Main

 
Liv Aprenan - 4 Chemen Konnen (Student's Manual - How to Read and Write Haitian Creole)

Liv aprenan 4 chemen konnen


(Liv aprenan ki mache ak liv

koute, pale, li, ekri: 4 chemen konnen)
 


©1996, Sekreteri d Eta pou Alfabetizasyon, Repiblik d Ayiti 


Liv Pwofesè 4 chemen konnen 


Kaye - 4 chemen konnen


 



Dr. Yves Dejean, Sekreteri d Eta pou Alfabetizasyon, Repiblik d Ayiti, 1996 

 

Nivo 1

Men sa n ap jwenn nan liv la

Leson

1 Nou gen sèvo ak men, paj 5

2 Men se zouti ki pa rete ak zouti, paj 7

3 Chemen konnen nimewo en se koute, paj 9

4 Chemen konnen nimewo de se pale, paj 12

5 Chemen konnen nimewo 3 se li, paj 15

6 Chemen konnen nimewo 4 se ekri, paj 18

7 Lanmò ap pase, paj 23

8 Tout moun se moun, paj 29

9 Tèt ansanm, paj 32

10 Mwen, paj 35

11 Pou ki sa nou pa te ka li, paj 38

12 Malere pote chay lou, paj 43

13 N ap konn li ak kè kontan, paj 47

14 Nou tire kont nou li kont, paj 59

15 Nou tire kont nou ekri kont, paj 73

16 Travay, paj 90

17 Eleksyon, paj 95

18 Manman, paj 100

19 Timoun, paj 105

20 Lekòl, paj 109

21 Dlo, paj 113

22 Grangou, paj 117

23 Plante pyebwa, paj 120

24 Pote plent, paj 123

25 Latè Fanmi m, paj 127

26 Kote aprann li ka mennen moun?, paj 131


Tablo lekti 1

a a a a a a a

a a a a a a a

i i i a a i a

i a a i i a i

e e e i e a e

a i e a e i e

o o o i o e i

o a o e o i o

è è è i è a è

è è i è e è è

ò ò ò è ò o ò

a ò i ò o ò ò

ou ou ou i ou ò ou

o ou a ou e ou ou

an an an ou an ò an

ou an a an e an an

en en en an en e en

ou en i en an en en

on on on en on ou on

an on o on ò on on


Tablo lekti 2

la al pa ap ta at ma am sa as

li il pi ip ti it mi im si is

lè èl pè èp tè èt mè èm sè ès

lò òl pò òp tò òt mò òm sò òs

lou oul pou oup tou out mou oum sou ous

le el pe ep te et me em se es

lo ol po op to ot mo om so os

lan anl pan anp tan ant man anm san ans

len enl pen enp ten ent men enm sen ens

lon onl pon onp ton ont mon mon son ons

ra re rè ran ri re

ka ak da ad ya ay na àn ba ab

ki ik di id yi yi ni in bi ib

kè èk dè èd yè èy nè èn bè èb

kò òk dò òd yò òy nò òn bò òb

kou ouk dou oud you ouy nou oun bou oub

ke de ye ey ne be

ko do yo oy no bo

kan ank dan yan any nan ann ban

ken enk den yen eny nen enn ben

kon onk don yon ony non onn bon


Tablo lekti 3

wa aw cha ach va av ja aj ga ag fa af za az

wi iw chi ich vi iv ji ij gi ig fi if zi iz

wè èw chè èch vè èv jè èj gè èg fè èf zè èz

wò òw chò òch vò òv jò òj gò òg fò òf zò òz

wou ouw chou ouch vou jou ouj gou fou ouf zou ouz

we ew che ve je ge fe ze

wo ow cho vo jo go fo zo

wan anw chan anch van jan anj gan ang fan zan

wen enw chen ench ven jen gen eng fen zen enz

won onw chon onch von jon onj gon ong fon zon onz


Leson 1

nou gen men
ou gen men
li gen men
yo gen men

nou gen sèvo
ou gen sèvo
li gen sèvo
yo gen sèvo

nou gen sèvo ak men
ou gen sèvo ak men
li gen sèvo ak men
yo gen sèvo ak men

nou gen men ak sèvo
ou gen men ak sèvo
li gen men ak sèvo
yo gen men ak sèvo

nou gen sè
ou gen sè
li gen sè
yo gen sè


Leson 2

Men se zouti

Ki pa rete ak zouti

Men nou se bon zouti
Men wou se bon zouti
Men li se bon zouti
Men yo se bon zouti

bon bon se men ak sèvo

sèvo se pi bon zouti nou genyen
sèvo se pi bon zouti ou genyen
sèvo se pi bon zouti li genyen
sèvo se pi bon zouti yo genyen

men nimewo nou ka li yo

nimewo 1 se 01 nimewo en se zewo en
nimewo 2 se 02 nimewo en se zewo de
nimewo 3 se 03 nimewo en se zewo twa
nimewo 4 se 04 nimewo en se zewo kat
nimewo 5 se 05 nimewo en se zewo senk
nimewo 6 se 06 nimewo en se zewo sis
nimewo 7 se 07 nimewo en se zewo sèt
nimewo 8 se 08 nimewo en se zewo uit
nimewo 9 se 09 nimewo en se zewo nèf


Leson 3

chemen konnen nimewo en se koute

lè nou te piti
nou te koute sa manman nou di

lè nou te piti
nou te koute sa papa nou di

lè nou te piti
nou te koute sa fanmi nou di

lè nou te piti
nou te koute sa zanmi manman nou di

lè nou te piti
nou te koute sa zanmi papa nou di

se nan koute yo
nou rive konnen sa nou konnen

koute se chemen konnen nimewo en

nou koute wou
nou koute li
nou koute nou
nou koute yo

ou koute sa li di
ou koute sa nou di
ou koute sa yo di

ou konnen sa li di
ou konnen sa nou di
ou konnen sa yo di

li konnen sa
ou konnen sa
nou konnen sa
yo konnen sa

koute se chemen konnen nimewo en pou li
koute se chemen konnen nimewo en pou wou
koute se chemen konnen nimewo en pou nou
koute se chemen konnen nimewo en pou yo


men sa nou ka li

ame koulè manti pase
anyen kounan mennen piki
bondi koupi nannan piman
cheche koure niche pipi
cheri kouri palè pise
cheve kouti pami piti
kondi mete papi sere
konte mimi pare seri
kouche manche pari tiyo


Leson 4

chemen konnen nimewo de se pale

chemen konnen nimewo 2 se pale
pale se chemen konnen nimewo de
pale se chemen konnen nimewo 2

ou koute ou pale tou
tou out

tout koze pa bon pou pale
pa pale tout koze

se wou ki pale
se wou ki koute
wou out

pale se wout kennen nimewo de
pale se wout kennen nimewo 2
wout konnen nimewo de se pale
wout konnen nimewo 2 se pale
wout konnen nimewo en se koute
wout konnen nimewo 1 se koute

koute ak pale se 2 wout konnen
gen fi ki gen tèt
tè èt
tout fi gen tèt
gen gason ki gen tè
tout gason gen tèt
fi ak gason tèt ak men
lè yo pale nou konnen sa ki nan tèt yo

lò òl
wò wòl pawòl

men pawòl nou ka li

alèkile limen rele
defile lite sale
demele mele sele
depale pawoli sonde
file poupou woli
gade pouri wowoli
kole pouriti woule
komite pouse
koule rekile


Leson 5

chemen konnen nimewo 3 se li

li se chemen konnen nimewo 3

vi iv
li liv
nou li
nou li liv

li se wout konnen nimewo 3
wout konnen nimewo 3 se li

li se wout konnen nimewo 3 pou wou
li se wout konnen nimewo 3 pou li
li se wout konnen nimewo 3 pou nou
li se wout konnen nimewo 3 pou yo
nou oun
mou moun
li se wout konnen nimewo 3 pou tout moun

kò òk
fò fòk

non onn
kon konn

fòk ou konn li
fòk li konn li
fòk nou konn li
fòk yo konn li
fòk tout moun konn li

li il
pi pil anpil

ba ab
ya ay
bay
ya ay
ga bagay

nou li anpil bon liv
epi nou konnen anpil bagay

men pawòl nou ka li nan liv

ale dekole lise
anmize devire mize
bale kale pile
balize kalekò pitimi
bare kalite tire
dekale lavi vire


Leson 6

chemen konnen nimewo 4 se ekri

gade foto yon kreyon


kreyon

mete i pou e nan kre

sa ban nou kri
ak ekri

chemen konnen nimewo kat se ekri
chemen konnen nimewo 4 se ekri

ekri se chemen konnen nimewo kat
ekri se chemen konnen nimewo 4
ekri se wout konnen nimewo kat
ekri se wout konnen nimewo 4

moun ekri pou yo chonje sa yo konnen
lè kon sa yo konnen sa pi fen

gen kat bon wout konnen pou tout moun
se koute
se pale
se li
se ekri

fòk tout moun konn ekri
nou pa te konn li nou pa te domaje pou sa
nou pa te konn ekri nou pa te domaje pou sa
moun ki pa domaje konn mache
moun ki pa domaje konn mache kouri

tè èt
bè èt
bèt
moun ki pa konn moute bèt pa domaje pou sa

ni in
chi chin
machin
moun ki pa konn moute machin pa domaje pou sa

gade foto yon avyon


avyon

moun ki pa konn moute avyon pa domaje pou sa
moun ki pa konn li manke yon zouti
moun ki pa konn li pa domaje pou sa
moun ki pa konn ekri manke yon zouti
moun ki pa konn ekri pa domaje pou sa

se peyi a ki domaje lè pi fò moun pa konn li
se peyi a ki domaje lè pi fò moun pa konn ekri

lè tout moun konn li peyi a ap avanse
lè tout moun konn ekri peyi a ap avanse

koute pale li ekri se kat bon chemen konnen
koute pale li ekri se kat bon zouti konnen
zouti li ak zouti ekri se pou tout moun

lè moun kòmanse ekri, yo merite koute ki son ki mache ak lèt
b ch d f g j k l m n p s t v y z

men ki jan sa kapab fèt

koute son ki nan kòmansman epi nan fen onz pawòl

bab kèk sis
chich l al tèt
fif menm viv
jij pip

koute son ki nan fen senk pawòl

lèd nenmenn raz

nèg ayaya


Leson 7

lanmò ap pase

yo touye malere pou dan ri

lè èl
vè vèl
nouvèl

chemen konnen nimewo en se koute
nan koute
nou tande move nouv`l
se ane ti pè a monte
an sektanm
nou tande nouvèl koudeta

li il
mil
lame touye 3 mil moun

gade foto yon radyo


radyo

moun koute radyo

tò òt
lò lòt

moun koute radyo lòt peyi
chou ouch
bou bouch
moun koute pawòl bouch an bouch

militè touye 3 mil moun
moun ap pale mande nouvèl
pale se wout konnen nimewo 2
moun pa pale fò
yo pale piti

yè èy
rè rèy
zòrèy
yo pale nan zòrèy

kè èk la al
kèk na nal
kèk moun li nouvèl nan jounal
kèk moun ekri fanmi yo nan peyi a
kèk moun ekri fanmi yo nan lòt peyi

ekri se wout konnen nimewo 4

yo touye timari
yo touye timari pou dan ri

militè ak atache touye anpil malere
yo touye manman
yo touye papa

ti it
pitit
yo touye pitit
yo touye s
yo touye zanmi
yo touye fanmi
yo touye timoun piti
yo touye lamè
yo touye lepè

yo touye Izmeri pou dan ri
militè ak atache touye yon komèsan ki te siyen Izmeri
yo touye Malari pou dan ri

si is si is
ji jis ni nis
ti jistis minis

militè ak atache touye yon minis lajistis ki rele Gi Malari

yo touye Janmari Vensan pou dan ri
militè ak atache touye touye janmari vensan

lè èl pè èp
rè rèl pèp
rèl pèp la janbe lanmè

dan reken pi dous pase ouzi
dan reken pi dous pase fizi

nan ann
kan annk
anpil moun pati nan kanntè

kanntè


Leson 8

tout moun se moun

lavi tout moun gen menm valè

tibebe gen menm valè ak manman pitit
pitit fi gen gen menm valè ak gason
timoun piti gen menm valè ak jenn moun
ti jennfi gen menm valè ak ti jennjan
madanm gen menm valè ak mari
lamè gen menm valè ak lepè
ti piti gen menm valè ak pèsonaj
fi gen menm valè ak gason
moun ki pa fò gen menm valè ak moun save
malere gen menm valè ak moun rich
moun enfim gen menm valè ak moun ki pa enfim
moun lèd gen menm valè ak moun ak bèl moun


kle

moun vini gen men valè ak moun lakay
solèy klere pou tout moun
libète se pou tout moun
respè se pou tout moun
kè poze se pou tout moun
kè kontan se pou tout moun
konnen se pou tout moun
konn li se pou tout moun
konn ekri se pou tout moun
bon kay se pou tout moun
manje chak jou se pou tout moun
bon pawòl ak bèl pawòl se pou tout moun

men bèl pawòl pèp la di

piti pa gate vayan
lanmò kannòt se pou tout pechè


krapo

kay krapo pa janm chèch

Lè mabouya moute sou wòch pou l di l ap pini wòch se tèt li li pini.


Leson 9

Tèt ansanm

Men 3 wòch dife

Man anm
San ansanm

Men 3 wòch dife nou oun
Si m wete youn rete 2 you youn
3 wòch yo pa ansanm mi im
si si m

nan mwe wete e mete en nou gen mwen
si m wè liv la
se pou m wè pawòl ki nan liv la
nan m wè wete è mete en nou mwen

tèt ansanm se mwen ak ou
tèt ansanm se mwen ak li
tèt ansanm se mwen ak nou
tèt ansanm se mwen ak yo
tèt ansanm se lè nou mete men ansanm
tèt ansanm se lè nou kole tèt nou ansanm
tèt ansanm se lè nou pote chay lou ansanm
pou chay la pi lejè
tèt ansanm se lè nou manje ansanm
pou tout moun gen moso
tèt ansanm se lè nou fè sa n ap fè ansanm
tèt ansanm se lè nou mete lide nou ansanm
tèt ansanm se lè nou mete kouray nou ansanm
tèt ansanm se lè nou konbat lamizè ansanm
tèt ansanm se lè nou kiltive tè nou ansanm
tèt ansanm se lè nou okipe bèt nou ansanm
tèt ansanm se lè nou sipòte doulè nou ansanm
tèt ansanm se lè nou santi kè nou kontan ansanm
tèt ansanm se lè nou chante ansanm
tèt ansanm se lè nou chita pale ansanm
tèt ansanm se lè nou li ansanm
tèt ansanm se lè nou ekri ansanm


Leson 10

mwen

moun ap di sa yo ye
moun ap pale sa yo fè

mwen se manman pitit
m ap leve pitit mwen

mwen se papa pitit
m ap leve pitit mwen

mwen se kiltivat
mwen fè kilti latè

mwen se bòs mason
mwen fè kay blòk
mwen fè kav blòk

mwen se bòs ebenis
mwen fè tab ak tout kalite mèb
mwen fè sèkèy tou

mwen fè kouti
mwen fè wòb nòs
mwen koud rad dèy

m achte mwen vann nan mache
mwen se machann kenkay

mwen se mawoule
mwen mennen bèf sot okay al vann nan kapital la

mwen se chofè machin
nou wè mwen pase sou volan yon machin

mwen se chany
mwen fè soulye nou klere soulye

mwen se pechè
mwen bat move lanmè

mwen se fanmchay

mwen se bòs tayè
mwen fè pantalon ak chemiz

mwen se maren
mwen mennen batiman

mwen se mandan sara
mwen fè komès ale vini

mwen se manbo
mwen oungan
mwen se kawotchoumann
mwen se amatè kòk

mwen se doktè fèy
mwen se ranjè d zo
mwen fè gadinaj bèt


Leson 11

pou ki sa nou pa te ka li

gen moun ki di se sòt nou sòt
si nou te sòt nou pa ta ka tire bèl kont
men douz bèl kont ki ekri nan leson sa a
se pa moun sòt ki fè yo

1- nègès mwen pi pito rete nan rak
se kafe

2- ti badin kat fas
se ba savon

3- yon sèl kout wou fouye 2 tou
se zago bèf

4- ou kapab koupe m men ou pa kab fann mwen
se cheve

5- riban manman m pann mwen
se militon

6- manman gen twa pitit si youn pa la 2 pa ka sèvi
se wòch dife

7- papa m bati yon kay tout an tou
se nas

8- papa m bati yon kay tout an bouton
se kachiman

9- fè m m a pase w
se pon

10- wou mou fouye tè di
se nen kochon

11- papa m gen yon ti cheval se lè li chita li pi wo
se chen

12- m al chache metsen metsen rale kouto sou mwen
se krab

si sanba ki pa ka li te sòt
yo pa ta ka fè bèl chante

si mandan sara ki pa ka li te sòt
yo pa ta ka fè komès

si maren ki pa ka li te sòt
yo pa ta ka mennen batiman ni naso ni mayami

nou pa ta ka li paske yon ti ponyen moun
chache kenbe konnen an pou yo menm sèl

nou pa ta ka li paske yon te derefize bay pèp la lapawòl

nou pa ta ka li paske leta vanse fè de san ane san li pa okipe pawòl pèp la

nou pa ta ka li paske leta vanse fè de san ane san dokiman leta pa ekri an kreyòl

nou pa ta ka li paske se pa an kreyòl lekòl fèt nan peyi a

nou pa ta ka li paske manke lekòl nan peyi a

nou pa ta ka li paske kreyòl pa kòmande nan palè

nou pa ta ka li paske kreyòl pa kòmande lachanm

nou pa ta ka li paske kreyòl pa kòmande nan biwo minis.

nou pa ta ka li paske kreyòl pa kòmande nan biwo leta

nou pa ta ka li paske kreyòl pa danse nan tèt jij


Leson 12

malere pote chay lou

lavi a di anpil pou malere

yo redi

yo pote chay lou pou yo ka fè de goud

yo pote tout kalite chay lou

yo pote bokit lou

yo pote kivèt lou

yo pote pànye lou

yo pote sak lou
pou malere manje fòk yo redi

yo pote pànye lou
men ti monnen yo fè a konn pa kont pou yo monte chodyè


Chodyè

Tout lajounen malere ap bourike
Yo pa pè fatig
Yo pa pè leve bonè nan bon tan nan move tan
Yo pa pè lawouze
Yo pa pè solèy cho
Lavi di sa a lakòz malad
Leta pa t janm sèvi malere
Leta te toujou toupizi malere
Gouvènman ki te ka la yo pa te janm an favè malere
Yo pa t janm fè anyen pou malere
Yo te kite malere nan tèt chaje sa
Chanje sa pa fasil

Se bon kalite gouvènman sèl ki ka fè kichòy pou malere

Sa di lè yon moun ap leve chay lou
Sa pi di lè moun ap leve chay lou
Pou yon ti monnen ki pa ka fè anyen

Si peyi a gen bon kalite gouv`nman
Yon jou malere va manje kont manje
Yo va abiye nan gou yo
Yo va sispann pote chay lou pou yon ti monnen


Leson 13

N ap konn li ak kè kontan

Lè nou nan wout konn li
Se pa pou figi nou mare
Se pou nou ri tou.

De ti gason tap gade yon bann ki tap pase
Gen youn ki di
Papa m wa nan bann nan

Yon jou m a wa tou sa ban nou mwa
12 mwa se yon ane
nan mwa wete a mete en nou gen mwen
epi mwens

nan mwen wete en mete e
nou gen mwe nan anmwe

nan mwen wete en mete è
nou gen mwè nan nwèl

m ap wa tou sa ban nou pwa pwa wouj
pwason pwazon

nan pwa wete a mete en
nou gen pwen nanpwen

nan pwen wete en mete è
nou gen pwè nan pwès
labouyi a pwès
lòt ti gason an di
ni wou ni mwen se pou n wa
sa ban nou nwa pwa nwa
nwa kou

nan mwa wete a mete è
nou gen nwè
ak nwèl

nan nwè wete è mete i nou gen nwi nwit
ak lannwit

rat konn sa li fè lannwit ki fè li pa mache lajounen

tande ak wè se de sa ban nou kwè

gen moun ki pa kwè si yo pa wè
lè kon sa yo di nèg mande wè

nan kwè wete è mete i
nou gen kwi kwit

pile pitimi pa gen zanmi se kou l kwit li gen zanmi

nan kwi wete i mete en nou gen kwen rakwen
kwense
pikan kwenna

nan kwen wete en mete a nou gen kwa kwaze
pikwa kwak

louvri je nou pou kapab wè
sa dan nou bwè bwèt

nan bwè wete è mete a nou gen bwa bwat
bwason bwate

nan bwa wete a mete e nou gen bwe nan bwete
bweson

pa kite mouch watè poze nan manje nou sa ban nou chwa
mouchwa
chwazi
chwal machwa

nan chwa wete a mete è nou gen chwè
nan machwè

nan chwè wete è mete i nou gen chwi
nan chwichwichwi

nan chwi wete i mete e nou gen chwe

gen moun ki malad lopital
moun ki malad lopital
kontan wè zanmi yo

yo di pomad souf se remèd lota
sa ban nou dlo

lè moun lèd wè lòt ki pi lèd pase yo
sa ba yo kouraj
sa ban nou dwè nan dwèt

nan dwèt wete è mete a nou gen dwa dwat

nan dwa wete a mete e nou gen dwe

nan dwe wete e mete ò
nou gen dwò nan dwòl

lè wa kouri souf wa kout sa ban nou fwa

nan fwa wete a mete i sa ban nou fwi

nan fwi wete i mete en sa ban nou fwen
nan fwenk
fwenn

nan fwen wete en mete è sa ban nou fwè
nan fwèt

nan fwè wete è mete e sa ban nou fwe nan fwete

nèg kout ak nèg wo se moun
sa ban nou gwo
gwosè
gwo nèg

nan gwo wete o mete a
sa ban nou gwa
nan gwayav
tigwav

nan gwa wete a mete i
sa ban nou gwi
zegwi
egwi

nan gwi wete i mete e
sa ban nou gwe nan pengwen

nan gwen wete en mete ò
sa ban nou gwò nan gwòs gwòg

ti malis vòlò ze nan kalòj wa
sa ban nou jwa boujwa

nan jwa wete a mete i
sa ban nou jwi

gen moun ki jwi lavi a

nan jwi wete i mete e
sa ban nou jwe dejwe

nan jwe wete e mete en
sa ban nou jwen jwenn

nan jwen wete en mete è
sa ban nou jwè jwèt

al wè sa ki pase
sa ban nou lwè nan lwès lalwèt

nan lwè wete è mete i
sa ban nou lwi nan lwijanboje lwil

nan lwi wete i mete a
sa ban nou lwa lwaye

nan lwa wete a mete en
sa ban nou lwen

nan lwen wete en mete e
sa ban nou lwe

nan lwe wete e mete an
sa ban nou lwan nan lwanj

tijan al tann nas wa nan lanmè
sa ban nou swa paswa
nan swa wete a mete en
sa ban nou swen malswen

nan swen wete en mete i
sa ban nou swi nan swif

rat wè chat chat wè rat youn ap veye lòt
sa ban nou twè nan twèl
batwèl

nan twè wete è mete a
sa ban nou twa
nimewo twa
twaze twalèt

nan twa wete a mete i
sa ban nou twi nan enstwi
detwi

nan twi wete i mete o
nou gen two nan kontwole
twoke

nan two wete o mete ò
nou gen twò twòp
kontwòl twòkèt

nan twò wete ò mete on
nou gen twon nan twonpèt twonpe
twonse patwon

bann nan rele viv wa bann nan
sa ban nou vwa vwazen vwazin
vwala vwal

nan vwa wete a mete e
sa ban nou vwe nan devwe

nan jwèt kat pa gen douz wa
sa ban nou zwa zwazo
razwa

nou kapab li nou kapab li
mare barèt
ye yè
eseye li marye eseye li baryè
charye karyè
kiriye fè bak annaryè

nou kapab li nou kapab li
maren marasa
anyen ya
eseye li aryennafè eseye li maryaj
voryen kòryas
akaryat

nou kapab li nou kapab li
aran gagari
yan yon
eseye li esperyans eseye li garyon
karyann bourik garyon
wòch karyann

nou kapab li
mari
yo
eseye li karyoka
seryozite


Leson 14

nou tire kont
nou li kont

timtim-bwa chèch
m al chache metsen metsen rale kouto sou mwen

krab

sa krab ye
ban nou bye nan krabye babye
jibye

nan bye wete e mete è
sa ban nou byè byèl

nan byè wete è mete en
sa ban nou byen debyen

nan byen wete en mete an
sa ban nou byan nan anbyans

nan byan wete an mete a
sa ban nou bya nan mabyal
babyadò
sa rad ye
sa ban nou dye adye bondye

nan dye wete e mete a
sa ban nou dya nan dyab

nan dya wete a mete o
sa ban nou dyo nan radyo

nan dyo wete o mete ò
sa ban nou dyò nan dyòl dyòlè

nan dyò wete ò mete en
sa ban nou dyen nan gadyen
endyen dyenn

nan dyen wete en mete è
sa ban nou dyè nan gadyè
landyèz dyèt

nan dyè wete è mete an
sa ban nou dyan nan dyanm
odyans

nan dyan wete an mete on
sa ban nou dyon nan dyondyon

timtim-bwa chèch
papa m moute yon kay sou yon sèl poto
se dyondyon
yon sèl kout wou fouye 2 tou
se zago bèf

sa bèf ye sa ban nou fye

nan fye wete e mete è
sa ban nou fyè fyèl
lafyèv

nan fyè wete è mete o
sa ban nou fyo nan konfyolo

nan fyo wete o mete an
sa ban nou fyan nan konfyans

timtim- bwa chèch

dlo desann manman m pa kab janbe pitit nan vant li janbe
se bal fizi

sa bal ye sa ban nou lye nan milye
olye kolye

nan lye wete e mete on
sa ban nou lyon milyon

nan lyon wete on mete an
sa ban nou lyan nan alyans
lyann

sa timtim ye
sa ban nou mye fimye
ranmye

nan mye wete e mete è
sa ban nou myè nan enfimyè
limyè myèl

nan myè wete è mete on
sa ban nou myon nan kamyon

sa lalin ye
sa ban nou nye dènye

nan nye wete e mete è sa ban nou nyè nan nyès
ladènyè

timtim-bwa chèch
lenge lenge kaka ti kole
siwèt kalimèt pip

sa pip ye
sa ban nou pye kopye

timtim-bwa chèch
10 pye wotè kannari bwa
se kokoye

nan pye wete e mete a
sa ban nou pya nan pyas

nan pya wete a mete è
sa ban nou pyè pyès pyèj

timtim - bwa chèch
pyès sou pyès san kouti
se zonyon

nan pyè wete è mete an
sa ban nou pyan

timtim - bwa chèch
papa monte yon kay tout an tou
se nas

sa nas ye
sa ban nou sye nan visye isye
mesye

nan sye wete e mete è
sa ban nou syè nan syèl asyèt

nan syè wete è mete en
sa ban nou syen nan ayisyen mizisyen
mekanisyen
nan syen wete en mete o
sa ban nou syo nan syèl nasyonal

nan syo wete o mete on
sa ban nou syon nan aksyon
pòsyon pinisyon
endispozisyon nasyon

nan syon wete on mete an
sa ban nou syan nan syans
konsyans
pasyans

pasyans fè w wè longè fyèl foumi
jan chat mache se pa kon sa li kenbe rat

sa rat ye
sa ban nou tyè mwatye
katye metye

nan tye wete e mete a
sa ban nou tya nan tyas tyatya

nan tya wete a mete en
sa ban nou tyen nan soutyen

nan tyen wete en mete on
sa ban nou tyon nan petyonvil

nan tyon wete on mete è
sa ban nou tyè nan
semityè simityè
setyèm matyè

timtim bwa chèch
papa m gen yon pyebwa se fèy sèlman ki ladan n
se kaye-liv

sa liv ye
sa ban nou vye janvye
vyewo vyelon

nan vye wete e mete è
sa ban nou vyè nan vyèj larivyè
sèvyèt

nan vyè wete è mete on
sa ban nou vyon nan avyon

nan vyon wete on mete en
sa ban nou vyen nan jou va jou vyen

nan vyen wete en mete o
sa ban nou vyo nan vyolèt

nan vyo wete o mete an
sa ban nou vyan nan vyann

sa gaz ye
sa ban nou zye zizye

nan zye wete e mete è
sa ban nou zyè nan lizyè
dezyèm lizyè
twazyèm sizyèm

nan zyè wete è mete on
sa ban nou zyon nan desizyon
okazyon divizyon

moun pa fèt pou yo manje anba tab la

tout moun ap manje bò tab la
sa ban nou bla nan blabla
blayi blag
nan bla wete a mete e
sa ban nou ble sable
blese
nan ble wete e mete è
sa ban nou blè nan feblès
ladyablès

nan blè wete è mete i
sa ban nou bliv nan oubli
sètoblije

nan bli wete i mete an
sa ban nou blan fèblan
sanblan

nan blan wete an mete en
sa ban nou blen nan blenm
blennde
nan blen wete en mete o
sa ban nou blo nan bloke
tablo blofe
nan blo wete o mete ò
sa ban nou blò nan blòf
blòk
timtim-bwa chèch
poutèt yon ayisyen mwen tiye dis blan
se mango

kòb ra
sa ban nou bra bras brase
brav

nan bra wete a mete è
sa ban nou brè nan brèf
doumbrèy

nan brè wete è mete i
sa ban nou bri brize
brile kabrit
nan bri wete i mete en
sa ban nou bren brenn

nan bren wete en mete an
sa ban nou bran nan brannen

Timtim - bwa chèch
Baryè ba kabrit pa ka janbe
Se lanmè


Leson 15

Nou tire kont
Nou ekri kont

Lontan gad rale revòlvè sou moun pou dan ri

Gad rale
Sa ban nou dra nan drapo avadra

nan dra wete a mete e
sa ban nou dre nan drese poudre

nan dre wete e mete i
sa ban nou dri drive pèdri
aladriv
nan dri wete i mete en
sa ban nou dren malandren

bèf la move
sa ban nou fla nan flach

flach

nan fla wete a mete è
sa ban nou flè souflèt

nan flè wete è mete e
sa ban nou fle nan fleri soufle
gonfle

nan fle wete e mete an
sa ban nou flan nan flannen
flann flanke
nan flan wete an mete i
sa ban nou fli nan flite flit

nan fli wete i mete o
sa ban nou flo flote

bèf redi nan rale kabwèt kann

sa ban nou fre fredi frekan

nan fre wete e mete an
sa ban nou fran franse
soufrans
nan fran wete an mete i
sa ban nou fri frize soufri

nan fri wete i mete è
sa ban nou frè lafrèch

nan frè wete è mete en
sa ban nou fren frennen

nan fren wete en mete a
sa ban nou fra nan frapes
anfrajele frajil

ti nèg la ap gade figi l nan glas
sa ban nou gla nan glas glase
glasi

nan gla wete a mete an
sa ban nou glan nan glann

nan glan wete an mete e
sa ban nou gle nan begle vegle

nan gle wete e mete è
sa ban nou glè

nan glè wete è mete en
sa ban nou glen nan zenglen


nan glen wete en mete i
sa ban nou gli nan glise legliz

timtim - bwa chèch
mòn makaya toujou glise
se nen bèf

nan gli wete i mete ò
sa ban nou glò nan glòs glòb

nèg gad figi yo nan glas nèg ri

sa ban nou gri grigri griye

nan gri wete i mete a
sa ban nou gra madigra gras

timtim - bwa chèch
dèyè kou kaporal toujou gra
se kwi chodyè

nan gra wete a mete an
sa ban nou gran grandi grannn

nan gran wete an mete e
sa ban nou gre nan grese

nan gre wete e mete è
sa ban nou grè nan grès grèp kafe
grèf regrèt

nan grè wete è mete en
sa ban nou gren nan grenn grennen

timtim - bwa chèch
ti frè al ka gran frè gran frè pa al ka ti frè
larivyè al nan lanmè, lanmè pa al nan larivyè

yon nèg ap pote yon sak lou
nèg la pa manje chak lè e sak la lou anpil

sak la sa fè kla nan klas
nan kla wete a mete ou sa fè klou

klou

nan klou wete ou mete è
sa fè klè
zèklè
nan klè wete è mete i sa fè kli nan klise klis

nan kli wete i mete o
sa fè klo nan zoklo kloti

nan klo wete o mete e
sa fè kle klere

nan kle wete e mete ò
sa fè klò klòch

nan klou wete ou mete è
sa fè klè

klòch

nan klò wete ò mete an
sa fè klan nan deklanche

bèl kont nan liv lekòl fè elèv lekòl ri
sa ban nou vle

nan vle wete e mete o
sa fè vlo nan vlope devlope

nan vlo wete o mete ò
sa fè vlò nan anvlòp

nan vlò wete ò mete en sa ban nou vlen

nan vlen wete en mete ou sa ban nou vlou

bèl kont fè elèv ri
sa ban nou vri nan ouvriye kouvri
louvri avril

nan vri wete i mete e
sa ban nou vre sevre

nan vre wete e mete an
sa ban nou vran nan delivrans

nan vran wete an mete è
sa ban nou vrè nan vrèman vre

timtim - bwa chèch
zo bouke vyann
woma - krab

krab

sa ban nou kra nan akra kraze kras

nan kran wete an mete e
sa ban nou kre nan kreyon kretyen
krebete kreson

nan kre wete e mete è
sa ban nou krè nan akrèk

nan krè wete è mete en
sa ban nou kren pye sikren
krentif
nan kren wete en mete i
sa ban nou kri ekri kris
kribich krich

nap la kouvri tab la
sa ban nou pla plas plat plase

nan pla wete a mete an
sa ban nou plan planch plante

nan plan wete an mete e
sa ban nou ple nan plezi souple
plede pledman

nan ple wete e mete è
sa ban nou plè nan plètil silvouplè

nan plè wete è mete en
sa ban nou plen plent plenn plenyen

nan plen wete en mete i
sa ban nou pli lapli plis plizyè

nan pli wete i mete o
sa ban nou plo nan konplo ploge ploye

nan plo wete o mete ò
sa ban nou plò nan plòt plòg

nan plò wete o mete on
sa ban nou plon nan plonje

timtim - bwa chèch
si nou vle wè plezi vye manman tòde kou li
se grèf kafe

ti bebe ap rale
vye granmoun ap prale
sa ban nou pra nan pral pratik

nan pra wete a mete an
sa ban nou pran siprann aprann

nan pran wete an mete e
sa ban nou pre prese prete premye

achte peye prete remèt fè zanmi dire byen pre pa lakay

nan pre wete e mete è
sa ban nou prè nan près prèske konprès

nan prè wete è mete en
sa ban nou pren nan prensip pòtoprens
prentan

nan pren wete en mete i
sa ban nou pri nan priye priyè

chat rayi rat rat rayi chat
sa ban nou tra nan tras fatra kontra
trayi traka
nan tra wete a mete an
sa ban nou tran nan tranche tranpe
transpò

nan tran wete an mete e
sa ban nou tre nan trete antre kontre

byen jwenn byen kontre

nan tre wete e mete è
sa ban nou trè très lekontrè
metrès trèt
nan trè wete è mete en
sa ban nou tren trennen

nan tren wete en mete i
sa ban nou tri nan trip triche tritri

Timtim - bwa chèch
Granpapa m senpyè gran lapriyè lapriyè tèt anba
Se chòdchòd



***************

©1996, Sekreteri deta pou Alfabetizasyon, Repiblik d Ayiti


Kreyatè Premye Vèsyon Elektwonik ki parèt sou Entènèt
Edisyon Konbit, 2001


Redaksyon / Modifikasyon fòma
Marilyn Mason, 2001, 2004, 2005






Koutwazi / Courtesy of The Creole Clearinghouse