KIPKAA International Creole Day - Haitian Creole Version
|
Selebrasyon Jounen Entènasyonal Kreyòl la nan Lakou Monreyal |
|
28 oktòb 2000
Pwogram 2001
Liv Foto 2000
Nòt KIPKAA 2000
Pwogram 2000 |
|
|
|
angle |

|
franse |
|
Òganize pa KIPKAA*
(Komite Inisyativ pou Kore Alfabetizasyon ann Ayiti)
Centre St. Pierre
Salle Visitation
1212, rue Panet
Montréal, Quebec, CANADA
Entwodiksyon
Twazyèm edisyon Selebrasyon Jounen Entènasyonal Kreyòl la, se travay yon bann zanmi kamarad ki konprann toutotan lang kreyòl la pa jwenn plas li merite nan sosyete ayisyèn nan, pwoblèm pa konn li ak ekri, pwoblèm edikasyon, p ap janm rive rezoud toutbon vre nan peyi Dayiti. San kolaborasyon ak potekole pa militan sa a yo, Komite Inisyativ Pou Kore Alfabetizasyon Ann Ayiti (KIPKAA) pa t ap janm ka mennen kesyon an kòmsadwa san jeretyen zen sou dwa granmoun li. Antouka, defi a se kenbe diyite nou pou n selebre ak tout zanmi toupatou tankou frè ak sè. Talè la a, nan trapde, Jounen Entènasyonal kreyòl la pral pwente sou nou nan lakou Monreyal. N ap tann tout moun, timoun kou granmoun. Randevou 28 oktòb a midi. Pinga w manke Selebrasyon Jounen Entènasyonal Kreyòl la, ou ka regrèt li pou tout vi ou. Bòn fèt pou tout kreyolis! Bòn fèt pou tout pèp kreyòl sou latè! |
|
Konferansye Envite Espesyal
Marilyn Mason
President and COO
Mason Integrated Technologies Ltd (MIT2)
Kreyòl ak Teknoloji: Zanmi oswa lennmi?
Gen kèk pwofesyonèl Ayisyen ki konsène sou kesyon Kreyòl la. Yo panse Kreyòl la kapab pa alawotè pou l koresponn ak defi teknoloji a epi tou teknoloji kapab pa alawotè pou l koresponn ak defi Kreyòl la. Mwen ta renmen pote bon nouvèl pou nou! Nouvèl ki soti nan bon jan esperyans!
Kreyòl se yon lang tout bon, met sou sa, yo kapab kreye tout kalite zouti sou òdinatè yo kreye pou lòt gwo lang yo, pou kreyòl la tou. Pwoblèm nan pa nan Kreyòl la, ni li pa nan teknoloji a. Pwoblèm nan se si moun ki pale Kreyòl yo, pwofesyonèl ak edikatè k ap sèvi ak lang Kreyòl la, ap ka met tèt yo ansanm pou yo kreye zouti ki nesesè e nou bezwen anpil yo.
Ann travay ansanm pou nou ka fè moun wè Kreyòl ak Teknoloji kapab:
(1) vin bon zanmi, epi
(2) zouti ki devlope pou travay ak lang Kreyòl la kabab vin yon egzanp nan devlopman teknolji sa yo pou lòt kalite Kreyòl. An menm tan tou, devlopman sa yo kapab sèvi moun ki fè pati yon gwoup minoritè ak moun ki pale lang manman yo.
Kreyòl Ayisyen an kapab pran devan nan domèn sa a.
Lòt Konferansye Envite yo |
|
a) Sosyoloji sò lang kreyòl la: Pwofesè Franklen Midy
Kreyòl ayisyen an: ale vini ant espas piblik la e espas prive a
Nan rale sa a, pwofesè Midy pral fouye zo nan kalalou tan lontan, pou wè, istorikman ki plas yo bay lang kreyòl la nan sosyete ayisyèn nan. Misye Midy se sosyològ. L ap anseye nan Inivèsite Kebèk nan lakou Monreyal. Li gen yon liv tou cho, nan mwa ki pral vini yo, li pral pibliye sou dosye alfabetizasyon peyi Dayiti. Li deja bay KIPKAA yon avangou. Se yon liv pou w genyen!
b) Fòmasyon anseyan ayisyen: Pwofesè Ivon Lamou
Kreyasyon & natiralizasyon zouti pedagojik kreyòl, yon esperyans vivan
Ak lapawòl epi imaj videyo, prezantasyon sa a pral kanpe fondalnatal epi evolisyon yon pwojè pedagojik pou fòmasyon divès anseyan nan peyi Dayiti. Se yon pwojè pwofesè Lamou deja kòmanse nan plizyè rejyon tankou: Akayè, Badsentan, Gonayiv, Gresye, Mibalè, Monwi, Senlwidinò e Inivèsite Karayib nan Pòtoprens. Pwofesè Ivon Lamou, se konseye-oryantè nan lekòl segondè "Cambridge Rindge and Latin School", Masachousèts, Etazini. Li se yon pwodui "Creole Institute" nan "Indiana University".
c) Atelye kreyòl: Jan Wobè D. Plasid
Li ak ekri kreyòl fasil
Nan espas sa a, pwofesè Jan Wobè Plasid pral demontre kijan li fasil pou tout moun aprann li ak ekri kreyòl. Li pral ote konplèks ak lapèrèz lakay nèg ak nègès save k ap touche kreyòl ak pensèt. Avan demonstrasyon an fini, tout Jan Lespri yo pral vle pran lapawòl pou esprime jan yo dakò ou pa dakò ak jan tèl oubyen tèl mo kreyòl ekri. Echanj yo ka vin chofe. Men, nou pa bezwen pè, p ap gen okenn dife. Mesye Plasid se pwofesè nan Sant N a Rive. Li gen lontan depi l ap travay sou sentaks, leksik ak prezans Lang Fon nan kreyòl ayisyen an. Anfen, li se manm KIPKAA epi Sosyete Koukouy nan Kanada.
d) Lansman yon nouvo Diksyonè kreyòl, otè: Misye Wilson Lwi Elyas
Otè a pral prezante yon nouvo diksyonè kreyòl ki bay definisyon anviwon 2500 mo kreyòl. Nan travay sa a, ekritè a mete aksan sou non depatman, vil ak dirijan peyi Dayiti yo. Li mete aksan tou sou tèm biblik yo, non chak planèt yo ak distans ki separe yo youn ak lòt, kojigezon vèb yo, alfabè kreyòl la elatriye. Misye Wilson Lwi Elyas se yon kreyolis k ap viv nan vil Nouyòk, Etazini.
Espozisyon penti
Ak konkou gwoupman atispent ayisyen nan Kanada ki pote non "FOUYE DIFE", nou pral espoze zèv plizyè atis tankou:
a) Emanyèl Pyèchal, pent enpresyonis e popilè, ki enspire nan kilti pèp afwokaryib yo.
b) Mita Òl, pent espresyonis, ki jwe ak liy e koulè yo pou natiralize tout ayibobo lavi a genyen.
c) Jan Dirandis, pent reyalis, ki toujou ap marye tanbou ak pwezi nan mitan zantray lakansyèl.
Espozisyon liv Kreyòl
Nan woumble sa a, Komite Inisyativ Pou Kore Alfabetizasyon ann Ayiti (KIPKAA) fè tèt ansanm ak Sosyete Koukouy Kanada e "Société de recherches historiques culturelles antillaises" (Sorhica), pou yo ka reyini maksimòm liv kreyòl posib nan yon sèl plas, pou sansibilize moun sou reyalite literati lang kreyòl la. Moun ki ta renmen espoze liv kreyòl jounen sa a, ka jis poste yo bay:
KIPKAA
C.P. 65060, Succ. Place Longueuil
Longueuil, Québec, Canada, J4K 5J4
Tel: 1 450 651-0157
Imel: kipkaa@attcanada.ca
Resital pwezi, lodyans ak chante
Pou resite pwezi, bay odyans ak chante, KIPKAA jwenn kolaborasyon yon dividal atis esperimante pou fè resòti bèlte ak tout mwèl tèks kreyòl yo.
Men yon ti byografi sou yo chak:
1. Gladis Demostèn, rèn sanba pitit fi vil Yogan, aktris teyat, animatris nan "Radio Centre-Ville" (Monreyal),
2. Manno Ejèn, loreya pri literè Jak Estefenn Aleksi, powèt, otè Ekziltik e De Ti Tou Pou Deklete lalin, manm Sosyete Koukouy nan Kanada,
3. Mikèlanj Ipolit, pwofesè syans, powèt, ekritè Zile nou, de Leksik zo mounn, Anba-Lakay, ak Li konprann ekri: yon jaden kreyòl, kreyolis, manm Sosyete Koukouy nan Kanada, manm Rezo kreyolis Ayisyen (REKA) alatriye,
4. Janwobè Bèlamen, atkè teyat, odyansè, otè plizyè eskèch komik (Kase lezo, Imigrasyon),
5. Klodèt Siryak, komedyèn, atis Duo Tak, animatris nan "Radio Centre-Ville" (Monreyal),
6. Soni Janbatis, chantè, gitaris, manm KIPKAA,
7. Jan Ari Klèvo, chantè, powèt, manm KIPKAA.
Kontribisyon
Granmoun: 10 dola pou papye ak dokimantasyon
Timoun: gratis
Akomodasyon lojman sijere
1) Hôtel Gouverneur de la Place Dupuis, 1415, rue St-Hubert, Montréal, Québec
Liy san frè: 1 888 910-1111 ou Tel: 1 514 482-4881
Adrès elektwonik: http://www.Gouverneur.com
2) Hôtel Delta Montréal: 475 avenue Président-Kennedy, Montréal, Québec
Liy san frè: 1 877 286-1986
Adrès elektwonik: http:///www.deltamontreal.com |
|
|
|
|
Lòt Sit Paj Wèb sou Fèt Kreyòl yo |
|
|
|
|
|
|
|
* CHANJMAN NON KIPKAA:
Komite Inisyativ Pou Kore Alfabetizasyon ann Ayiti (KIPKAA) avize tout moun li ofisyèlman pote yon chanjman nan non li. Kounye a, non li se:
Komite Entènasyonal pou Pwomosyon Kreyòl ak Alfabetizasyon (KEPKAA).
Bi chanjman sa a se louvri pòt òganizasyon an pi laj ankò bay tout moun, tout peyi ki enterese nan pwomosyon lang kreyòl ak alfabetizasyon.
KEPKAA pwofite okasyon sa a pou konfime tout kolaboratè l yo chanjman sa a pa retire anyen nan oryantasyon l.
Longueuil, jou ki 23 desanm 2002, Pierre-Roland BAIN, Kowòdonatè |
|
|
|
|
Kontakte |
|
Pierre Roland Bain
KEPKAA
C.P. 65060, Succ. Place Longueuil
Longueuil, Québec, J4K 5J4
Tel: (450) 651-0157
Imel: kepkaa@attcanada.ca |
|
|
|
|
|
Koutwazi The Creole Clearinghouse |
|