Albert Valdman and Frankétienne at Montreal Creole Month 2002
|
KOMITE INISYATIV POU KORE ALFABETIZASYON ANN AYITI (KIPKAA)
COMITÉ D'INITIATIVES POUR SOUTENIR L'ALPHABÉTISATION EN HAITI OU KIPKAA EN CRÉOLE |
|
|
|
kreyòl / créole / Creole | franse / français / French | angle / anglais / English |
|
|
|
KOMINIKE
Monreyal, jou ki 14 out 2002 |
|
|
|
ALBÈ VALDMANN AK FRANKETYÈN:
ENVITE DONÈ NAN MWA LANG KREYÒL
MONREYAL LA
5 oktòb 2002, ki se dat inogirasyon Mwa Kreyòl Monreyal la, se pral yon gran jou
pou tout kreyolis. Pwofesè ALBÈ VALDMANN (Albert Valdman), k ap anseye nan Inivèsite Indiana, visprezidan entènasyonal Etid Kreyòl, lenguis entènasyonalman koni, aksepte envitasyon KIPKAA pou vini kòm prensipal konferansye nan inogirasyon sa a. Konferans lan pral dewoule sou kreyòl ayisyen an, sètadi: istwa l, aspè lenguistik li, frè marasa l yo nan zile franse ak loseyan endyen yo, plas li nan sistèm edikasyon ak pwogram alfabetizasyon nan peyi d Ayiti.
Tandiske 26 oktòb, se pral yon lòt jounen san parèy nan istwa selebrasyon kreyòl nan Monreyal, pwofesè FRANKETYÈN, ki se otè «DEZAFI», (premye woman literati lang kreyòl la), atis, powèt, dramatij, ekritè entènasyonalman koni e otè 37 liv, pami yo «PÈLENTÈT», aksepte fè kominote kreyolofòn Monreyal yo onè, pou vini pwononse denyè gran konferans ki pwograme nan Kalandriye Mwa Kreyòl Monreyal la. Tèm konferans (espektak) lan se: «Enpòtans teyat kreyòl an Ayiti. Yon koutje sou teyat Franketyèn».
Pral gen plizyè lòt entèvansyon ak anpil lòt aktivite, tankou pyès teyat sou brasewòs, pyès teyat pou fè moun ri ra zorèy, espozisyon liv ak penti, resital pwezi,chante, vant siyati liv Franketyèn elatriye. De gran aktivite sa a yo, pral òganize pa KIPKAA an kolaborasyon
ak Depatman Lenguistik e Tradiksyon Inivèsite Monreyal. N ap tann tout moun. Kèlkanswa kote ou ye sou planèt la.
Adrès:
Inivèsite Monreyal
Paviyon Jean-Brillant
3200, Ri Jean-Brillant
5 oktòb: Sal B-2245 - 26 oktòb: Sal B-0215
Lè: depi 2è30 lapremi jiska 10 diswa
Frè dokimantasyon: $15 dola
Tel & rezèvasyon: (450) 651-0157
Imel: kipkaa@attcanada.ca
Pou tout lòt aktivite yo, soti 1e pou rive 28 oktòb, ki nan Kalandriye Mwa Kreyòl Monreyal la, enfòmasyon yo pral disponib nan kòmansman mwa septanm lan.
Tcheke paj wèb KIPKAA yo:
http://hometown.aol.com/mit2kreyol/Index5-kr.html
http://hometown.aol.com/mit2kreyol/Index5-fr.html
http://hometown.aol.com/mit2kreyol/Index5-eng.html |
|
|
|
|
|
COMMUNIQUÉ
Montréal, le 14 août 2002 |
|
|
|
ALBERT VALDMAN ET FRANKÉTIENNE:
INVITÉS D'HONNEUR AU MOIS DE LA LANGUE CRÉOLE À MONTRÉAL
Le 5 octobre prochain, journée inaugurale du Mois de la Langue Créole à Montréal,
les amoureux de cette langue auront le grand plaisir d'accueillir le professeur ALBERT VALDMAN, de l'Université d'Indiana, vice-président International des Études Créoles
et linguiste de réputation internationale. Ce dernier a accepté l'invitation du KIPKAA de prononcer une conférence sur le Créole haïtien: son histoire, ses aspects linguistiques,
ses frères siamois des Antilles françaises et de l'Océan indien, sa place dans le système d'éducation et les programmes d'alphabétisation en Haïti.
Tandis que le 26 octobre, le professeur FRANKÉTIENNE, auteur de «DEZAFI», (le premier roman de la littérature créole), romancier, artiste, poète, dramaturge et auteurs de plusieurs autres titres à succès, dont «PÉLENTÈT», donnera une conférence (spectacle) sur le thème: «IMPORTANCE DU THÉÂTRE EN LANGUE CRÉOLE EN HAÏTI - REGARD SUR LE THÉÂTRE DE FRANKÉTIENNE».
Il y aura plusieurs autres intervenants et activités à caractères académiques et culturels: expositions de livres et de peintures, pièces de théâtre, récital de poésie, chants, vente de signature de plusieurs livres de Frankétienne et autres. Ces deux événements du Calendrier du Mois de la célébration Mondiale du créole à Montréal seront organisés par le KIPKAA avec la collaboration du Dept de linguistique et de traduction de l'Université de Montréal. Bienvenue à tous!
Adresse:
Université de Montréal
Pavillon Jean-Brillant
3200, Rue Jean-Brillant
5 oct.: salle B-2245 - 26 oct: salle B-0215
Heure: 14H30 À 22H00
Frais documentation: $15
Tél. & réservation: (450) 651-0157
Courriel: kipkaa@attcanada.ca
Pour les autres activités programmées du 1 au 28 octobre dans le calendrier, prière de consulter ces pages web du KIPKAA à partir du début du mois de septembre:
http://hometown.aol.com/mit2kreyol/Index5-kr.html
http://hometown.aol.com/mit2kreyol/Index5-fr.html
http://hometown.aol.com/mit2kreyol/Index5-eng.html |
|
|
|
|
|
COMMUNICATION
Montreal, 14 August 2002 |
|
|
|
ALBERT VALDMAN AND FRANKÉTIENNE:
HONORED INVITEES TO MONTREAL'S CREOLE LANGUAGE MONTH
5 October 2002, which is the inauguration date of Montreal's Creole Language Month, will be a great day for all Creolists. Professor ALBERT VALDMAN, Director of the Creole Institute at Indiana University, International Vice-President of Études Créoles, and world-renowned linguist, has accepted KIPKAA's invitation to be the featured speaker for this inaugural event. This conference will focus on Haitian Creole, that is to say: its history, its linguistic aspects, its Siamese-twin relationship to Creole languages in the West Indies and Indian Ocean, and its place within the educational system and literacy programs of Haiti.
However, 26 October will be a day unlike any other in the history of Creole celebrations
in Montreal. Professor FRANKÉTIENNE, author of «DEZAFI» (the first novel in Creole literature), artist, poet, dramatist, and world-renowned author of 37 books (among them, «PÈLENTÈT») has accepted to honor the Creolophone community in Montreal by his presence and participation in the final large conference to be scheduled in this year's Creole Month Calendar. The title for this conference (spectacular event) is: «The Importance of Creole Theater in Haiti. A Look at the Theater of Frankétienne».
There will be many other programs, events and cultural activities, such as dramatic and comedy sketches, poetry recitals, special music, painting and book expositions, a book signing by Frankétienne, etc. All of these wonderful activities will be organized by KIPKAA, in collaboration with the Department of Linguistics and Translation of the University of Montreal. All are welcome, no matter where you live on the planet!
Location:
University of Montreal
Jean-Brillant Pavilion
3200, Jean-Brillant Street
5 October: Room B-2245 - 26 October: Room B-0215
Time: 2:30 PM - 10:00 PM
Admission Fee: $15 Canadian
Tel & reservations: (450) 651-0157
E-mail: kipkaa@attcanada.ca
For all other activities, beginning on October 1st and ending on October 28th, which are included in the Montreal Creole Month Calendar, more information will become available at the beginning of the month of September. Check KIPKAA's Webpage:
http://hometown.aol.com/mit2kreyol/Index5-kr.html
http://hometown.aol.com/mit2kreyol/Index5-fr.html
http://hometown.aol.com/mit2kreyol/Index5-eng.html |
|
|
|
|
|
KIPKAA
C.P. 65060, Succ. Place Longueuil
Longueuil, Québec, J4K 5J4
Tel / Tél / Tel: (450) 651-0157
Imel / Courriel / E-mail: kipkaa@attcanada.ca |
|
|
|
|
|