Dr. Yves Dejean, ansyen Sekreteri d Eta pou Alfabetizasyon, Repiblik d Ayiti
Depi kèk ane, gen kèk moun k ap bat kò yo pou yo chanje non lang tout pèp ayisyen an pale a. Dapre yo, se pou yo ta rele l ayisyen. Se sa Nani Pyou mande nan yon atik li ekri an 1977, men ki parèt an 1979.1 Nan mwa jiyè 1982, te gen yon seri kou nan yon inivèsite Boston. Pwogram nan te anonse: «Haitian Culture... conducted in Haitian». Nan fen ane 1982 a, gen yon liv ki parèt. Non liv la se Syntaxe de l'haïtien.2 Nan nimewo 19 revi Collectif Paroles la, J. Jonasen rele lang peyi d Ayiti a ayisyen e msye di li pa kapab rele l kreyòl.3
Anvan yon moun chèche esplike pou ki sa li ta vle chanje non lang pèp ayisyen pale a, li ta bon pou li kalkile yon ti keksyon: ki dwa yon moun pou li chanje non yon lang ki la nan yon peyi depi plis pase 200 ane?
Moun ki pale kreyòl ann Ayiti, depi sou tan lakoloni, rele lang yo pale a kreyòl. Yo pa rele l ayisyen. Ki dwa kèk entelektyèl pou yo chanje non lang tout yon pèp?
Gen yon pwofesè lekòl ki te kwè chanjman an ta bon paske tout bagay ta pi senp. Menm jan yon moun ta di: «Mwen se chinwa, mwen pale chinwa», se kon sa yon moun ta di: «Mwen se ayisyen, mwen pale ayisyen». Men, anyen pa deranje paske yon moun di: «Mwen se dominiken, mwen se kiben, mwen se venezyelyen, mwen pale panyòl». Moun nan pa bezwen di: «Mwen pale dominiken. Mwen pale kiben. Mwen pale venezyelyen.» Gen moun ki di: «Mwen se ostralyen, mwen se ilandè, mwen se ameriken, mwen pale angle». Moun sa yo pa oblije di: «Mwen pale ostralyen. Mwen pale ilandè. Mwen pale ameriken.» Gen lòt moun ki konn deklare: «Mwen se bèj, mwen se suis, mwen se kebekwa, mwen pale franse». Pèsonn pap fè moun sa yo di: «Mwen pale bèj. Mwen pale suis. Mwen pale kebekwa.» Gen bon valè moun ki konn di: «Mwen se libanè, mwen se siryen, mwen se ejipsyen, mwen pale arab». Sa pa jennen yo ditou paske yo pa di: «Mwen pale libanè. Mwen pale siryen. Mwen pale ejipsyen.» Sa k fè lojik ta dwe enpoze moun di: «Mwen se ayisyen, mwen pale kreyòl.»?
Gen moun ki va reponn: Se pa lojik ki mande pou ayisyen sispann rele lang yo kreyòl, se respè tèt yo ki mande sa, paske anpil moun sou latè a konprann lè yo di kreyòl, se yon mo ki derespektan yo di.
Kote rezonnman kon sa ta mennen nou? A sipozisyon yon ayisyen te rive aletranje anvan 1986. Yon moun ki tande li sot ann Ayiti di li: «Ayiti? Ayisyen? Divalye. Tonton makout. Peyi pòv. Sida.» Moun k ap di pawòl sa a soti pou li derespekte ayisyen an. Sa pou ayisyen an fè? Èske se pou li mande pou nou chanje non Ayiti ak non ayisyen an pou yo pa derespekte nou ankò?
Yon moun ki ta aji kon sa, ta montre li pa gen bon sans, li pa gen konprann. E pawòl li pa ta montre li renmen peyi li, li respekte tèt li, li respekte pèp li. Pawòl li ta montre sèvèl li gaye. Lè yon ayisyen te pran jouman nan men etranje poutèt Divalye ak makout li yo ak eta peyi a, se pa non peyi a pou li ta reve chanje. Se sitiyasyon peyi a pou li ta anvi chanje. Rete nan lide chanje non peyi a, se derefize egzaminen rasin pwoblèm sosyal ak pwoblèm politik Ayiti yo.
Se menm bagay tou pou koze chanje non kreyòl fè l tounen ayisyen. Jwèt kon sa pèmèt yon ti gwoup entelektyèl kontinye bouche je yo pou yo chèche wè rasin pwoblèm sosyal, pwoblèm ekonomik ak pwoblèm politik Ayiti, pandan yo ret ap jwe ti jwèt fasil, ti jwèt initil, chanje non lang yon pèp.
Se jwèt initil paske: chanje non pap chanje vye prejije lekòl gaye sou kreyòl la depi plis pase 100 ane. Lekòl ak gwoup k ap esplwate mas pèp la depi sou tan lakoloni simen vye lide sou kreyòl la, sou lang pèp la pale a.
Jwèt chanje non lang pèp ayisyen an plis pase initil. Li danjere tou. Li danjere paske koze radyo, dekrè leta oubyen pratik lekòl pap fè yon mo ki nan bouch pèp la depi 200 ane disparèt oubyen chanje sans. Men, sa kapab kreye plis konfizyon epi sa kapab mennen yon lòt prejije. Kòm lekòl poko prèt pou li enstwi plis pase 1 milyon ti ayisyen ki ann aj pou y al lekòl, kòm nou gen lè poko nan wout enstwi 4 milyon ayisyen ki pa konn li e ki pa konn ekri yo, sa ki kapab rive si lekòl ak pwogagann radyo ak leta vin ak yon radòt pa sèvi ak mo kreyòl ankò sèvi ak mo ayisyen pito. Sa pap pran sou mas pèp la. Mas pèp la pral kontinye sèvi ak mo li konnen an. Men, sa pral pran sou yon gwoup moun ki al lekòl e ki di se yo ki enstwi. Gwoup moun sa yo pral devlope yon vye lide kòmkwa moun k ap kontinye sèvi ak mo kreyòl la se moun sòt e moun ki sèvi ak mo ayisyen an se moun eklere, se moun lespri. Menm si sa pa ta rive jis la, antouka koze a pral twouble tèt bon valè moun. Sa k ap vin klè pou anpil moun sèke sèvi ak mo kreyòl la manke, kwak y ap kontinye sèvi ak li, paske abitid se kolye.
Ann gade sa ki rive 3 non vil ann Ayiti nou wè kouman mòd pale yon popilasyon pa rete ak desizyon yon gouvènman pran.
Lontan, sou papye, te gen yon vil yo te rele Kap Fransè. Jodi a yo rele l Kap ayisyen, sou papye toujou. Sa pa chanje mòd pale popilasyon lan nò, ni popilasyon rès peyi a. Non kreyòl la te deja la. Non kreyòl la toujou la toujou. Se: Okap.
Moun ki te vle chanje non yon ti bouk yo rele Machan pou li tounen Desalin te vle montre yo rekonèt sa Desalin fè pou peyi a. Men, se pa meprize moun nan zòn nan meprize Desalin paske yo toujou kontinye rele kote a Machan.
Sa n ap di pou Petyonvil? Kwak gen kèk granmoun aje ki sèvi ak mo Lakoup la toujou, nou mèt di kounye a se non Petyonvil ki pran fil. Èske se pa yon bon egzanp chanjman non ki fèt ofisyèl? Non. Men sa ki rive. Epòk Petyonvil te Lakoup, se te yon bitasyon andeyò nèt. Potko gen yon gwo bouk la. Vil Petyonvil la vin devlope lontan apre nouvo non an parèt. E, pi fò moun ki vin fòme popilasyon Petyonvil kounye a pa soti nan moun ki fèt nan zòn Lakoup. Sa vle di se moun ki sot lòt kote, tankou Pòtoprens, e ki pa abitye ak non Lakoup la, ki sèvi ak non Petyonvil la jistan non an pran fil nèt. Sa montre nou se pa yon ti gwoup moun tou piti ki fòse yon majorite lòt moun chanje mòd pale yo. Ositou, lè nou chonje ... gen 6 milyon moun ki rele pwòp lang yo pale tou le jou a kreyòl, se pa desizyon kèk grenn entelektyèl ki aletranje oubyen ki ann Ayiti ki pral fè yo chanje yon non ki la, san pa janm gen lòt, depi 200 ane.
Men, sa pou nou fè ak etranje ki sèvi mal ak mo kreyòl la? Nou pa ta bezwen fatige tèt nou twòp ak moun ki sèvi mal ak yon mo yo pa konnen, jan ayisyen konnen l lan. Sa rive tout tan sou latè a, poutèt mal konprann, pa konnen ak prejije. Kalkile yon mo tankou mo jwif ann Ayiti, nan sans yon espès gwo pope twal yo mete nan jaden pou yo fè bèt k ap nui jaden kouri, oubyen nan sans «jwif» yo te konn bat pou vandredi sen. Lè mo sa a soti nan bouch mas pèp ayisyen an, sa pa vle di santiman ki nan kè mas pèp ayisyen an menm ak santiman patizan Itlè yo te genyen ann Almay an 1940. Mas pèp ayisyen an pa te konn ni istwa ni sitiyasyon pèp jwif, etan yo pran abitid sèvi ak mo jwif nan sans pa yo. Se kon sa tou, pi fò etranje pa konn ki pwoblèm lang ki genyen ann Ayiti. Yo pa konn si lang kreyòl tout ayisyen pale a se pa menm afè ak franse. Yo pa konn pou ki rezon yo pa sèvi ak kreyòl la nèt lekòl, ni ki rezilta lekòl bay ann Ayiti, ni si se pa tout timoun ki al lekòl nan peyi a. Li ta bon pou yo konn sa. E sa wòl ayisyen ki konn pale ak etranje, pou yo ta esplike yo verite a fen. Se pa nan pa sèvi ak mo kreyòl la, y ap rive mete etranje nan chemen verite. Men, lè gen savan etranje ki sèvi ak mo kreyòl pou tout kalite fòm lang ki parèt apre 1700, paske mo kreyòl la alamòd, se pa prese lage non kreyòl, lang peyi d Ayiti genyen an, ki pral fè lasyans fè pwogrè. Se wòl savan parèy yo pou yo diskite keksyon sa a e pou yo montre si pa gen abi nan abitid rele nenpòt ki lang: kreyòl. Pèsonèlman m panse gen abi nan sa.
Sa pou nou fè ak ayisyen ki sèvi ak mo kreyòl la mal? Sa vle di ayisyen ki konprann sa yo rele kreyòl la pa gen valè, se pa yon lang. Yo pa bezwen ekri li. Yo pa ta kapab, ni yo pa ta dwe sèvi ak li lekòl. Li pa ta dwe tounen lang ofisyèl peyi d Ayiti a. Se kreyòl ki fè Ayiti an reta, Ayiti dèyè, Ayiti pa bon. Si kreyòl la ta disparèt, pèp ayisyen an ta kapab fè plis pwogrè. Sa nou kapab fè ak moun ki kenbe kwayans sa yo nan tèt yo?
Nou kapab pa okipe yo kite yo kontinye di tenten. Nou kapab chèche konprann kote vye lide kon sa soti, e sa ki fè y ap kontinye gaye. Nou kapab chèche ba yo limyè ak konprann sou koze a. Tout jan, se pa chanje non kreyòl la k ap pote okenn bon rezilta. Moun ki gen lide kon sa nan tèt yo, se pa yon non yo pa vle wè. Se tèt yo, yo pa konprann. Se tèt yo, yo meprize. Se tèt yo, yo rayi. Oubyen, se enterè pa yo ak avantaj pa yo y ap defann. E, vle pa vle, yo kont enterè ak avantaj mas pèp la.
Ki lè vye lide sa yo va disparèt? Ki lè moun ki pale kreyòl e k ap pale kreyòl la mal (sa vle di moun k ap mache sou po bèf la e k ap pale bèf la mal) a vin chanje? Ann atandan pou gwo boulvèsman sosyal pote chanjman nan vye lide sa yo, mwen wè 2 kondisyon ki kapab ede nou konbat vye prejije kont kreyòl la.
Se pou kreyòl la vin lang ofisyèl peyi a. Sa vle di: se pou tout koze, tout deklarasyon, tout papye leta, tout diskou, tout aktivite, ki fèt pou tout sitwayen ayisyen, fèt an kreyòl.
[Pawòl la te ekri anvan nimewo 5 konstitisyon 1987 la vin deklare kreyòl lang ofisyèl.]
Epi se pou lekòl fèt an kreyòl pou tout timoun ki fèt e ki leve ann Ayiti, paske tout timoun sa yo konprann kreyòl oubyen tout kapab pale li.
Nòt
1. Nanie Piou, «Linguistique et idéologie: ces langues appelées créoles», Dérives, 1979, 16, 13-30.
2. Claire Lefebvre, Hélène Magloire-Holly, Nanie Piou, Syntaxe de l'haïtien, Karoma Publishers, Inc., Ann Arbor, 1980.
3. Jean Jonassaint, «Notes pour une relecture d'Alexis», Collectif Paroles, Sept-Déc 1982, No. 19, 28-30.