|
PREZIDAN ARISTIDE:
Pandan n ap swete nou BYENVNI, n ap bay Bondye glwa piske nou kwè nan li. Nan ISAÏ chapit 61 vèsè premye, Pawòl la di nan lang ebre a: « Ouranhan! Adonai Élai! » Espri Granmèt la, Lespri Letènèl, Espri Bondye a sou mwen, li fè moun ki avèg wè.
Pou nou kapab rantre nan Kanpay Alfabetizasyon sa a kote nou pral ede moun ki pa wè rive wè, fò n genyen pisans Bondye a avè n. Etandone nou se: sè ak frè ki kwè nan Bondye a, m pran libète envite nou pou nou priye Bondye pou l kapab gide nou nan rankont sa a e nan travay nou pral fè ansanm nan. Si gen yon Pastè ou yon Sè k ta vle ede nou priye li kapab pran mikwo a e ede nou priye answit pou nou kontinye.
Etènèl Dye se pa pou san rezon nou la a maten an paske nou kite anpil bagay materyèl e nou soti de lye an lye, katye an katye, zòn an zòn pou n tonbe pa bò isit. Seyè Etènèl Dye, fè vini nou isit maten an nan Palè Nasyonal se pa pou san rezon parce que la route tue ou blesse. Si Bondye fè nou rive an byen jis kote nou soti yo, se paske g on rezon byen detèmine. Sa ki fè nou pi kontan ankò Seyè, se paske bi reyinyon an se pou fè avèg yo wè. Paske manman m ak papa m petèt yo pat panse si yon lè kòb pa ta sèvi, yo pat al lekòl, manman yo pat voye yo lekòl. Men nou menm, kounye a nou gen dola, l pa ka sèvi nou vwa pou kòb Seyè ki te pase. Se pou rezon sa a maten an Seyè Prezidan an ki pran tout inisyativ sa a pou l kapab fè granmoun konn li, se pa pou san rezon. Nou mande w Seyè, wa desann laplenitid Sen Espri bò kote l e wa evakye tout malen, tout mechan ki ta vle wode otou de li menm ki pou fè travay sa a pa kontinye. Etènèl Dye, aji an sa favè e aji an favè tout sa yo ki antoure l Seyè. Etènèl, men pastè yo ki soti lwen, yo vin bò isi a Seyè, fè yo pran travay alfabetizasyon sa a a kè pou lè yo va rive lakay yo pou y al pwone alfabetizasyon an pou tout moun va jwenn pa yo. Se konsa nou priye w Seyè, nou ta di w plis, men lè a deja ekoule. Nou di sa au nom du sang versé de Jésus qui a été coulé sur la croix du calvaire pour sauver l'humanité toute entière.
Amen. (Prezidan Aristide ansanm ak Pastè yo pran chante ansanm Dieu Tout-Puissant...)
« Bahouk rachèm » Béni soit le nom du Seigneur!
Minis Edikasyon Nasyonal la sot fè yon bèl rale pou santre sijè a pou nou. E Bondye sot vide limyè l pou gide n sou wout la a travè priyè sa a. Nou menm, nou pral kontinye pale ant nou pou nou kapab poze kesyon, fè kòmantè, bay pwopozisyon pou ansanm nou rive wè pi klè nan gwo travay nou gen pou n fè ansanm nan alfabetizasyon an. M ap imajine m yon pastè k ap fè sèvis epi l wè chak fidèl avèk Bib li nan men l, li tonbe li pawòl Bondye a ou Bib la. A la kontan tout moun ki wè sa ta kontan. Lè m te piti, yo te konn di m: genyen pwotestan ki pat al lekòl e se pandan yo pral nan sèvis yo rive aprann li nan Bib la ki sèvi yo kòm Premye Liv pou yo aprann li. Sa vle di: g on reyalite ki rankontre sa n ap chèche a, aprann li, aprann ekri.
Èske an 2004, pap gen 2 fwa pwotestan, 3 fwa plis pwotestan ki pral konn li, k pral konn ekri?
Lè Bondye gade an 2004, pou l ta wè se travay pa nou an anndan legliz nou yo nan katye bò lakay nou, nan peyi pa nou an ki pèmèt nou double ou triple kantite nonm moun ki rive ka li nan Bib la, Bondye ap kontan. L ap wè lespri l la nan nou, mirak li menm li te kòmanse fè yo, nou menm ansanm avè l, nou rive fè yon gwo mirak lè pandan 200 zan tout pitit peyi a rete nan fè nwa pa konn li a. E gras a nou menm pitit Bondye, pitit tè d Ayiti, nou rive fè yo pase nan limyè ki pèmèt lè yo ouvè Bib la, yo wè nan ki chapit yo ye, yo wè mesaj, pawòl delivrans lan e yo li l ak je pa yo. Nou te chita nan menm sal sa a avèk anpil Pè, Mè, Frè nan legliz katolik kote yo menm tou, yo t ap gade ki jan yo ta ka patisipe pou mirak sa a rive fèt. Jodi a, nou kontan anpil paske nou sèten anplis oksijèn sivik nou ka genyen kòm sitwayen, men gen oksijèn espirityèl la k kapab fè n ale pi vit e pi byen nan gwo konbit pou gwo mirak sa a. Si Leta pa vle moun konn li, konn ekri n on peyi, l ap pi difisil pou kretyen fè sa fèt. Men, lè kretyen vle sa fèt, leta vle sa fèt, lè sa a, l pi fasil.
Se nan menm sal sa a tou, pa gen lontan m te chita avèk anpil Medsen pou yo te di ki mo pa yo tou nan Kanpay Alfabetizasyon an. Lè yon medsen pale fransè avèk yon malad, lè medsen an ba malad la yon preskripsyon ki di l: wa pran medikaman an 3 fwa pa jou. Epi malad la pa ka li preskripsyon an lè l bliye ki jan pou l te pran l, ki lè pou l te pran l. Tou sa gen dwa nwi sante malad la. E medsen an si l vle malad la geri, l oblije pran sa an konsiderasyon. Anpil! medsen pare pou bay konkou pa yo. Anpil! lòt ayisyen lòtbò dlo kòm bò isit di: yo pare pou patisipe. Men lè se: kretyen ki di: yo dakò pou patisipe, la a nou santi genyen anpil espwa paske g on fòs ki rele fòs Bondye, se fòs limyè a, li menm li vle pou moun konn li, pou moun konn ekri. Si jezi pat konn li, lè l parèt nan tanp lan, li pa t ap kapab pran Bib la nan ISAÏ 61 vèsè premye pou l di e li sa l wè ladann nan: « Ouranhan! se Lespri a an ebre, Adonai se Letènèl, Élai! li sou mwen » Lespri Bondye a sou mwen. Li li l nan Bib la.
An 2004, si yon kretyen ta ka pran Bib la pou l li ak je pa l gras a yon Pastè ki ede kanpay lan fèt, lè sa a s on mirak nan lavi l. G on egzanp mwen jwenn e m toujou renmen vini avèk li pou m separe l paske egzanp lan poukont li li di anpil verite. Se 15 Oktòb, lè nou rankontre nan Vilaj Alfa, yon Dam ki bay temwayaj li. Li di: li te al n on maryaj, lè l rive nan maryaj la, yo envite l pou l siyen kòm temwen. Etandone, l te wont fè ti kwa a, l ale, l kite maryaj la. Epi, l ajoute: kounye a mezanmi, m ap chèche kote k gen nòs pou yo envite m pou m al siyen. S on lòt moun! se tankou NIKODEM li fèt de nouvo tèlman l g on lòt frechè nan lespri l. Se pa jè non! se kontantman pou l al siyen lè gen maryaj. Nou kwè Bondye kontan chak fwa yon pitit li retwouve l n on sitiyasyon konsa. E Bondye soufri chak fwa l wè g on pitit li ki jennen ki wont f on ti kwa.
An 2004, nou ta renmen wè nan tout! peyi a gras a konbit sa a pou nou ogmante anpil! kantite moun ki pral rive kapab li, ekri. E madanm sa a lè m mande l: men, konbyen tan ou gen nan alfabetizasyon?
4 mwa, apre 4 mwa, li gentan yon lòt moun, 4 mwa sèlman.
Minis lan sot eksplike ki jan a travè monn nan e nan peyi a liy edikasyon an trase.
Lè nou pral poze kesyon pou ki kapab apwofondi pou nou toujou.
Sekretè Deta Alfabetizasyon Madam MARISE GUITEAU ki agoch mwen, li menm tou, li pral reponn anpil kesyon nou kapab poze l sou materyèl yo, sou fòmasyon monitè yo ki lè, ki jan pou sa fèt. Donk tout aspè teknik lan nan men Sekretè Deta pou Alfabetizasyon an. Agoch li genyen ansyen minis Edikasyon Nasyonal Madam MYRTO CÉLESTIN ki s on gwo pwofesyonèl nan domèn edikasyon. Li menm tou li gen limyè l ka pote ofi amezi n ap poze kesyon, li kapab pataje repons avè nou dotanplis li g on gwo eksperyans nan zafè alfabetizasyon piske l te patisipe nan Kanpay Alfabetizasyon 1986.
Delege Depatmantal la Doktè GAUTHIER ki agoch Madam CÉLESTIN, li menm tou li gen yon gwo reskonsablite.
Pou kisa?
Paske piske l se Delege Depatman Lwès la, nou panse nan chak depatman Delege Depatman an selon atik 85 Konstitisyon an ki gen obligasyon pou l veye ki jan Sèvis piblik la ap mache. Delege a reprezante Egzekitif la nan Depatman an e, l gen obligasyon pou l fè travay sa a. Se menm konstitisyon an nan atik 32.9 ki di: Leta ak Kolektivite Teritoryal yo gen obligasyon pou yo fè alfabetizasyon mas pèp la. E, yo gen obligasyon pou ankouraje tout inisyativ sektè prive pran pou patisipe nan alfabetizasyon an. Donk nan chak depatman chak Delege Depatmantal g on Wòl kle l ap jwe anndan depatman an. Avèk Delege a, moun ki reprezante ministè Edikasyon Nasyonal la, li mwenmenm, li gen yon wòl kle l ap jwe. Wòl pa l se veye pou l wè ki jan elèv reto/filo ap patisipe nan kanpay la. Se veye pou l wè ki jan paran elèv yo kapab rankontre lè l nesesè pou yo di mo pa yo. Paske yon elèv ki fè devwa sivik li pandan ane a nan alfabetize anviwon 10 moun, lè w al nan egzamen bakaloreya, w ap gen yon nòt pou devwa sivik sa a. E donk, Reprezantan Ministè Edikasyon Nasyonal nan depatman an li gen yon gwo wòl pou l jwe. E avèk li, moun ki reprezante Sekreteri Deta pou Alfabetizasyon an genyen wòl pa l, wòl pa l se: veye pou lè gen fòmasyon k ap fèt pou noumenm ki reprezante Sekreteri Deta pou Alfabetizasyon nan depatman an pou l la, pou l bay moun. Lè gen pwoblèm materyèl ki poze pou l la pou l kapab konekte avèk Sekretè Deta Alfabetizasyon an pou materyèl yo al jwenn moun yo. Nan sans sa a, anndan depatman an gen 3 reprezantan leta ki pou jwe yon gwo wòl nan tèt ansanm pou ankouraje kanpay la vanse.
3 moun sa yo fò yo gen lòt moun anndan depatman an avè yo. Pa egzanp, si gen pwotestan nan depatman an k ap travay pou aprann moun li an vanse, li bon tou pou pwotestan yo deziye pa egzanp yon moun yo vle ki pou chita avèk 3 reprezantan leta sa yo nan depatman an pou di mo pa yo pou yo patisipe nan pran desizyon. Gen dè desizyon se pou korije sa k ap fèt la. Gen dè desizyon se pou fè l fèt pi vit. E donk, pwotestan an li menm avèk kòlèg li, Frè l ki nan menm legliz avè l ap tande, ap obsève. E lè sa a, l kapab pote sa frè ak sè pwotestan nan depatman an wè k bon pou kanpay la kapab ale pi byen e pi vit. Se menm jan an tou katolik yo ap fè l pou pèmèt chak sektè, chak relijyon konstitisyon an ba nou obligasyon pou nou respekte lafwa chak moun, relijyon chak moun. E donk, tout sè, frè n pwotestan yo, nou konte sou nou pou nou kapab patisipe nan di mo pa nou, nan di jan nou wè l, e, n ap kritike tou. Paske si pa gen kritik nan respè, dè fwa travay la al twò dousman. Men lè gen kritik nan respè sa pèmèt n ale pi vit.
Adwat Minis lan gen: Direktè kil lan nou konnen M. ANANTUA ki li menm g on gwo reskonsablite piske se li menm ki Direktè Kil. E donk tout kontak relasyon travay nou gen avèk li pral fasilite kanpay la vanse. Gen de fwa, se li menm ou pral wè pou fè l pa de kritik ou gen ou dè pwopozisyon ou gen. E li menm l ap kanalize kritik, pwopozisyon pa nou pou fasilite travay la fèt nan lòd, nan disiplin pou nou mache ansanm.
Nou genyen 2 moun ki bò kote Direktè ANANTUA ki se 2 kiben. Kiben yo bò kote pa yo, yo gen yon gwo reskonsablite tou paske yo gen eksperyans nan zafè alfabetizasyon. Yo vle patisipe, nou vle yo patisipe e donk ansanm nou gade ki jan n ap mache pou pèmèt nou vanse. Donk pi devan tou lè nou poze yo kesyon, yo kapab reponn pou nou menm si yo pa fò nan kreyòl, men gen moun ki la a ki kapab tradui pou yo an atandan yo vin pi maton nan kreyòl.
Pues, les deseamos bienvenidos y como hermanos juntos vamos a trabajar.
Nou tout ki la a, nou pral gen mikwo a k ap flannen, k ap pase bò kote nou, n ap gen posiblite pou n pran mikwo a pou nou poze kesyon nou wè ki merite poze. Si se mwen k pou bay repons, m ap bay repons, m ap prefere pran premye minit yo pou dyalòg sa a kontinye mwen menm avè nou. Answit, m pral deplase, lè sa a, minis lan, Sekretè Deta a e tout lòt moun ki te travay pou òganize bèl rankont sa a, y ap rete avè nou pou rankont lan kontinye nan dyalòg, nan pataj pwennvi de tèl sòt nou santi sa k ap fèt la se travay nou tout e nou tout ansanm. G on aspè nan alfabetizasyon an nou pral apwofondi lè pi devan moun ki plase pou sa ya vin fè l tankou Madam SALOMON ou byen Agwonòm DADAILLE si l la ki Majistra kounye a,
Se: Aspè ekonomik la,
2 ti mo m ta ka di sou aspè ekonomik la. An 1986 pou rive 1990, anpil moun! sitou jèn yo te vle pou alfabetizasyon an fèt. E jèn yo te menm di: yo pare pou yo pa al nan inivèsite pou yo pa al nan lekòl pou y al nan mòn, nan pwovens pou y al aprann sè ak frè yo li tankou yon gwo kwazad! malerezman Leta pat ko pare pou sa, volonte politik la pat sezi okazyon sa a.
1991, nou kòmanse, men l te kout, 7 mwa, nou pa gentan fè anpil.
1994, nou retounen, nou kreye Sekreteri Deta pou Alfabetizasyon an ki montre volonte nou gen pou alfabetizasyon an rive fèt. Lè sa a gen moun ki te konn di: Alfabetizasyon an s on bon bagay, men lè w grangou, vant vid pa gen zòrèy! Kouman pou w ap aprann li, w ap aprann ekri epi w grangou. Donk te g on pwoblèm la a. Jodi a pwoblèm nan poko disparèt. Men, teknik n ap mete anplas yo ka ede nou jwenn solisyon a pwoblèm yo. Se pou sa nou pale de: Alfa Ekonomik, paske alfabetizasyon an pou nou fò l mache avèk pwoblèm moun k ap aprann li, pwoblèm moun k ap aprann ekri.
Egzanp, si moun k ap aprann li a, li ekri komès sou tablo a (k, o, m e aksangrav s). Se trè byen. Men, l pi byen toujou si moun nan ka jwenn kredi ki pa yon kout ponya pou l ka fè komès la. Lè l ap aprann ekri komès sou tablo a epi l ap fè komès gras a kredi ki pa ponya l jwenn. Otomatikman alfabetizasyon an mache avèk yon repons pou van lan (lapè nan vant). Donk se pou sa nou pale de yon alfabetizasyon ki pa dwe bliye pwoblèm grangou, lavichè moun yo genyen. Menm jan an tou Leta genyen anviwon 200.000 ekta tè. Leta pa bezwen tè yo pou l kenbe yo pou li. Tè yo se pou ayisyen. Nan lòd, nan disiplin, Leta gen pou l kontinye distribye tè sa yo. Si gen yon moun ki jwenn yon kawo tè. Li enpòtan pou moun sa a kapab ekri sou papye kantite tè l genyen. Lè l plante mayi nan tè a, li bon pou l ka make sou kaye li konbyen mamit mayi l plante. Lè l rekòlte, li bon pou l ka make nan kaye li konbyen mamit mayi l fè nan rekòt la. Lè l vann, li bon pou l kapab make pri l vann epou l fè adisyon li. Lè sa a moun sa a anplis tè a li jwenn, li jwenn limyè konesans alfabetizasyon an ki pèmèt li santi l pi kontan. Si yon Notè ba l yon papye, li bon pou l kapab li papye a. Si yon apantè ba l yon papye, li bon pou l kapab li papye a.
Apantè a ba li a. Donk tou sa pou m di: alfabetizasyon an makònen avèk tout lavi moun nan, avèk tout reyalite moun nan. Lè yon moun malad, kè Bondye fè l mal. Lè yon moun soufri, se: Bondye k ap soufri. on moun ki kontan, se: Bondye k kontan. Chak sa nou fè pou yon moun sepou Bondye n fè l. E nou menm menm si se pa pou nou pataje levanjil Bondye a sèlman nou reyini la a, men nou kwè Bondye klè wi! li di: si w pa renmen m a travè moun ou wè a ala ou wè l epi w ap di: ou renmen m, ou nan manti wi! donk, chak ayisyen m wè, fò m renmen l. E si m renmen li, m kontan pataje limyè konesans avè l. E li menm tou lè sa a l santi m plis frè l. E si nou priye ansanm pase nou kwè nan menm Bondye a, nou santi lafwa a l mache ak zèv ki fè Bondye kontan, ki fè l plezi, e ki fè nou tout nou kontan pou n avanse ansanm.
Jodi a nan peyi d Ayiti, mwen kwè nou bezwen oksijèn espirityèl sa a, oksijèn lafwa sa a. Paske mizè a lè l ogmante, li ogmante apeti pou chak koukouy klere pou je l. M pral travay nan leta a, m pral chèche yon djòb pou m f on kòb pou m sove po m. Donk se fè kòb la k gen dwa tounen anbisyon k ap pouse moun. Alòke Bondye ta renmen pou nou tout nou sove ansanm. Bondye ta renmen pou pandan m ap sove, m ede w sove. Se Bondye ki Sovè a wi! jan nou preche li, jezi Kris se sèl Sovè a. E li bezwen m, li bezwen w pou nou youn ede lòt pranm wout la (wout alfabetizasyon) an se wout kote se ansanm n ap fè l. Si Leta te panse l te tèlman gwo nèg, li tèlman gen pouvwa depi l bay Dekrè pou gen alfabetizasyon sa t ap fèt, Leta t ap twonpe l. se avè w kòm sitwayen Leta konte pou l fè wout la jan minis lan sot eksplike. Li fè pati de tout pwogram edikasyon an. Nou kwè tou fò n respekte lafwa moun ki kwè nan Bondye, enben jodi a, moun ki kwè nan Bondye nou reyini ansanm nan respè youn pou lòt, n ap gade pou n wè kouman lafwa sa a ka ba nou fòs! limyè l pou nou fè mirak sa a fèt ansanm.
Donk sè m ak frè m yo, ma pral swete pou lè mikwo a ap pase na pran mikwo a pou nou poze m kesyon nou kwè nou merite poze m. e si m pa gen repons ma v al chèche repons, si m gen repons, ma pataje avè nou.
Dènye ti aksan pou m souliye a se nan jan Leta vle pran reskonsablite l. Si nou di: n ap fè alfabetizasyon nan Leta a epi nou pa gen yon bidjè pou sa, konnen Leta a nan manti, Leta a sou blòf. Fò Leta nan bidjè l prevwa konbyen kòb li gen menm si kòb la pa anpil men pou l al chèche. Nan bidjè a, nou travay pou gen plis kòb pase avan pou pèmèt kredi k pral jwenn moun ki nan sant alfabetizasyon yo pou yo jwenn li. Lè yo pale de mikwo kredi sètadi yon ti kredi. Sa ede moun ki nan sant alfabetizasyon an si se a travè BNC nan depatman kote l ye a ou byen yon lòt bank leta, ou byen koperativ ki pral benefisye anvlòp kredi pou yo menm kote yo ye a kòm koperativ, yo kapab fè kredi a mache. Lè sa a Leta santi l f on bon travay. Pou m mete l pi klè, m ap bay yon egzanp. Sipozon Gwomòn g on koperativ. Gen plizyè manm koperativ la k pa konn li, k pa konn ekri, koperativ la gen dwa pa gen kòb ase pou l bay Manm li yo kredi pou yo fè Pwodiksyon Nasyonal la ogmante plis.
Lè sa a Leta mete l dakò avèk koperativ la pou yo pèmèt lijwenn yon kredi pou koperativ la li menm bay Manm li yo k ap aprann li, k ap aprann ekri kredi a. E tout moun jwenn, tout moun kontan. Sa a se reskonsablite pa nou nan leta a nou pran l, kounye a sa nou bezwen, nou bezwen estrikti depatmantal la kanpe. E avan 25 Desanm, m espere estrikti depatmantal la l ap kanpe pou pèmèt lè nou pral rive avèk kredi a pou l pase pa estrikti depatmantal la. E se pou sa pwotestan yo, fòk depi yo vle, prezan anndan estrikti depatmantal la pou yo kapab kanalize kòb la desann anba al jwenn moun ki sant alfabetizasyon lè yo bezwen jwenn kredi a. Se avèk menm espri sa a tou m di: pral gen yon komisyon Nasyonal. Men Komisyon Nasyonal la, nou pa vle fè l anlè nan palè Nasyonal epi nou enpoze l. Non, nou prefere lè nou fin mete Komisyon Depatmantal yo kanpe, kounye a chak komisyon Depatmantal gen dwa delege moun li vle vin chita nan yon komisyon Nasyonal pou lè gen yon desizyon k pran nan komisyon Nasyonal la pou l kapab ateri pi byen a travè Komisyon Depatmantal yo e komisyon Depatmantal sa yo, yo menm tou yo ka wè nan chak komin ki Sou/komisyon k pou genyen nan chak seksyon kominal, ki lòt komisyon k pou genyen.
Lè sa a sa fasilite nou gen yon Estrikti Nasyonal ki konekte avèk anba e anwo pou mesaj la pase anwo desann anba, soti anba monte anwo san l pa gen twòp difikilte. Si bèl travay sa a nou fè l, lè n ap rive an 2004, lè sa a se pral yon Gwo Fèt Nasyonal, 200 zan depi nou endepandan kote yo te kenbe nou andeyò lekòl pou moun pa konn li, pa konn ekri pou yo ka eksplwate nou pi b yen, pou yo kapab toupizi nou pi byen. Gras a limyè Bondye a k pa vle eksplwatasyon, se: renmen Bondye ye, se: jistis Bondye ye, li pase a travè nou menm ki kwè nan li a travè tout peyi a pou n fè yon gwo gwo, gwo gwo kwazad! pou pèmèt nou chase fè nwa epi pou limyè Bondye a klere pou lè yon moun pran yon Chan Esperans; lè l ap chante, li ka pase nan premye kouplè, desann nan dènye kouplè a paske l ka li menm si l pa sonje l, men l ap wè l nan papye a.
Donc, ceci dit: mikwo a m sipoze l deja pare pou l mache,
Nenpòt ki nan nou kapab poze nenpòt ki kesyon.
(Tout asistans lan aplodi bèl entèvansyon Prezidan an)
Président Jean-Bertrand Aristide
Port-au-Prince
23/11/2001 |