Main

 
Iv Dejan - Ki non lang nou an?

Ki non lang nou an?

 

Iv Dejan 

 

(15 jen 1984, «Haïti-Observateur», 13-20 juillet 1984, p 18.) 

 



Dr. Yves Dejean, ansyen Sekreteri d Eta pou Alfabetizasyon, Repiblik d Ayiti 

 

Diskisyon bon e diskisyon kapab itil. Men, anpil fwa, moun tonbe fè diskisyon, moun antre nan diskisyon, san yo pa klè sou sa y ap diskite a. Yo pa santre balon an. Se sa menm mwen kwè ki rive nan koze non lang peyi d Ayiti a.

Lan nimewo 22 revi «Collectif Paroles» (mas-avril 1983: 32-33) epi lan nimewo jiyè «Lyezon» (1983: 30-33), mwen chèche montre pou ki rezon mwen pa dakò ak lide kèk moun ki vle chanje non yon lang pèp ayisyen ap pale depi plis pase 200 ane.

Men, jan kesyon an prezante nan «Haïti-Observateur» (24/2-2/3, 15-22/6, 1984) yon moun ta kapab konprann youn nan gwo koze ki fatige tèt pèp ayisyen an jodi a se: ki non pou li chwazi pou lang li pale a. Kòmkwa yon bon valè moun nan pèp la ta vle rele lang nou pale a: ayisyen; epi yon kantite lòt moun nan pèp la ta pi pito rele l: kreyòl. Men, se pa sa k ap pase ni ann Ayiti ni nan gwoup yon milyon ayisyen ki gaye nan lòt peyi sou latè a.

Sa nou wè? Nou wè: depi 180 ane moun ki ann Ayiti yo, sa vle di pi fò moun nan pèp la ki travay tè, ki travay kòm ouvriye, ki gen ti metye nan men yo, ou byen ki pa jwenn travay, moun ki fè komès, ki abite andeyò, ki rete lavil, ki pa pase lekòl, ki pase lekòl, ki pòv, ki pa pòv, ki rich, ki pa rich, yo rele lang tout pèp ayisyen an pale a: kreyòl. Sa klè tankou dlo kokoye.

Sa nou wè ankò? Nou wè: depi kèk ane (sa poko gen 20 ane) kèk entelektyèl degrennen pi pito rele lang tout pèp ayisyen an pale a: ayisyen. Genyen ladan yo ki ekri nan revi ou byen nan jounal pou yo esplike pou ki rezon «yo vle chanje non lang tout ayisyen» pale a.

M egzaminen rezon yo bay yo. Mwen panse rezon sa yo manke fòs. Men, m al pi lwen. M envite yo egzaminen 2 lòt kesyon ANVAN yo kontinye fè diskisyon sou chanjman non lang pèp ayisyen an. Sa vle di m envite yo santre balon an.

1. Èske se chanjman non lang pèp ayisyen bezwen? Sa fè youn.

2. Èske se dwa, èske se wòl kèk grenn entelektyèl (yo mèt pote non pwofesè, non savan, non lengwis, non ekriven, non revolisyonè) pou yo chanje non lang tout yon pèp? Sa fè de.

Ak 2 keksyon sa yo nan tèt moun ki li atik mwen an, yo kapab wè si rezon mwen bay yo bon ou byen si yo pa bon, si yo fò ou byen si yo fèb. Pa egzanp, mwen pa janm di [okenn nan twa pawòl sa yo]:

[1.] Yon «pèp» pa dwe chanje non lang li

[2.] Yon «pèp» pa gen dwa chanje non lang li

[3.] Yon «pèp» pa kapab chanje non lang li.

[Men sa] mwen mande:

Ki dwa «kèk grenn» entelektyèl pou yo chanje yon non pèp ayisyen an asepte pou lang li pale a depi 200 ane? ... E m ap tou pwofite repete yon pawòl ki nan liv mwen an «Comment écrire le créole d'Haïti» (1980:50). Ann Ayiti gen yon gwoup moun enstwi ki gen abitid kwè se yo ki pèp ayisyen. Yo gen abitid pale o non pèp la, pito m di nan plas pèp la, san pèp la pa mete yo la pou sa, angiz yo plede kòz pèp la e angiz yo travay wete kò yo bay pèp la lapawòl.

Se sèten anpil bagay merite chanje ni ann Ayiti ni nan lavi ayisyen ki aletranje yo.

Yon gouvènman k ap travay kont pèp la, se sa ki merite chanje. Pèp la bezwen yon gouvènman k ap travay pou li.

Dezòd yon ti gwoup moun k ap jwi sou do yon mas pèp k ap redi e k ap soufri, depi nan tan lakoloni, sa merite chanje.

Dezòd yon ti gwoup moun ki kenbe tout richès peyi a ak tout mwayen pou pwodui richès peyi a nan men yo, sa merite chanje.

...

Dezòd refize sèvi ak ... kreyòl ... pou enstwi tout pèp la, sa merite chanje.

...

Dezòd gaspiyaj lajan yon ti gwoup moun ap fè pou plezi yo, lè mas pèp la bezwen manje, bon dlo tiyo, kay ki solid e ki pwòp, swen pou lasante, enstriksyon pou tout moun, travay pou tout moun, elekrik, wout, etsetera, sa merite chanje.

Nou tou wè sa ki bezwen chanje, sa ki merite chanje, sa pèp la mande chanje, se pa non lang li a: kreyòl.

 

Lòt Atik / Zèv Iv Dejan yo

Créole, école, rationalité - Yves Dejean 18 novembre 2001
(Tanbou, Fall 2002; texte à paraître dans la Revue Chemins Critiques;
also available in
PDF format)





 

 





Koutwazi / Courtesy of The Creole Clearinghouse