Dr. Yves Dejean, Sekreteri d Eta pou Alfabetizasyon, Repiblik d Ayiti, 1995
De mo silvouplè
Men yon liv nou rele Ki jan pou non montre granmoun li. Non liv la deja di nou ki wòl li ak ki sa li kab itil. Men, non an manke moso ladan n. Se kòm yon chemen dekoupe. Li vle di: Ki jan pou nou montre granmoun ekri tou.
Li ak ekri mache ansanm. Se tankou manje ak bwè. Le yon moun di yon lòt: vin manje. sa vle di vin bwè kichòy tou. Li te mèt yon vè dlo, yon gode te, yon tas kafe, yon boutèy kola, yon ji sitwon. Liv la fèt pou tout moun ki konn li ede lòt moun aprann li toutbon, aprann ekri toutbon.
Nou swiv 4 prensip nan chwazi pawòl ki ekri nan liv la. Se menm prensip nou swiv nan koute pale li ekri 4 chemen konnen.
Premye prensip: Sèvi ak pawòl senp, pawòl klè, pawòl pi fò moun kapab konprann.
Dezyèm prensip: Ekri espesyalman pou moun ki konn pale kreyòl sèlman.
Twazyèm prensip: Ekri yon liv ki fèt pou moun ki poko konn li tou. Tout bon pawòl ki nan liv la ansanm ak tout bon esplikasyon, ansanm ak tout bon konsèy, ansanm ak tout pinga, moun ki poko konn li, moun k ap aprann li mérite tande yo klè. Se pou yo kapab konprann yo byen.
Katriyèm prensip: Nou pa ekri pawòl ki nan 2 liv yo, pou nou montre granmoun pale kreyòl. Nou pap chache montre yo ki jan pou yo di yon bagay yo konnen oubyen yon bagay y ap aprann. Anbisyon nou se montre yo li ak ekri lide yo deja genyen nan tèt yo ak lot bagay y ap etidye.
Pèsonn pap aprann li pou yon lot moun. Pèsonn pap aprann ekri pou yon lot moun. Granmoun k ap aprann li yo se yo menm menm k ap fè travay ki pi prensipal la. Lot moun, ki deja konn li, ap ba yo konkou. Nanpwen okenn pawòl sekrè, nanpwen okenn pawòl kache, nanpwen okenn pawòl nan zòrèy, pou nou
Pale ak moun ki vle bay konkou. Se pou tout moun tande sa n ap di yo tout aklè espesyalman moun ki pral aprann li nan men yo.
Moun k ap aprann li, se pa bokit vid moun k ap montre yo li ap plen ak lide, ak pawòl, ak ekriti. Moun k ap aprann li, moun k ap aprann ekri, se kretven vivan ki gen tèt, ki gen lespri, ki gen ladrès men, ki gen esperyans lavi.
Ki moun ki kapab ede yo aprann li? Ki moun ki vle ede yo aprann li?
Se moun dakò nòt ak yon lide ki dwe gaye tout kote nan peyi a. Men lide a:
Fòk tout moun konn li. Fòk tout moun konn ekri.
Sa se premye kondisyon, si nou vle mete men nan travay ede Ayisyen aprann li.
Dezyèm kondisyon: Si nou pral montre lòt moun li, fòk nou deja konn li fen, fòk nou deja konn ekri byen. Pawòl la di: se moun ki konn semityè ki pran douva ak kadav.
Twazyèm kondisyon: Se pou nou konn pale ak lòt moun dekwa pou yo santi nou respekte yo.
Katriyèm kondisyon: Se pou nou kapab pale ak lòt moun dekwa pou yo konprann pawòl nou byen fasil. Dekwa pou nou konprann pawòl pa yo byen. Si kat kondisyon sa yo mache nan san nou, vin pote tèt nou, vin mete men, vin bay konkou nan gwo mouvman, nan gwo aktivite, ki dwe fèt nan tout peyi a nèt, pou tout moun ki potko konn li pran wout aprann li ak aprann ekri. Aktivite sa a se pou tout moun ki poko konn li, depi yo gen 15 ane kon sa, espesyalman pou pi fò moun ki poko rive sou 50 an, ni fi, ni gason.
Moun ki vle bay konkou yo, dapre kat kondisyon sa yo nou wè yo, se tout kalite moun.
Se pwofesè inivèsite.
Se pwofesè lekòl segondè.
Se pwofesè lekòl pwofesyonèl.
Se pwofesè lekòl primé.
Se ansyen pwofesè ki pran retrèt yo.
Se etidyan inivèsite.
Se elèv lekòl segondè.
Se elèv lekòl pwofesyonèl.
Se gran elèv lekòl primè.
Se anplwaye leta.
Se anplwaye komès, magazen, izin, otèl, bank, enprimri, eksetera.
Se manm asosiyasyon popilè.
Se eskout.
Se manm sendika.
Se manm asosiyasyon jèn.
Se manm sèvis prive.
Se manm asosiyasyon fi.
Se manm asosiyasyon pwofesyonèl.
Se ougan, se manbo, se divinò, se divinèz, se doktè fèy, se laplas, se pitit fèy, se ounsi, se manm rara.
Se pè, se m, se frè, se fidèl legliz katolik.
Se manm asosiyasyon legliz.
Se manm ti kominote legliz.
Se pastè, se predikatè, se monitè, se fidèl legliz potestan.
Se manm asosiyasyon potestan.
Se kiltivatè, se ouvriye, se koutiryèz, se machann, se ti komèsan, se bòs tayè, se bòs ebenis, se tout kalite bòs, se chofè.
Se atis pent, se mizisyen.
Se jounalis, se espikè radyo, se espikè televizyon.
Se reskonsab ak manm pati politik ak òganizasyon politik.
Se moun ki pap travay tou, eksetera.
Pèsonn pa fèt tou konnen. Pa gen anpil moun ann Ayiti ki deja abitye sèvi ak lang peyi a pou yo montre moun li, pou yo montre moun ekri, espesyalman granmoun. Men, pi fò moun kapab aprann mennen aktivite sa a byen vit, selon 4 kondisyon yo.
Gen 2 wout ki la devan nou si lide bay konkou nan travay montre moun li ak ekri a pase nan tèt nou.
Se wout kite sa paske nou panse nou pa alawotè pou travay la epi paske nou vle bay moun k ap aprann li yo traka. Nou swete se pa anpil moun k ap chwazi chemen sa a. Dezyèm wout la se wout pran dispozisyon nou pou nou prese aprann fè travay La vit epi byen. Nou swete se pi fò moun k ap chwazi chemen sa a. Se pou sa liv sa a fèt. Li l byen depi premye paj jis dènye paj. N ap konnen ki jan pou nou montre granmoum li.
4 chemen konnen pou moun k ap montre granmoun li
Nan liv Ki jan pou nou montre granmoun li a, nou rele moun k ap aprann li yo: elèv alfabetizasyon. Men, pou pi prese, nou rele yo elèv.
Nou rele moun k ap montre yo: pwofesè alfabetizasyon. Men, pou pi prese, nou rele yo pwofesè. Yo konn rele yo monitè tou. Se pa non an ki gen enpòtans. Sa ki konsekan, se jan yon moun konpòte l, se jan yon moun aji.
Nou konn tout moun se elèv, sa vle di tout moun gen anpil bagay pou yo aprann nan men lòt moun. Yon gran save gen anpil bagay pou l aprann nan men moun ki pa te etidye nan liv.
Nou konnen tout moun se pwofesè, sa vle di tout moun konn kichòy yo kapab montre lòt moun. Yon moun ki pa etidye nan liv gen anpil bagay li kapab montre moun ki etidye nan liv.
Pèsonn pa dwe pran pòz pwofesè yo sou lòt moun kòmkwa lòt moun pa konn anyen, kòmkwa yo konn tout bagay. Epitou pèsonn pa fèt tou konnen.
Nou rele sant alfabetizasyon yon kote moun reyini pou yo aprann li, pou yo aprann ekri, ak konkou lòt moun.
Nou rele klas alfabetizasyon, reyinyon ki fèt regilyè pandan 6 mwa ak pwofesè épi ak kenz elèv kon sa k ap etidye lekti ak ekriti.
Nan klas alfabetizasyon, tout moun ap sèvi ak bon non yo oubyen ak non jwèt yo pou youn rele lòt. Nou se zanmi, nou se sè, nou se frè k ap etidye ansanm ak lòt moun k ap ban nou konkou.
Si yon moun gen yon ti non jwèt li pa renmen ni, li pa vle yo rele l kon sa, mande l ki jan li vle yo rele l. Epi sèvi ak non li bay pou yo rele l la. Sa montre, nou respekte moun nan. Pinga pèsonn fawouche yon lòt poutèt non li. Se granmoun nou ye. Se ak granmoun nou ann afè.
Yon klas alfabetizasyon se yon reyinyon ki dire 2 èd tan. Klas yo fèt 5 jou semèn pandan 6 mwa.
Esperyans montre: pi fò moun ki vin regilyè nan yon klas alfabetizasyon konn li byen, rive konn ekri byen obout 6 mwa.
Ann ankouraje tout pwofesè reflechi sou valè tan yo genyen pou yo travay ak granmoun ki vle aprann li, ki vle aprann ekri. Sa vle di ak granmoun ki mache regilyè nan yon sant alfabetizasyon pandan 6 mwa. Si yo pa manke yon jou chak semèn, yo etidye pandan 10 èd tan. 5 jou miltipliye pa 2 èd tan sa fè 10 èd tan. Chak mwa, yo pase 40 èd tan ap etidye. Pou tout 6 mwa sa yo, sa fè 240 èd tan yo pase nan aprann li, nan aprann ekri. Èske se dwa noo pou gaspiye ti tan sa a yo nou genyen pou aprann kichòy lavi a pa t ba yo lè yo te timoun?
Ann kalkile konbyen èd tan ti elèv lekòl pase nan klas pandan 6 mwa. Chak jou pi fò elèv pase 5 èd tan lekòl pou pi piti. 5 JOU miltipliye pa 5 èd tan sa bay 25 èd tan pa semèn. Chak mwa, elèv lekòl pase 100 èd tan ap etidye. Pou 6 mwa yo pase 600 èd tan ap etidye. Met sou sa, timoun fèt pou yo pase 12 ane lekè pi piti. Granmoun ki pa aryennafè pa kab mize plis pase 6 mwa nan sant alfabetizasyon.
Pandan se kichòy ki nòmal pou timoun fè douz ane nan vi yo lekòl, non konprann lekòl kab mennen yon seri aktivite tankou: aprann chante, aprann mizik, aprann lang etranje, aprann koud, aprann bwode, aprann fè gato, fè espò, fè teyat. nan grenn 6 mwa granmoun genyen, nanpwen tan pou yo aprann tout bagay. Gen yon seri bagay se pa nan sant alfabetizasyon pou yo aprann yo paske nanpwen tan pou sa. ''Zandolit pa mete kanson mabouya''
Pou moun ki te pase lekòl, pou moun ki deja konn li, ata pou moun Ki gran save se 4 gran chemen konnen ki genyen: se koute, se pale, se li, se ekri.
Ki kalite pwofesè nou bezwen?
Nou bezwen pwofesè ki konn koute, pwofesè ki koute anpil.
Nou bezwen pwofesè ki konn li kreyòl fen, pwofesè ki vin enterese li kreyòl anpil. Nou bezwen pwofesè ki konn ekri kreyòl fen, pwofesè ki konn kontwole pawòl yo ekri yo.
Koute pale li ekri: kat chemen konnen pou moun k ap montre granmoun li
Koute
Premye devwa pwofesè se koute pawòl moun k ap aprann yo. Se kon sa n ap kapab konnen sa yo deja konnen, ki lide ki nan tèt yo, ki sa yo santi nan kè yo, ki poblèm yo genyen ki kapab kontrarye travay yo.
Se koute yo ak anpil atansyon epi ak anpil respè. Tout moun se elèv, tout moun se pwofesè. Nou gen anpil bagay pou n aprann nan bouch moun ki vin nan klas alfabetizasyon yo. Dabò paske pi fò nan yo pi granmoun pase nou. Bwa pi wo di li wè lwen, grenn pwonmennen di li wè pi lwen pase l.
Yon lòt rezon toujou: se paske yo anpil. Yon sèl pwofesè kapab travay ak 15 moun. 2 tèt 2 lide, ki fè 16 tèt, 16 lide.
Koute se prensipal mwayen pou nou konnen sa moun k ap aprann li yo gen pou yo di sou sa y ap aprann nan, sou sa ki fasil ak sa ki pa fasil pou yo. Men pou yo alèz nan pale ti poblèm yo genyen nan aprann epi nan etidye, se pou yo santi pwofesè a konn koute yo. Pwofesè ki konn koute, kontan tande bèl kont, bèl pwovèb, bèl chante, bèl pawòl, bèl koze ki soti nan bouch elèv yo.
Nan klas alfabetizasyon, gen moun ki tande pi byen pase lòt. Moun ki tande yon ti jan di, mete yo devan pou yo gen mwens traka, epi pale pi fò le n ap pale ak yo san nou pa rele sou yo.
Pale
Dezyèm gwo mwayen konnen nou genyen se pale. Espesyalman se mande moun yo keksyon. Chonje depi sou fason yon moun pale ak yon lòt, li deja montre si li respekte lòt la.
Ann Ayiti, gen yon vye sitiyasyon dwòl nou pa jwenn nan anpil peyi. Se sitiyasyon yon valè moun ki konn pale kreyòl sèlman, ak sitiyasyon plizyè moun k ap plede pale kreyòl tout lajounen, men, ki repete anpil tenten ak anpil vye pawòl sou lang yo pale a. Yo konn rive meprize lang kreyòl yo pale a. Yo tankou moun k ap joure pwòp manman yo ak pwòp tèt pa yo.
Se pa sa nou jwenn nan anpil ti peyi tankou Islann, Dànmak, Albani. Kwak gen plis moun ki pale kreyèl sèlman ann Ayiti pase moun ki pale ilandè, dànwa, albanè, nan peyi sa yo, moun peyi sa yo santi yo fyè poutèt se lang peyi yo, yo pale.
Ann Ayiti yon bon valè moun merite repwòch pwovèb la fè medizan malpalan: W ap mache sou po bèf, w ap pale bèf mal.
Mòd pale yon pwofesè, ki pase anpil ane lekòl, gen dwa pa fin menm ak mòd pale moun peyi l ki nan klas alfabetizasyon. Pinga pwofesè a konprann mòd pale pa l la pi siperyè pase mòd pale elèv yo. Wòl li se montre yo li ak ekri pwòp kreyòl yo deja konn pale a.
Pawòl sa a mennen nou nan koze divès mòd pale nan peyi a. Se pou nou respekte jan chak gwoup moun pale kreyòl nan zòn pa yo. Chonje n ap montre moun yo li, n ap montre moun yo ekri selon prensip òtograf kreyòl la. Se yo menm menm k ap ekri pwòp pawòl pa yo selon prensip òtograf kreyòl la.
Men kèk egzanp divès fòm kreyòl nou jwenn nan kèk istwa:
Ti Jan di jeneral: m pe vini (zòn Sid) m pe vini se m ap vini, m ape vini
Timoun wa yo tap badnen nan lakou ka wa (zòn Sid) badnen se jwe
Tijan pwan chante: Dòselin kite leta manje moun (zòn Nò) pwan se pran Kite le se kite metye
Ra a:Vwala se Tijan ki al witi wa (Sen Mak, Lakayè) ra ta se krik krak witi se kot, kote, opred
Krik krak: Vwala se yon nèg ki te gen yon pécherez (Latòti, zòn Pòdpe) pécherez se madanm deyò
Label joli pit a man Doute (Karis, zòn Nòdès) pit a man Doute se pitit madan Doute
Tijan pran elastik li (premye plèn Tigwav, zòn Lwès) elastik se fistibal, festibal, pistimbal.
Lè moun ap pale, gen pawòl yo kab di ki pa vre. Se poutèt sa, moun k ap koute pawòl lòt moun gen dwa poze tòt yo keksyon: èske pawòl yo vre? Oubyen, èske pawòl yo se manti? Moun k ap rakonte istwa konn di: se pase m tap pase yo ban m yon ti kout pye m vin bay ti manti sa a. Se pa tout pawòl moun di ki laverite. pwofesè dwe fè efò pou yo pale klè, san yo pa bougonnen, pou tout moun tande sa yo di pi fasil.
Chonje pwofesè pa dwe tonbe nan yon pale anpil, ni nan bay esplikasyon long. Nan yon klas alfabetizasyon, elèv yo dwe gen lapawòl plis pase pwofesè a. Lè y ap brasi lide ansanm, pwofesè a pa dwe kouri bay opinyon pa l anvan. Se pou l ankouraje elèv yo di sa k nan tèt yo.
Atansyon pou twòp tan pa pase nan pale anpil ki ta kontrarye travay aprann li ak aprann ekri a.
Li Chak pwofesè ap li liv: Koute pale li ekri 4 chemen konnen an depi premye paj la ak anpil atansyon pou yo konprann jan liv la òganize. Plis yo konn zouti yo byen, se plis yo kapab sèvi ak li anfòm. Se menm jan an pou yo li Ki jan pou nou montre granmoun li.
Lè moun ap li tout bagay ki ekri, kit se nan liv, kit se nan jounal, kit se lòt kote, yo dwe poze tèt yo keksyon: èske sa yo li a vre? Èske se pa vre? Èske se bon pawòl èske se vye koze?
Menm jan moun ki pale konn di sa ki pa vre, se kon sa tou, moun konn ekri sa ki pa laverite.
Chonje se pa tout pawòl ki ekri nan liv, nan jounal, sou fèy papye ki laverite. Si yon elèv bege, pa mande l li anyen a viv vwa dekwa pou li pa jennen. Nan elèv klas alfabetizasyon, genyen ki wè pi byen pase lòt, genyen tou ki pa wè twò byen. Sa ki pa wè twò byen yo, toujou mete yo devan, pi pre tablo a, pou yo gen mwens traka.
Kèk bagay pwofesè alfabetizasyon mérite li:
Kèk atik sou òtograf kreyòl. Nan jounal Libète, 1995, lv Dejan.
Ki sa gouvènman peyi a janm fè ant 1943 ak 1988 pou l règle koze pa konn li ak pa konn ekri ann Ayiti, 1988, Pòl Dejan.
Rat se Zenglendo, 1995 Ministè agrikiiti.
Ann aprann òtograf kreyòl la, 1995 Sekreteri d Eta pou Alfabetizasyon.
Ekri kreyòl fasil, 1995 Sekreteri d Eta pou Alfabetizasyon.
Im nasyonal, 1995 Sekreteri d Eta pou Alfabetizasyon.
Konstitisyon 1987, 1995. Sekreteri d Eta pou Alfabetizasyon.
Edikasyon sivik, 1995. Sekreteri d Eta poujèn ak espò.
Ekri
Ann Ayiti, gen yon lòt sitiyasyon espesyal ki mande remèd espesyal. Se sitiyasyon dwòl moun ki konn li, ki konn ekri, ki gen dwa doktè, enjenyè, minis, pwofesè, eksetera, men ki pa janm li ni ki pa janm ekri koze an kreyòl, kwak se kreyòl yo pi pale depi yo tou piti. Remèd espesyal la, se prese aprann òtograf kreyòl la pandan yo granmoun. Plis pwofesè yo li bon liv ak bon koze ki ekri selon òtograf kreyòl la, se plis y ap vin maton nan ekri kreyòl.
Tout moun ki abitye ekri vin gen pwòp ekriti pa yo, sa vle di tout moun pa trase tout lèt menm jan. Men lè n ap ede moun aprann ekri n ap fè espre trase lèt klè, lèt ki fasil selon modèl tablo lekti l, 2, 3. Se fòm lèt sa yo tou nou pi jwenn nan liv. Lè nou gade fòm lèt sa yo byen, lè nou gade fòm chif yo byen tou, nou wè se ti ba, se ti wonn ki ladan yo.
Men lèt ak chif ki gen wonn oubyen moso wonn ladan yo: c o s 3 8
Men lèt ak chif ki gen wonn ak ba ladan yo: a b d g p 6 9
Men lèt ak chif ki gen ba ladan yo: i k l t v w y z 1 4 7
Men lèt ak chif ki gen moso wonn ak ba ladan yo: e è f h j m n o r u 2 5
Chonje valè granmoun ki te konn trase wonn nan jwe mab le yo te piti, chonje valè moun ki konn fè ti kwa ak chabon, ak digo, chonje moun ki konn trase vèvè, chonje tout kiltivatè ki konn fouye tou an ran le y ap plante. Chonje medam ki konn pyese rad, ki konn bwode, ki konn file zegwi. Se pa ti wonn ak ti ba ki nan lèt ak chif pou yo pa ta kab trase.
Si nou vin wè men yon elèv konn tranble, pa voye l ekri sou tablo devan tout moun pou l pa wont.
Kèk konsèy pou nou fini
1. Pwofesè dwe toujou fè efò pou yo rive a lè. Pito se yo k tann elèv yo pase se elèv yo ki tann yo.
2. Si gen elèv k ap dòmi, si gen elèv k ap fè yon ti pale, si gen elèv ki distrè pandan klas la ap travay, pwofesè pa dwe depasyante, yo pa dwe fè bri sou yo. Nou pa kwè gen pwofesè k ta rive fè yon vye jès dige yon elèv ak ti baton yo a. Pwofesè yo ka fè yon ti ladrès pou yo fè elèv yo enterese nan travay klas la. Egzanp: si gwoup la fèk li yon ti koze tankou: Asefi ap li, men, Jwasen ap kabicha. Pwofesè a kab rele Jwasen. Li di tout gwoup la: ann li Asefi ap li ansanm ak Jwasen. lè gwoup la fin li pawòl la, li lonje ti baton an ba Jwasen, li di l: vin fè nou li Asefi ap li.
Ti ladrès sa a kab pi bon toujou si pwofesè a rele yon lòt elèv, li fè Jwasen pase l ti baton an, li di l: vin fè nou li Asefi ap ri
3. Gen kèk pawòl moun konn tande nan peyi a ki pa bon pawòl tankou: " moun eklere ak moun ki pa eklere ''. Nan sant alfabetizasyon, nou pa kwè pwofesè pral repete vye pawòl tankou moun ki konn li se moun eklere, moun ki pa konn li pa eklere.
Travay ede moun aprann li ak ekri se bèl travay, se travay ki itil, se travay ki nesesè, se travay ki fè lonè tout bon Ayisyen ki mete men ladan n. Lè kon sa, yo santi sa y ap fè pou peyi yo se yon rekonpans pou yo. Jan pawòl la di a: Bay mennen plis kè kontan pase pran (Nouvo Testaman: Ak, chapit 20, vèsè 35). Epi: Sa ki fè byen se byen y a wè.
Kijan pou non sèvi ak liv nou an: Koute pale li ekri 4 chemen konnen
Ki jan pou nou sèvi ak tablo lekti 1, 2, 3?
Tablo lekti l, 2, 3 nan travay kòmanse montre moun li ak ekri, se kòm 3 wòch dife anpil Ayisyen bezwen pou yo monte chodyè. Se sou 3 tablo sa yo tout leson chita depi leson l jis leson 12. Ositou, yon pwofesè dwe etidye tablo l, 2, 3 byen pou li sèvi avèk yo anfòm. Tablo sa yo se bon zouti. Bon zouti mande bon bòs pou yo bay rannman.
Ak tablo sa yo, depi premye jou moun kòmanse aprann li, yo pa sèvi ak lèt degrennen menm anwetan 10 manman son yo. Se 10 manman son yo ki ekri nan premye tablo nimewo 1 an. Yo sèvi ak ti koze toutbon, ak pawòl yo konn tande, ak pawòl yo konn di.
Si yo rete nan ti bout pawòl oubyen nan pawòl degrennen, sa ta montre nou: se pwofesè a ki pa sèvi ak tablo yo byen.
Premye bagay yon pwofesè dwe fè se rekonèt kote manman son yo parèt nan tablo l épi kote yo parèt nan tablo 2 ak 3.
Dezyèm bagay, se bay ou tout enpòtans li depi tablo l, paske ou pral kòmanse yon seri ti koze fasil tankou: ou la - ou li - ou a le- ou pa la - ou pa li - ou pa a lè ou pa ale.
Twazyèm bagay, se rekonèt li yo ak nou nan tablo 2, paske tou sa moun di ak ou, yo kapab di li ak li yo nou.
Katriyèm bagay, se rekonèt kèk ti pawòl nan tablo 2 ak 3, ki mèt yon seri koze, tankou: al di va ta te pa ap pè pe sa si se ka ak ri ba ye wè fè gen. Yon pwofesè dwe chèche rekonèt tout ti mo kout ki nan tablo 2 ak 3.
Senkyèm bagay, se kole 2 moso ansanm pou nou ekri yon lot pawòl. N ap jwenn moso pawòl sa yo nan tablo yo: Chalè layo chalè chode demen doulè file kale kòlè koule koulè laba lacho ladan lajan lakou lapè Latè letan leti maché madi mafi maie manman mante manti mapou maren mari mawo mayo mele melon mete miba michan midi mitan miwo mize pale pile rele sale sele talè vale valè elatriye.
Sizyèm bagay, se kole plis pase 2 moso pawòl ansanm pou nou ekri yon lòt pawòl: alèkile dechouke dekole kalite karako malanga parese pitirni rekile marasa yanvalou.
Setyèm bagay, se rekonèt gwoup lèt tankou ab nan fen mo mak. Tankou tab sal kap mak.
Uityèm bagay, se soti nan moso mo tankou bou out pou rive nan mo tankou bout, Egzanp: ba at bat ka at kat bi it bit.
Nevyèm bagay, se ekri anpil non moun ak sa ki parèt nan 3 tablo yo.
Dizyèm bagay, se ekri anpil ti koze enteresan ak sa ki parèt nan 3 tablo yo. Egzanp: depi nou fè ti efò nou ka rive li bon valè koze ki enteresan. Sa ap fèt ak kè nou kontan.
Lè pwofesè a ap montre yon pawòl ki ekri nan tablo l, 2,3 se pou li li l a viv vwa, yon jan ki klè epi yon sèl fwa. Anvan sa, l ap avèti elèv yo pou yo koute sa l ap di a byen dekwa pou li pa oblije repete sa l ap di a de twa fwa. Se elèv yo menm k ap fè travay la. Se yo ki dwe repete pawòl yo tande yon grenn fwa nan bouch pwofesè a. Pwofesè a ap sèvi ak yon ti baton tou long, tou fen, pou li montre sa ki ekri nan tablo 1, 2, 3. L annik kase yon ti bout bwa pou sa. Atansyon pou li pa fè okenn vye jès sou moun yo ak ti baton an.
Se pa pwofesè a sèlman ki fè elèv yo li pawòl li ranmase nan tablo yo.
Tanzantan se pou li mande yon elèv si li ta kontan al fè tout gwoup la li yon ti koze ki soti nan tablo yo.
Paregzanp si pwofesè a fè gwoup la li jodi a fè cho, yon elèv ka kontan al fè gwoup la li. jodi a pa fè cho oubyen jodi a fè bon oubyen jodi a van vante.
Lè elèv ap li a viv vwa, se pou pwofesè a veyatif anpil pou yo pa li kòm si y ap chante. Nou kapab rekonèt elèv konprann vre, lè pawòl la soti swa nan bouch yo, kòm si se pale y ap pale ak lòt moun. Si yo pouse son yo kòm si se chante y ap chante: sa montre: yo pa fin konprann. Atansyon sa, lè n ap sèvi ni ak tablo l, 2, 3, ni ak tout lòt pawòl ki ekri.
Ekriti
Aprann ekri mache ak aprann li. Men, nou byen konnen konn li pi enpòtan pase konn ekri. Epitou aprann li ap pi fasil pase aprann ekri. Moun ap aprann ekri pi dousman.
Se pa lèt degrennen y ap ekri.
Espesyalman se pou nou chonje etan y ap ekri tou sa ki nan tablo lekti nimewo l, se pou yo rekonèt ki son y ap ekri.
Atansyon pou nou pa fè yo ekri yon seri lèt apa. Seri lèt sa a se: b ch d f g h j ki m n p r s t v w y z
Pwofesè yo pap nonmen non 19 lèt sa yo. Elèv yo pap eseye ekri 19 lèt sa yo degrennen.
Pwofesè yo pap eseye fè elèv eple. Eple pa ladan n menm. Sa elèv ap li dirèk dirèk Se son ki nan mo, se moso mo, se ti mo kout tankou: la al li le lò lou lo lan pa ap pi pè pò pou pan pen pou ta ti te tò tou tan ma mi me mò mou man men sa si se sò sou so san sen son, eksetera.
Elèv yo ap ekri non yo selon modèl kat yo mete nan men yo depi premye jou a.
Se sèten nan premye kòmansman elèv yo ap kopye kèk mo degrennen ak kèk ti pawòl senp. Men, fòk nou bay pwofesè yo yon pinga. Pinga yo konprann pou elèv, ekri vle di kopye. Byen bonè, se pou nou ede elèv yo konprann kouche pawòl ki nan tèt yo sou papye. Se pa sa pi fò moun ki pase lekòl te abiye fè. Ankouraje elèv yo kalkile yon ti pawòl senp nan tèt yo. Epi di yo chache ekri li. Paregzanp: Lenita gen 5 pitit. Benita se manman 5 pitit.
Pou fòm lèt: chonje elèv yo ap suiv modèl lèt ki nan tablo lekti 1,2,3 yo. Y ap sèvi ak lèt majiskil anvan yo rive nan leson 16.
Kite yo ekri sou fèy papye blan san trase. Menm si ekriti yo sanble yon ti jan kwochi nan kòmansman.
Pajanm kenbe men yo. Pa okipe kijan yo kenbe kreyon ak plim. Ankouraje yo Sèvi ak menm men yo sèvi pou yo mete kiyè manje nan bouch yo, pou yo kenbe kiyè bwa pou yo brase manje, pou yo kenbe kouto, manchèt, mato, egwi, fil, eksetera. Si se men dwat, se ak men dwat pou yo ekri. Si se men gòch, se ak men gòch pou yo ekri.
Depi premye jou a, di yo, lè y ap ekri yon pawòl, se pou yo kòmanse sou bò gòch pou yo ale sou bò dwat. Lè n ap di yo sa, pa kanpe anfas yo dekwa pou tèt yo pa touble ak men gòch nou ki ta anfas men dwat yo. Kanpe a kote yo anfas yon tablo. Mande yo lève men gòch yo epi men dwat yo. Si youn ta twonpe, pa al Kouri kwè lipa konn men gòch li ak men dwat li. Chèche wè si li te konprann sa nou te mande l fè a. Depi timoun tou piti ann Ayiti (e se pa koze lavil n ap pale), yo fawouche yo pou san dal, sapat, soulye yo mete dwategòch. Se moun ki pa ta gen okenn kontak ak lavi mas pèp ayisyen an ki ta kapab kwè gen granmoun ki pa rekonèt men dwat yo ak men gòch yo.
Lide ki pi enpòtan nan yon leson:
Sou 26 leson gen 23 ki sèvi ak yon lide ki pi enpòtan.
1. Nou gen sèvo ak men.
2. Men se zouti ki pa rete ak zouti.
3. Chemen konnen nimewo 1 se koute.
4. Chemen konnen nimewo 2 se pale.
5. Chemen konnen nimewo 3 se li.
6. Chemen konnen nimewo 4 se ekri.
7. Yo touye malere pou dan ri.
8. Tout moun se moun.
9. Tèt ansanm.
10. Sa anpil moun fè. Sa anpil moun ye.
11. Pou ki sa nou pa te ka li.
12. Malere pote chay lou.
13. ----
14. ----
15. ----
16.Travay.
17. Eleksyon.
18. Manman.
19. Timoun.
20. Lekòl.
21. Dlo.
22. Grangou.
23. Plante pyebwa.
24. Peyi nou Latè.
25. Pote Plent.
26. Kote aprann li kapab mennen moun.
Gen 3 leson ki pa chita sou yon lide espesyal, yon lide enpòtan. Se 13, 14, 15. Yo nan mitan liv la. Se yon pòz pou elèv yo paske yo chaje ak kont epi ak pèp la, ak fraz. Pèp la abitye bay fraz. Egal pawòl ki gen plezi ladan yo. Kont sa yo ak fraz sa yo ap ede nou sot tou dousman nan lekti moso pawòl ak pawòl ki pi senp epi ki pi fasil nan ekriti pou nou pase nan lekti moso pawòl ak pawòl ki pi difisil nan ekriti. Moso pawòl sa yo sèvi ak gwoup 3 son nou toujou ekri ak 3 lèt oubyen ak 4 lèt.
Sa ki fè moso pawòl sa yo pi difisil pou moun li yo epi pou moun ekri yo se paske yo toujou kòmanse ak yon gwoup 2 lèt tankou:
jou kòmanse ak y on gwoup 2 lèt tankou: ly lw py pw ty tw my mw sy sw ky kw dy dw riy nw by bw ry vw vy
Oubyen yo kòmanse ak yon gwoup 3 lèt tankou: chw
Oubyen yo kòmanse ak yon gwoup 2 lèt tankou pl pr tr kl kr dr bl br gl gr fi fl fr
Depi moun aprann rekonèt gwoup lèt sa yo, ak ladrès nou fè nan leson l 3, 14, 15, yo kapab li tout pawòl yo konn di ak tout pawòl yo konn tande.
Se pou sa 3 leson sa yo enpòtan. Yo long tou, pandan yo sèvi ak anpil egzanp, espesyalman pou tout moun k ap bay konkou nan ede lòt aprann li jwenn bon valè egzanp klè san yo pa tonbe nan sèvi ak egzanp kwochi. Men leson 13,14, 15 yo enteresan tou paske yo chita sou kont, sou fraz, sou pawòl plezi. Apre leson 13, 14, 15 se kòm si moun k ap aprann yo, kase yon gwo koub sou chemen konn li ak ekri a. Moun k ap ede yo annik apiye sou tablo 4 ak tablo 5 pou yo repase gwoup lèt ki nan tablo 4 ak 5 lè yo jwenn pawòl ki sèvi avèk yo nan rès liv la depi leson 16 jis leson 26.
Depi leson 16, chemen lekti ak ekriti a vin pi lib. Li pa chemen jennen ankò. Gen mwens koze degrennen. Chak leson mennen moun yo nan yon seri lide ki mare youn ak lòt, men, ki vire toutotou yon lide prensipal.
Ki rezilta espesyal chak leson ap chache? Sa nou ta renmen moun k ap aprann yo, jwenn nan chak leson? Kote nou ta renmen chak leson mennen yo?
Leson 1
Kote nou vle rive ak elèv yo nan leson l?
Leson l chita sou tablo lekti l, 2, 3. Leson l ede elèv yo li anpil pawòl ki gen yon sèl grenn moso ladan yo. Moso sa a fèt ak yon grenn lèt ki nan kòmansman egzanp ki a gòch nan premye kolonn tablo 2 ak tablo 3 epi ak lèt ki reprezante dis manman son nan tablo l.
Se: yo nou li gen men.
Leson l ede elèv yo li mo ak. Se sèl mo leson l ki fini ak yon lèt tankou k Leson l ede elèv yo li mo sèvo. Se premye mouvman pou yo mete 2 moso mo ansanm pou yo rekonèt yon mo ki gen 2 moso.
Pwofesè yo dwe wè ki jan pou y al ti pa ti pa ak elèv yo. Tablo yo chaje ak men, se pou nou aprann sèvi ak yo byen, san nou pa kouri kou chen fou.
Depi premye fwa elèv yo reyini, se pou pwofesè a ekri non chak elèv sou moso katon. Ann gade kèk egzanp. Nan yon gwoup, gen 9 moun. Non: Benita Jwasen Klotid Meritàn Nariyis Prenòl Selita Sentelèn Wozmon
Se pa siyati yo ki pou parèt sou kat la. Se non yo, jan moun lakay yo ak vwazinaj yo rele yo tou le jou. Se non jwèt yo oubyen bon non yo. Se selon. Pou pi fò moun, travay la ap fèt nan zòn kote yo rete a, nan mitan moun ki rekonèt yo. Si lòt moun abitye rele yo madan Jera oubyen man Inosan, pa gen rezon pou yo pa madan Jera oubyen man Inosan nan klas alfabetizasyon an. Si gen 2 fason yo abitye rele yon moun, moun nan a di ki jan li pi pito yo rele li nan klas la. Pi devan l ap konn ekri tout kalite non li kapab genyen ak siyati li tou.
Sa ki enpòtan se pou nou fè non moun yo tounen yon ti zouti lekti ak ekri ki itil yo depi premye jou a e ki itil tout manm gwoup la.
Premye sèvis ekriti non an. Esperyans montre nou jan nenpòt ki granmoun rekonèt ekriti non pa l fasil. Lè chak moun fin gade non yo sou ti katon an 2, 3 fwa, bat kat yo epi mete yo youn a kote lòt an dezòd. N ap wè sa pap pran tan pou chak moun rekonèt non pa yo. Sa se yon premye mouvman. Dezyèm mouvman se ede yo rekonèt moso nan non yo nan tablo lekti yo. Ann kòmanse ak non ki pi senp.
Benita ak Selita
Montre yo
Be ni ta Se li ta
Pa bliye ankouraje yo rekonèt menm ta ki nan 2 non yo. Tou le 9 non yo kapab parèt nan plas li nou yo nan ti koze yo. Epi kou yo rekonèt ak, nou met mare 2 non ak ak oubyen 3 non, oubyen plis.
Nan non ki pi difisil nan ekriti, ede yo rekonèt moso ki pi fasil yo e ki deja sou tablo yo. Egzanp: sen (nan jwasen ak sentelèn) me ri na te mon
Ak lòt moso non yo nou pral fè divès kalite travay.
Dabò tout moun fèt pou yo rekonèt: a ki nan benita meritàn jwasen nariyis selita e ki nan benita meritàn selita sentelèn prenòl i ki nan benita meritàn nariyis selita klotid en ki nan wasen sentelèn o ki nan klotid wozmon ò ki nan prenòl è ki nan sentelèn on ki nan wozmon
Sa vle di, ak nèf non sa yo, nou fè tout gwoup la repase ekriti 8 manman son. Tou di yo: sèl manman son nou pa jwenn se an ak ou. Atansyon pou nou pa fè erè degrennen lèt ki fè pati yon gwoup kote yo pa degrennen. Kon sa se pa e nou gen nan jwasen ak sentelèn. Se pa o nou gen nan on wozmon. Ede yo rekonèt moso non tankou: jwa klo tid tan yis pre nòl lèn woz
Tou di yo moso non sa yo se konn yon ti pawòl ankè tankou: jwa pre woz Lòt ladrès pou nou fè ak non moun: Se sèvi ak gwoup lèt ki pi difisil pou yo kòmanse abitye avèk yo. Egzanp: klo nan klotid mete yo nan wout li zoklo, kloti jwa nan jwasen mete yo nan wout li boujwa.
Men yon lòt ti ladrès nou kapab fè ak non moun:
Pran yon ti bout papye, kache premye lèt nou jwenn nan klotid, sou men eseye fè moun yo rekonèt lo ki nan klo.
Pran jwasen, kache premye lèt nan jwasen sou men goch, fè yo rekonèt wa ki nan jwa epi fè yo rekonèt li nan tablo nimewo 3 a.
Pran prenòl.
Pran yon ti bout papye, kache premye lèt nan prenòl, sou men fè yo rekonèt re ki nan pre epi fè yo rekonèt li nan tablo nimewo 2 a.
Bouche moso nan non prenòl. Kite òl sèlman. Fè yo rekonèt li nan tablo nimewo 2.
Bouche moso nan non meritàn. Kite an sèlman. Fè yo rekonèt li nan tablo nimewo 2.
Bouche moso nan non nariyis. Kite is sèlman. Fè yo rekonèt li nan tablo nimewo 2.
Leson 2
Kote nou vle rive ak elèv yo nan leson 2?
Youn nan rezilta n ap chèche se ede elèv yo vin pi maton nan li pawòl ki gen de moso ladan yo.
Dezyèm rezilta n ap chèche se ede elèv yo vin pi maton nan ekri mo ki gen 2 moso ladan yo.
Twazyèm rezilta n ap chèche se ede elèv yo vin pi maton nan li ti koze ki pi long pase sa ki nan leson l an.
Katriyèm rezilta n ap chèche se ede elèv yo vin pi maton nan ekri ti koze ki pi long pase sa ki nan leson l an.
Pwofesè ak elèv ap gade foto men moun k ap trese chapo a pou yo chonje jan men granmoun ki pa konn li gen anpil ladrès. Nan plas nou wou li yo, sèvi ak non elèv yo. Egzanp: men Benita se bon zouti. sèvo se pi bon zouti meritàn genyen.
Senkyèm rezilta n ap chèche se ede elèv yo rekonèt fòm chif ki ekri depi zewo jiska nèf.
Sizyèm rezilta n ap chèche se ede elèv yo ekri chif depi zewo jiska nèf.
Aprann rekonèt chif, se travay sèvo, se travay je.
Aprann ekri chif, se travay sèvo, se travay men.
Chonje anpil moun k ap aprann li, deja konn rekonèt kèk chif poutèt lajan ak bòlèt.
Nan leson 2, nou jwenn mo nimewo. Se premye mo nou jwenn ki gen twa moso.
Sèvi ak chif ki parèt nan paj yo pou nou fè moun yo rekonèt chif.
Leson 3
Kote nou vle rive ak elèv yo nan leson 3?
Youn nan rezilta n ap chèche se ede elèv yo vin maton nan kole de moso pou fè yon mo.
Dezyèm rezilta n ap chèche se ede elèv yo vin pi maton nan li koze ki pi long
Nou retounen ak mo nimewo a ki gen twa moso. Elèv yo kòmanse ap li koze ki pi long. Kopye youn nan ti koze sa yo sou tablo, sou yon sèl liy. Fè moun yo li l yon premye fwa. Fè yo li l pi vit yon dezyèm fwa. Fè yo li l ankò pi vit yon twazyèm fwa. Tanzantan lè n ap travay ak moun yo, sonje sèvi ak ti ladrès sa a
Nan plas wou li nou yo, n ap sèvi ak non moun yo pou menm koze yo.
Egzanp:
Nou koute li Nou koute Wozmon
Rès koze ki nan leson 3 a pi kout pase sa ki nan kòmansman an, se paske nou pa Vle fòse elèv yo twòp,tanzantan nou kite yo li ti koze ki pi fasil. Nan fen leson 3 a, gen yon lis mo ki sèvi ak moso pawòl elèv yo deja etidye nan tablo yo. Ankouraje yo chwazi youn nan pawòl sa yo ki fè yo plezi pou yo fè yo ti koze tou kout ak pawòl la.
Egzanp:
Kouri Selita ap kouri
Leson 4
Kote nou vie rive ak elèv yo nan leson 4?
Youn nan rezilta n ap chèche se ede elèv yo vin pi maton nan li pawòl ki fini ak Youn nan 17 1èt:
B - ch - d -f - g - j - k - l - m - n - p - s - t - v - w - y - z.
Dezyèm rezilta n ap chèche se ede elèv yo vin pi maton nan ekri pawòl ki fini ak youn nan 17 lèt yo.
N ap montre elèv yo yon wout pou yo rive li anpil pawòl tankou: tout wout tèt wòl pawòl.
Kache premye lèt ki nan kòmansman tout, ankouraje elèv yo chache out nan tablo nimewo 2 a.
Kache premye lèt ki nan kòmansman wout, ankouraje elèv yo chache out nan tablo nimewo 2 a.
Kache dènye lèt ki pi adwat nan tout. Ankouraje elèv yo chache tou nan tablo nimewo 2.
Kache dènye lèt ki pi adwat nan wout. Ankouraje elèv yo chache wou nan tablo nimewo 3.
Kache premye lèt ki nan kòmansman tèt. Ankouraje elèv yo chache èt nan tablo nimewo 2.
Kache premye lèt ki nan kòmansman tèt.
Kache dènye let ki pi adwat nan tèt. Ankouraje elèv yo chache tè nan tablo nimewo 2.
Kache premye lèt ki nan kòmansman wòl. Ankouraje elèv yo chache òl nan nimewo 2.
Kache dènye lèt ki pi adwat nan wòl. Ankouraje elèv yo chache wò nan tablo nimewo 3.
Ankouraje tout moun ekri: tout wont tèt wòl pawòl. Ankouraje yo ekri yon ti koze tou kout ak youn nan pawòl sa yo. Menm jan an tou, ankouraje yo ekri yon ti koze ak youn nan pawòl ki parèt nan finisman leson 4 la.
Leson 5
Kote nou vle rive ak elèv yo nan leson 5?
Youn nan rezilta n ap chèche se ede elèv yo vin pi maton nan li yon seri mo. tankou: liv m oun fòk konn pil anpil bay bagay.
Dezyèm rezilta n ap chèche se ede elèv yo vin pi maton nan ekri seri mo sa yo.
Sèvi ak menm ti ladrès kache premye lèt ki nan kòmansman mo oubyen dènye lèt ki pi adwat la pou fè moun yo li pawòl sa yo.
Le elèv yo fin ekri mo:
Lè elèv yo fin ekri mo: liv moun fòk konn pil anpil bay bagay
ankouraje yo ekri yon ti koze ak youn nan mo sa yo.
Menm jan an tou, y a chwazi yon pawòl ki fè yo plezi nan lis ki nan fen leson 5 lan, pou yo ekri ti koze pa yo.
Leson 6
Kote nou vle rive ak elèv yo nan leson 6?
Youn nan rezilta n ap chèche se ede elèv yo vin pi maton nan li mo ekri.
Elèv yo ap soti nan mo kreyon yo rekonèt anba foto kreyon an. Yo mete kre apa. Yo wete e nan kre pou yo mete i. Yo li kri epi yo li ekri.
Kounye a, al fè yo li non ki sou po liv yo a.
Dezyèm rezilta n ap chèche se ede elèv yo vin pi maton nan li mo tankou: kat bèt machin
Twazyèm rezilta n ap chèche se ede elèv yo vin pi maton nan ekri mo ekri. Ankouraje elèv yo ekri mo ekri pou yo antre pi fon nan chemen ekri.
N ap fè yo rekonèt mo avyon ki parèt anba foto avyon an epi n ap fè yo li l. Ankouraje yo fè yon ti pale sou koze domaje pa domaje nan leson 6 la.
Chonje pou nou pa nonmen non lèt yo. Elèv yo ap aprann non lèt yo pi devan. Elèv ak pwofesè ap fè yon ti trvay ansanm. Y ap koute dènye son ki nan yon seri pawòl:
kòb chèch rad nèf zèb rach kòd saf labib wòch koud souf bag kalòj kòk sèl fig paj rak fil mèg kolèj bouk poul lam pann kap sous chanm bòn soup sans vit pòv pòy onz vant rèv fèy douz kont kav peny sèz
Pwofesè pa dwe etone si gen elèv ki mal pou li sèten pawòl yo te deja li. Si gen elèv ki mal pou ekri sèten pawòl yo te deja ekri. Se pou pwofesè yo pran pasyans ak yo. Se pou yo fè bak pou yo retounen sou sèten bagay yo te deja etidye.
Chonje okenn moun pa vin bòs touswit. Tanzantan fòk pwofesè a kalkile moun yo konn gen poblèm, kalkil, egzaminasyon. Tèt yo konn chaje. Lè moun ap aprann se pa avanse yo avanse tout tan. Gen aprann, gen bliye. Gen tounen aprann, gen tounen bliye jiskaske vin bòs.
Leson 7
Kote nou vle rive ak elèv yo nan leson 7?
Youn nan rezilta n ap chèche se ede elèv yo vin pi maton nan sèvi ak ladrès yo te kòmanse fè depi nan leson 4 la. Mo y ap etidye ak ladrès sa a se: nouvel mil lot bouch zòrèy kèk jounal pitit minis rèl pèp kann.
Dezyèm rezilta n ap chèche se ede elèv yo kòmanse li pi gwo koze.
Yo touye timari.
Nan plas timari mete non yon moun nou konnen yo te touye pandan 3 koudeta a. Gwoup la ap chache chonje non youn oubyen de moun ki pi sibi pandan 3 an koudeta a epi y ap ekri yon ti pawòl sou sa ansanm ak pwofesè a.
Leson 8
Kote nou vle rive ak elèv yo nan leson 8?
Rezilta n ap chèche se ede moun yo vin pi maton nan ekri kèk mo enpòtan tankou: tout moun menm konn
Kòm elèv yo poko rive nan gwoup lèt kl, nou sèvi ak foto yon kle ak mo kle ekri anba l pou n rive fè moun yo rekonèt kle ki nan klere.
Se menm jan an tou, yo poko rive nan gwoup kr, nou sèvi ak foto yon krapo pou yo rekonèt kra ki nan krapo.
Leson 9
Kote nou vle rive ak elèv yo nan leson 9?
Youn nan rezilta n ap chèche se fè moun yo rive li mo mwen. Yon moun ki li enfim nan leson 8, pap gen poblèm pou li li si m. Men nou gen dwa fè l wè ki jan nan dènye moso enfim lèt yo kole. Nan si m gen yon ti espas apre si. Se paske se de mo. Mo si ak fòm kout mo mwen. Lè yon moun li wè, li li wen nan tablo 3, li rive li si m wè, li ka li mwen.
Dezyèm rezilta n ap chèche se ede elèv yo ekri mo tèt ak mo ansanm.
Leson 10
Kote nou vle rive ak elèv yo nan leson 10?
Rezilta n ap chèche se fè tout moun rive ekri mo mwen. mwen fè kouti.
Pou ki sa moun nan pa di: mwen se koutiryèz? Se paske yo poko etidye gwoup lèt ry ki nan mo sa a. Y ap etidye gwoup lèt ry la nan leson 13.
Menm jan moun yo poko etidye gwoup lèt ry nan koutiryèz, se kon sa yo poko etidye gwoup lèt ly nan soulye. Se pou sa nou sèvi ak foto yon soulye ak mo
soulye ekri anba li pou n fè moun yo rekonèt lye ki nan soulye
Pwofesè a ap ankouraje elèv yo ekri non yo nan plas mwen. Egzanp: mwen se kiltivatè jwasen se kiltivatè mwen se manman pitit klotid se manman pitit Ankouraje chak moun ekri yon ti koze byen kout sou sa yo pi konn fè
Leson 11
Kote nou vle rive ak elèv yo nan leson 11?
Youn nan rezilta n ap chèche se fè moun yo ekri mo kreyòl ak mo paske. Ann chonje gen anpil pawòl tout moun pa pwononse menm jan. Men,tout se bon pawòl. Kon sa, gen moun ki di paske, gen moun ki di pase, gen moun ki di paski.
Dezyèm rezilta n ap chèche se ede yo vin pi maton nan ekri fòm kout mo mwen ki nan: koupe m manman m papa m fè m m a m al m gen Nan kont nimewo douz la, nou sèvi ak foto yon krab pou n fè moun yo rekonèt kra ki nan krab.
Leson 12
Kote nou vle rive ak elèv yo nan leson 12?
Rezilta n ap chèche se ede moun yo ekri kèk mo fasil. Se mo: chay malere monnen gouvènman
Chonje gen anpil moun ki di gouvènman, men gen anpil moun ki di gouvèlman tou. Tou de fòm yo bon. Nou ka ekri tou de fòm yo. Nou ekri pànye kon sa, menm jan nou pral ekri pàn nan leson 17. Men sa pa anyen si moun pa sèvi ak pà le yo ekri pànye.
Leson 13
Kote nou vle rive ak elèv yo nan leson 13? Youn nan rezilta n ap chèche se ede elèv yo li tout kalite mo ki ekri ak gwoup lèt: mw pw nw kw bw chw fw dw gw jw lw sw tw vw zw
Dezyèm rezilta n ap chèche se ede elèv yo ekri tout kalite mo ki ekri ak menm gwoup lèt yo.
Twazyèm rezilta n ap chèche se ede elèv yo li dlo ki gen gwoup lèt dl ladan n epi ede yo ekri l pi fasil. Lè yo rive nan leson 21,y ap tounen gade ti ladrès ki nan leson 13 la.
Katriyèm rezilta n ap chèche se ede elèv yo li mo ki gen gwoup lèt ry ladan yo. Tankou: marye esperyans Pwofesè a pa dwe kwè li oblije fè elèv yo travay nan klas la ak tout egzanp ki nan leson 13 la.
Pwofesè a kapab chwazi 2 egzanp nan chak paj pou l travay sou yo ak elèv yo. Epi pwofesè a ap ankouraje elèv yo li chak paj leson 13 la lakay yo. L ap ankouraje elèv yo mande lòt moun konkou lè y ap li leson 13 la.
Leson 14
Kote nou vle rive ak elèv yo nan leson 14? Youn nan rezilta n ap chèche se ede elèv yo li tout kalite mo ki ekri ak gwoup lèt: by dy fy ly my ny ty sy py vy zy Dezyèm rezilta n ap chèche se ede elèv yo ekri tout kalite mo ki ekri ak menm gwoup lèt yo.
Twazyèm rezilta n ap chèche se ede elèv yo li tout kalite mo ki ekri ak gwoup lèt: br bl
Katriyèm rezilta n ap chèche se ede elèv yo ekri tout kalite mo ki ekri ak menm gwoup lèt yo.
Pwofesè a pa dwe kwè li oblije fè elèv yo travay nan klas la ak tout egzanp ki nan leson 14 la. Pwofesè a kapab chwazi 2 egzanp nan chak paj pou l travay sou yo ak elèv yo. Epi pwofesè ap ankouraje elèv yo li chak paj leson 14 la lakay yo. L ap ankouraje elèv yo mande lòt moun konkou lè y ap li leson 14 la.
Leson 15
Kote nou vie rive ak elèv yo nan leson 15?
Youn nan rezilta n ap chèche se ede elèv yo li tout kalite mo ki ekri ak gwoup lèt: dr fl fr gl gr kl vl vr kr pi pr tr
Dezyèm rezilta n ap chèche se ede elèv yo ekri tout kalite mo ki ekri ak menm gwoup lèt yo. Pwofesè a pa dwe kwè li oblije fè elèv yo travay nan klas la ak tout egzanp ki nan leson 15 la. Pwofesè a kapab chwazi 2 egzanp nan chak paj pou l travay sou yo ak elèv yo. Epi pwofesè a ap ankouraje elèv yo li chak paj leson 15 lan lakay yo. L ap ankouraje elèv yo mande lòt moun konkou lè y ap li leson 15 lan. Lè nou bezwen repase tout kalite mo ki gen nan gwoup lèt nou etidye nan leson 13, 14, 15 nou annik sèvi ak tablo 4 ak tablo 5.
Ti esplikasyon sou tablo nimewo 6 la
l. Nou te di pwofesè yo pa sèvi ak non lèt degrennen anwetan lèt ki reprezante 10 manman son yo: a o e i è o an on en ou.
Kote elèv yo rive la a, yo fasil kab li non yon seri lèt. Men seri lèt la: b ch d f g j k l m n p s t v
Depi yo kòmanse sèvi ak tablo lekti 2 ak 3,yo deja li: be se ach de èf je ji ka èl enm enn pe es te ve
Nou pa bezwen pèdi tan travay avèk yo sou non seri lèt sa yo paske detay kon sa pa si tèlman itil. Y a gen tan etidye yo nan leson 26 la.
Chonje depi timoun piti yo abitye rekonèt anpil bagay ki gen divès fòm. Yon bon egzanp se fèy. Yon timoun ki rekonèt yon fèy byen, konnen fèy bannann se fèy, fèy veritab se fèy, fèy zanmann se fèy. Tout fèy se fèy. Kwak tout fèy pa gen menm fòm.
Nan pwen yo rive kounye a, yo deja kirye pou yo gade tout kalite pawòl ki ekri, ki pase anban je yo. Kon sa nou sèten yo deja wè divès fòm lèt. Tout lèt se lèt men tout lèt pa gen menm fòm.
Tablo nimewo 6 la ap ede yo etidye de fòm prensipal tout lèt genyen nan liv ak Nan jounal. Se ti lèt ak gwo lèt majiskil.
Leson 16
Kote nou vle rive ak elèv yo nan leson 16?
Youn nan rezilta n ap chèche se ede elèv yo sèvi ak gwo lèt majiskil nan kòmansman premye mo yon ti koze. Dezyèm rezilta n ap chèche se ede elèv yo abitye ak fòm a ki parèt nan liv ak Nan jounal. Twazyèm rezilta n ap chèche se ede elèv yo sèvi ak yon pwen adwat dènye pawòl yon ti koze.
Lè elèv yo ap ekri yon ti koze, pwofesè a ap ankouraje yo mete yon gwo lèt majiskil nan kòmansman premye pawòl ti koze a. Lè elèv yo ap ekri yon ti koze, pwofesè a ap ankouraje yo mete yon pwen adwat dènye mo nan ti koze a.
Pa bay gwo lèt majiskil ak pwen twòp enpòtans.
Katriyèm rezilta n ap chèche nan leson 16 la se pou elèv yo vin pi maton nan ekri mo tankou: travay dwa kondisyon fyèl sètoblije.
Depi leson 16 la, elèv yo dwe pi alèz nan li tout kalite mo epi nan ekri yo tou. Se pou pwofesè a ankouraje elèv yo ekri ti pawòl pa yo sou koze travay.
Leson 17
Kote non vle rive ak elèv yo nan leson 17
Youn nan rezilta n ap chèche se ede elèv yo vin pi maton nan ekri mo tankou:
eleksyon fevriye prezidan vle
Dezyèm rezilta n ap chèche se ede elèv yo vin pi maton nan ekri mo uit:
Twazyèm rezilta n ap chèche se ede elèv yo vin pi maton nan ekri non peyi nou an: Ayiti
katriyèm rezilta n ap chèche se ede elèv yo vin pi maton nan ekri kèk mo tankou: Pàn bekàn
Pwofesè a ap ekri kèk egzanp sou tablo a. L ap ekri: Pàn bekàn Meritàn Pan kan tan Pann kann tann
N ap ekri non peyi, non pwòp ak lòt non toujou ak yon gwo lèt majiskil nan kòmansman non an. Ositou, depi leson 16, pwofesè a ap ankouraje elèv yo ekri pwòp non pa yo ak yon gwo lèt majiskil. Egzanp: Benita Jwasen Kiotid Meritàn Nanyis Prenòl Selita Sentelèn Wozmon
Apre leson 17, nou gen yon tablo nimewo 7 ki la pou ede elèv yo ekri nimewo ak chif epi ak lèt. Tablo nimewo 7 la pa la pou elèv yo aprann konte. Yo deja konn konte. Yo konn regle lajan.
Leson 18
Kote nou vle rive ak elèv yo nan leson 18?
Youn nan rezilta n ap chèche se ede elèv yo ekri divès kalite non nou bay manman nou nan peyi d Ayiti.
Dezyèm rezilta n ap chèche se ede elèv yo vin pi maton nan ekri mo tankou: demwazèl matmwazèl marenn nyès madan marye vwazin grann grangrann.
Leson 19
Kote nou vle rive ak elèv yo nan leson 19?
Youn nan rezilta n ap chèche se ede elèv yo vin pi maton nan ekri mo tankou: premye dezyèm twazyèm katriyèm senkyèm sizyèm setyèm uityèm nevyèm dizyèm.
Dezyèm rezilta n ap chèche se ede elèv yo vin pi maton nan ekri mo tankou: byen rnetye soulye vye.
Twazyèm rezilta n ap chèche se ede elèv yo vin pi maton nan ekri mo tankou: aprann kontribisyon ouvriye soufri travay.
Katriyèm rezilta n ap chèche se ede elèv yo vin pi maton nan ekri mo tankou: bwè dwòg gwo jwenn mikwòb pwazon pwòp swen.
Senkyèm rezilta n ap chèche se ede elèv yo vin pi maton nan li koze ki byen long.
Sizyèm rezilta n ap chèche se ede elèv yo vin pi maton nan ekri koze ki byen long.
Elèv yo ap wè ki jan non Asefi ak Bravilis ekri ak yon gwo lèt majiskil nan kòmansman menm jan ak pwòp non pa yo.
Elèv yo ap ranplase nou ak yon lòt pawòl ki fè yo plezi. Egzanp: Benita ak Prenòl mande pou pitit yo
Kounye a chwazi de non elèv ki nan klas la.
Egzanp: Yon manman pitit mande pou pitit li. Yon jenn papa mande pou pitit li.
Leson 20
Kote nou vle rive ak elèv yo nan leson 20?
Youn nan rezilta n ap chèche se ede elèv yo sèvi ak mak keksyon.
Dezyèm rezilta n ap chèche se ede elèv yo vin pi maton nan ekri yon ti mo ki itil anpil anpil lè n ap poze keksyon: èske Èske.
Twazyèm rezilta n ap chèche se ede elèv yo vin pi maton nan ekri mo keksyon.
Katriyèm rezilta n ap chèche se ede elèv yo vin pi maton nan ekri mo tankou: byen etidye fontyè.
Senkyèm rezilta n ap chèche se ede elèv yo vin pi maton nan ekri mo tankou: bwa chinwa mwayen pikwa.
Sizyèm rezilta n ap chèche se ede elèv yo vin pi maton nan ekri mo tankou: aprann frize franse granmoun grenn konprann kreyòl meprize pogrè prèske travay.
Depi yon koze gen èske ladan n, mak keksyon an dwe parèt nan fen koze a.
Elèv yo wè kouman nou ekri Ann Ayiti twa fwa: Ann Ayiti Ann Ayiti Ann Ayiti
Leson 21
Kote nou vle rive ak elèv yo nan leson 21?
Youn nan rezilta n ap chèche se ede elèv yo vin pi maton nan eki dlo Dlo.
Dezyèm rezilta n ap chèche se ede elèv vin pi maton nan ekri mo tankou: larivyè syèl vye
Twazyèm rezilta n ap chèche se ede elèv yo vin pi maton nan ekri mo tankou: ekri kreyòl lespri.
Katriyèm rezilta n ap chèche se ede elèv yo vin pi maton nan ekri mo tankou: Lapli sekle sanble
Senkyèm rezilta n ap chèche se fè elèv yo li yon bèl pwezi ki sot nan yon li
Leson 22
Kote nou vie rive ak elèv yo nan leson 22?
Youn nan rezilta n ap chèche se ede elèv yo rekonèt wòl yon ti mak yo rele vigil ki parèt souvan nan liv ak nan jounal.
Dezyèm rezilta n ap chèche se ede elèv yo vin pi maton nan ekri mo tankou: byen kontrarye vyann.
Twazyèm rezilta n ap chèche se ede elèv yo vin pi maton nan ekri mo tankou: ayisyen deklarasyon.
Katriyèm rezilta n ap chèche se ede elèv yo vin pi maton nan ekri mo tankou: bezwen dwe jwe jwenn pwa pwason.
Senkyèm rezilta n ap chèche se ede elèv yo vin pi maton nan ekri mo tankou: grangou kabrit kriye ladrès ouvriye pral pran traka.
Sizyèm rezilta n ap chèche se ede elèv yo vin pi maton nan ekri mo rannman.
Leson 23
Kote non vle rive ak elèv yo nan leson 23?
Youn nan rezilta n ap chèche se ede elèv yo vin pi maton nan rekonèt wòl mo èske.
Èske se yon mo ki mande yon mak keksyon nan fen yon koze. Ositou, le moun konprann wòl èske yo vin pi maton nan sèvi ak mak keksyon.
Dezyèm rezilta n ap chèche se ede elèv yo vin pi maton nan ekri mo tankou: lizyè myèl pye pyebwa ranmye. Twazyèm rezilta n ap chèche se ede elèv yo vin pi maton nan ekri mo tankou: bwa bwatchenn bwote fwi rakbwa sitwon zwazo.
Katriyèm rezilta n ap chèche se ede elèv yo vin pi maton nan ekri mo tankou: granmoun kouvri toutrèl zabriko
Senkyèm rezilta n ap chèche se ede elèv yo vin pi maton nan ekri mo tankou: plas platon plante plenn pyeflè.
Si yon moun enterese konnen ki kote pawòl labib ki nan leson 23 a soti, se nan liv Egzòd chapit 3, vèsè 8 ak vèsè 17, chapit 13, vèsè 5, chapit 33, vèsè 3 epi nan liv Levitik, chapit 20, vèsè 24.
Leson 24
Kote nou vle rive ak elèv yo nan leson 24?
Youn nan rezilta n ap chèche se ede elèv yo vin pi maton nan rekonèt kote yo mete vigil nan yon koze.
Dezyèm rezilta n ap chèche se ede elèv yo rekonèt mak keksyon ti mo èske mennen nan fen yon koze.
Twazyèm rezilta n ap chèche se ede elèv yo vin pi maton nan ekri mo tankou: devwa gwòs kwak resevwa kwòk.
Katriyèm rezilta n ap chèche se ede elèv yo vin pi maton nan ekri mo tankou: dyòb fyèl isye konbyen koutye papye pitye plizyè tafyatè visye.
Senkyèm rezilta n ap chèche se ede elèv yo vin pi maton nan ekri mo tankou: brital franse latrin traka tray travay.
Sizyèm rezilta n ap chèche se ede elèv yo vin pi maton nan ekri mo tankou: klas plent plim règle tablo.
Setyèm rezilta n ap chèche se ede elèv yo li nèf koze long ki kòmanse ak si.
Leson 25
Kote nou vle riveak elèv yo nan leson 25?
Youn nan rezilta n ap chèche se ede elèv yo vin pi maton nan sèvi ak pwen adwat dènye mo y on ti koze.
Dezyèm rezilta n ap chèche se ede elèv yo vin pi maton nan sèvi ak ekriti fòm kout ki ranplase mo mwen an.
Twazyèm rezilta n ap chèche se ede elèv yo vin pi maton nan rekonèt wòl vigil la.
Katriyèm rezilta n ap chèche se ede elèv yo vin pi maton nan ekri non peyi nou: Ayiti.
Leson 26
Kote nou vle rive ak elèv yo nan leson 26?
Youn nan rezilta n ap chèche se ede elèv yo vin pi maton nan ekri mo tankou: premye dezyèm twazyèm katriyèm
Dezyèm rezilta n ap chèche se ede elèv yo sèvi ak yon lis ki montre fòm lèt y ak non lèt yo.
Nan leson 26 pwofesè ak elèv yo ap jwenn yon modèl yon ti lèt moun ekri. Pwofesè ap ankouraje elèv yo ekri yon ti lèt pa yo. Men kòman ti lèt la ka kòmanse. Angiz yo mete Zanmi, yo gen dwa mete:
Chè papa
Chè frè
Maché Mesye
Chè manman
Chè pitit
Chè sè
Monchè Madam, eksetera, selon moun yo voye lèt la bay.
Sou bò dwat anlè anvan yo kòmanse ekri lèt la se pou yo make jou ak dat yo ekri lèt la.
Egzanp: Lendi 31 jiyè 1995
Lè yo fin ekri ti lèt la nèt, anba ti lèt la y ap ekri non yo ak siyati yo sou bò dwat.