tout zouti fonksyonèl ki kapab ede Ayisyen nan aktivite toulejou yo.
E si tout moun ki pa natif-natal kòm mwen pa egzamp te posede zouti redaksyon pou Kreyòl, li ta posib pou ekri kòrèkteman nan lang lan san devine toutan kijan pou eple yon mo.
Pwoblèm 2 - Nou Manke Lajan:
Pèmèt mwen sèvi avèk yon egzanp mwen konnen si byen! Egzanp eseye kapitalize inisyativ MIT2, ti konpayi m dirije nan vil Boston, Ozetazini.
"Mason Integrated Technologies" (MIT2) ap fè wout li vè lavni.
Kòm espwa kontinye blayi atravè glòb la pou MIT2 mete l pre pou pwodui epi pote nan mache a sòfwè anpil lang ak kilti nan lemonn bezwen an pou yo kapab janbe nan yon "nouvo" ekonomi, MIT2 ap pran plizye desizyon nesesè pou asire enfrastrikti ak sistèm entèn li yo kapab sipòte pwa espansyon l ki prevwa.
Epi mezi sa yo vin avèk yon etikèt enòm.
Nou deja garanti sèvis legal yon ekip ki gen esperyans nan mennen yon ti konpayi nan wout gran piblik la.
N ap ogmante pwosedi kontablite finansyè nou ak pratik ki akonpaye yo.
N ap vin ak yon ofisye finansyè ki gen plizyè ane esperyans nan administre fon nan yon gran bank entènasyonal; e manm ki pi resan nan Komite Konsiltatif nou an, li pa sèlman yon espè nan sistèm tradiksyon otomatik, men Direktè Devlopman Biznis nan pozisyon aktyèl li.
N ap prepare n pou ogmante dokiman nou ak pwochen desizyon k gen pou pran pou met lajan nou kote bouch nou ye.
Yon sèl bagay - - jiska prezan - - MIT2 prèske depann totalman de kontribisyon finansyè m ak pitit gason m David (baze sou sa nou mete apa nan salè jounalye n epitou de sa n ka prete) pandan plizyè, plizyè ane - - e travay volontè m tou pandan plizyè deseni.
Pandan tout ane "akonplisman MIT2", konpayi an pa janm resevwa plis pase $77,500 kòm kapital envestisman fòmèl ki sot lòt kote (andeyò fanmi Mason).
E, sa pa ka kontinye pou pi lontan. Nou menm, Mason yo, nou pa janm gen yon baz ekonomik pou kòmanse e gen plizyè fason yon ti fanmi kapab sentre ren l. David avè m menm retire kòb nan pwòp fon retrèt nou jis pou met MIT2 kote l ye a.
Anplis, lòt akonplisman ki vo plizyè milye dola ak sakrifis volontè nan travay Manm Komite Direksyon yo ak Patnè Estratejik yo fè MIT2 vanse pou l nan pozisyon mondyal repite li ye aktyèlman o non devlopman sòfwè lang kreyòl yo.
Kèk ladan yo bay deja plizyè santèn èdtan nan tan lib yo pou sipòte MIT2 ak lang kreyòl yo.
Men, souple note sa. Paske MIT2 pran teni yon antrepriz komèsyal pou mete an aplikasyon teknoloji l nan lavni atravè tout sektè sosyal e ekonomik nan peyi akèy yo ak teritwa, MIT2 aktyèlman vin ralanti plis nan poste anons "desizyon l pral pran apre" atravè lis imel piblik e nan diskisyon sou fowòm.
Poukisa? Paske enfòmasyon konsènan nòt pou laprès la parèt twò komèsyal.
Sa pote yon ti souri nan vizaj mwen. Depi kilè yon moun janm vin rich nan pwomote ak sipòte kilti Kreyòl yo ak lang?
MIT2 pa diferan de nenpòt lòt konpayi ki bay sèvis (Òganizasyon Non-Gouvènmantal [ONG], edikasyonèl, relijye) nan domèn lang ak kilti Kreyòl yo.
Plis lajan dwe envesti e depanse davans anvan envestisè yo ta resevwa NENPÒT kòb ki sot nan pwodui ak sèvis vant ki sipòte lang ak kilti ki ravaje istorikman pa ekonomi peyi pi devlope yo ak pwòp enterè pa yo - - kòmanse depi epòk kolonyal rive jounen jodi a.
M sijere moun ki ta deja kalifye MIT2 kòm yon plan pou "vin rich rapid" sou tèt sosyete fèb, majinalize yo pou ta jete yon lòt koudèy sou MIT2.
Okenn nan Manm Komite Direksyon nou yo ki nan lis pajwèb nou an pa touche senk pou travay yo, men yo bay yon pati nan tan lib presye yo (andeyò travay anplentan yo, prèske tout nan yo) pou sipòte MIT2.
Kèk nan yo se tòp lidè nan domèn yo espesyalize, e deja yo bay MIT2 tan lib yo e pou lang ki pa pratike nan yon echèl pi laj.
Angajman yo pa baze sou vorasite oubyen sou fason pou fè lajan rapid, men yo konprann klèman objektif konkrè MIT2 sèlman kapab atenn alontèm pou vid sa a nan ekonomi miltileng langaj Kreyòl nan sosyete jodi a ki baze sou enfòmasyon.
Si MIT2 ta gen pou l vin yon pèt ba nivo finans e sipò moral andeyò de fanmi Mason, Komite Direksyon MIT2 ak Konseye yo, Patnè Estratejik yo ak yon ponyen envestisè, m ta poze kesyon sa a:
Kilè ankò nan vi nou yon lòt antrepriz (ki pran anviwon 30 ane klandesten, akvite k mande sakrifis pou rive jwenn vrè baz ak rezo anplas la) repanse pou sipòte kapabilite komèsyal lang Kreyòl yo nan venteyinyèm syèk?
M gen konfyans nan nou tout ki sousye de lang Kreyòl yo pou reflechi sou kesyon adisyonèl sa yo:
- Ou vle Bib, diksyonè, gramè, literati ak lòt tèks pou yo ta nan òtograf gouvènman nasyonal yo asepte e sipòte aktyèlman?
- Èske ou ta renmen wè yon estandadizasyon nan tèks yo pou chak lang kreyòl pou kapab fè trening ak lòt jenerasyon k pale kreyòl yo nan lemonn? Pou tèks sa yo ta ka aksesib atravè konpitè?
- Èske l ta nesesè pou tout moun ki enterese nan sipòte kapasite pwòp lang Kreyòl yo ta trè konpetan nan plizyè òtograf pwòp lang matènèl yo jis pou yo ka kontante yo de "richès" literati k pwodui pandan plizyè ane nan lang Kreyòl yo pale?
- Èske n vle materyèl didaktik nan korikilòm pou Ayisyen ann Ayiti (e nan dyaspora Ayisyen an ki enkli 2 milyon Ayisyen) sipòte Lwa 1979 la sou òtograf Kreyòl la?
- Poukisa sistèm lekòl nan sid Florid, Masachouzèts, Nouyòk, pwovens Kebèk, elatriye pa kab mete nan etajè yo liv an Kreyòl Ayisyen ak literati nan yon òtograf estandadize pou kapab obeyi lwa lokal yo nan rejyon sa yo ki sipòte divèsite lengwistik lang minoritè elèv yo?
- Èske biwo administratif / edikasyonèl / gouvènmantal dwe kontinye fè tout antre done (data-entry) alamachin kote MIT2 gentan devlope deja Sistèm Rekonesans Optik (OCR) pou eskane tèks ak to presizyon trè elve pou plizyè lang Kreyòl?
Note: sa jis gen kèk jou, 19 oktòb 2000, Sistèm Nasyonal Edikasyon Fransè anonse yon nouvo pwogram trening nasyonal pou anseyan lang ak kilti Kreyòl yo, pou sipòte 4 depatman fransè lòtbò dlo (ekivalan a eta ki pa jewografikman konekte ak Etazini kouwè Hawaii ak Alaska) kote tout pale Kreyòl.
Anplis, Enstiti Etid Kreyòl "Université de Provence" (sid Lafrans) anonse nan bilten trimèstriyèl li (oktòb 2000) yon nouvo "Lang Kreyòl ak kilti" diplòm inivèsitè an kolaborasyon ak enstiti trening pou anseyan lokal ki fè pati pwogram trening nasyonal pou anseyan.
E nan mitan tout desizyon enpòtan sa yo gouvènman fransè a pran pou sipòte 4 depatman lòtbò dlo l yo ki pale Kreyòl (1,670,000 moun ki pale Kreyòl nan 4 zile + tout moun ki pale Kreyòl k ap viv e k ap travay an Frans), MIT2, yon konpayi, toujou rete sèl enstitisyon nan lemonn pou founi tout yon seri pwogram sòfwè ak aplikasyon pou sipòte lang atravè efò pwogram trening nasyonal sa yo.
Rezondèt Biznis ("business case") la ap grandi chak jou pou pwodui ak sèvis MIT2 ka founi, e ki nesesè pou tip pwogram trening sa yo e pou gran piblik la tou.
MIT2 bezwen plis sipò finansyè kounye a pou l ka kouvri baz prensipal li yo e pou fè tranzisyon an ak plizyè pwodui e sèvis ki detaye klèman nan nouvo Plan Biznis MIT2 ke Jeff Allen ekri pou MIT2 nan mwa jiyè/out 2000. Aktyèlman l ap travay sou yon bouyon vèsyon revize Plan Biznis sa a k ap gen ladan anpil bèl graf ki montre bezwen yon mache enòm selon done ak enfòmasyon ki soti nan resous ekstèn.
MIT2 pa p kapab siviv pi lontan san pa gen plis envestisman finansyè e semans kapital nan moman kritik sa a.
Men, se pa sèlman MIT2 ki soufri anba reyalite mank lajan sa a.
Pwoblèm sa a egziste toupatou!
Ki kote lajan sa a pral parèt? Lajan nou tout ki sèvi pwomote lang Kreyòl bezwen anpil?
Pwoblèm 3 - Nou Manke Kowòdinasyon ak Kolaborasyon:
Nou vrèman bezwen moun ki pale Kreyòl yo, pwofesyonèl ak edikatè k ap sèvi ak lang Kreyòl la, ap ka met tèt yo ansanm pou yo kreye zouti ki nesesè e nou bezwen anpil yo.
Ann travay ansanm pou nou ka fè moun wè Kreyòl ak Teknoloji kapab:
(1) vin bon zanmi, epi
(2) zouti ki devlope pou travay ak lang Kreyòl la kabab vin yon egzanp nan devlopman teknolji sa yo pou lòt kalite Kreyòl. An menm tan tou, devlopman sa yo kapab sèvi moun ki fè pati yon gwoup minoritè ak moun ki pale lang manman yo.
Kreyòl Ayisyen an kapab pran devan nan domèn sa a.