Main

 
Kwazman teknoloji ak kreyòl ayisyen: yon pa annavan

Kwazman teknoloji ak kreyòl ayisyen:
yon pa annavan

 

 

 

pa Marilyn Mason, ansyen Prezidan

Mason Integrated Technologies Ltd (MIT2)

27 oktòb 2001

 

"Mason Integrated Technologies" (MIT2) ap fè wout li vè lavni.

MIT2 se sèl konpayi nan lemonn ki espesyalize nan devlopman sòfwè pou lang kreyòl e ki founi yon seri solisyon pou estabilize lang ekri ak yon seri zouti pwodiktivite pou trètman otomatik tèks ekri an kreyòl, elatriye.

Donk pou bay yon rapò sou pwogrè kwazman teknologi ak lang kreyòl ayisyen se pou bay yon rapò sou pwogrè MIT2, pa vre?


Ki jan sòfwè MIT2 ap devlope?

MIT2 ap devlope yon seri zouti ki la pou ogmante pwodiktivite nan yon travay piblikasyon dokiman e pou elaborasyon gwo koleksyon tèks elektwonik. Ansanm aplikasyon sa yo gen pou non:
Creole Tool Suite.

Sa se yon bann zouti n ap devlope pou ede nan domèn Redaksyon ak èd konpitè, Aprantisay lang ak èd konpitè ak Tradiksyon Otomatik.

Chak zouti e aplikasyon MIT2 ap devlope fèt nan objektif pou entegre yon tach jesyon pou dokimantasyon.

Deja genyen pwototip pou 2 aplikasyon MEN yo poko komèsyalize; yo poko prèt pou vann; nou toujou manke lajan pou sa. Men, yon jou, y ap vini.

Premye aplikasyon an, se
CreoleScan.

Aplikasyon sa a, se yon sòfwè Sistèm Rekonesans Optik ki kapab kaptire ak presizyon imaj yon dokiman ekri an kreyòl ayisyen epi konvèti l an yon dokiman byen tape pou anplwaye nan nenpòt pwogram trètman tèks.

Dezyèm aplikasyon an, se
CreoleConvert.

Aplikasyon sa a, se yon konvètisè òtograf m te kreye espesyalman pou rezoud konfli ki ekziste nan plizyè òtograf pou kreyòl ayisyen. Yon fason otomatik e presi, li konvèti tèks ekri nan sistèm òtograf pi ansyen yo vè fòm ki konfòm a òtograf ofisyèl IPN (Institut Pédagogique National).


Yon lòt aplikasyon ankò n ap kòmanse devlope, se CreoleTranslate.

Aplikasyon sa a, se yon sòfwè Tradikson Otomatik pou tradui dokiman DE yon lang - A yon lòt. Sistèm de baz pou CreoleTranslate se
sistèm tradiksyon SMART Translator ke MIT2 pral ogmante e lokalize ant lang anglè oubyen fransè oubyen pòtigè ak miltip lang kreyòl yo.

Anplis yon vèsyon pou gran piblik la, yon vèsyon pwofesyonèl pou gwo konpayi oubyen gwo enstitisyon yo pral devlope -- avan lontan -- ak diksyonè ki varye selon espesyalite yo pou kapab entegre zouti tradiksyon otomatik sou mache a, nan edikasyon e nan gouvènman.


Men, kouman yon blan kou mwen -- ki pa Ayisyen natif-natal -- kab devlope zouti sa yo? Paske m rekonèt depi kòmansman an, m pa kab fè TOU SA, TOU SÈL!

Depi kòmansman an, m oblije asanble yon gwo ekip ki posede yon gwo varyasyon nan talan ak espètiz nan lang kreyòl ak nan devlopman teknoloji.


Se sou aspè santral sa a, m pral baze rapò mwen jodi a.

MIT2 manke lajan MEN nou pa manke solda vanyan nan batay devlope yon lavni pou kwazman teknologi ak lang kreyòl!


Gen 2 jan solda nan lame oubyen ekip MIT2:

Gen
manm ki sèvi ladan konpayi a menm; gen Patenè Estratejik MIT2.

Ki sa sa ye: Patenè Estratejik MIT2? Sa vle di yon lòt konpayi ki vle kolabore avèk nou nan batay devlope yon lavni pou kwazman teknologi ak lang kreyòl.


1) Nan kategori manm ki sèvi ladan konpayi a menm, gen moun espè tankou:

a)
Dtè Jeff Allen: yon kreyolis ki gen plis pase dizan esperyans nan lengwistik, jeni lengwistik pou lang minoritè yo, teknoloji pou tradiksyon, maketing pou teknoloji lengwistik, ak elaborasyon e validite bazdone lengwistik. Esperyans manchlong li nan aspè teknik ak komèsyal lang minoritè yo, ap fè konpayi nou an rive byen lwen nan misyon l.

b)
Chris Hogan: Li pase 7 ane nan Sant Tradiksyon Otomatik nan Enstiti pou Teknoloji Lang nan Carnegie Mellon University kote l konplete yon doktora nan «Lengwistik konpitasyonèl». Nan Carnegie Mellon University, li devlope sistèm tèks ak diskou pou plizyè lang minoritè. An patikilye, Chris te enplike nan devlopman Sistèm Sentèz Diskou ak Sistèm Rekonesans Optik e nan Sistèm Tradiksyon Otomatik pou kreyòl ayisyen.

c)
Dtè Michel DeGraff: yon Ayisyen natif-natal ki Pwofesè Asosye an Lengwistik nan Depatman Lengwistik ak Filozofi nan «Massachusetts Institute of Technology» (MIT).

Dtè DeGraff se yon espesyalis nan «Teyori lengwistik», «Kontak lang», «Chanjman nan lang / Kreyasyon», «Aspè sosyo-kiltirèl Kominote Karibeyen yo», e «Aspè teyorik, metodolojik, edikasyonèl e sosyo-politik etid lang kreyòl» yo.

Li konplete Etid Premye Sik li ak yon degre nan Enfòmatik. Li pran yon metriz ak yon doktora nan Enfòmatik tou ak fokis nan «Lengwistik konpitasyonèl». Li pran esperyans teknik nan «Lengwistik & Entelijans atifisyèl» nan laboratwa «AT&T Bell yo». Li te okipe tou plizyè pòs nan ansèyman ak nan rechèch nan nivo inivèsitè pandan plis pase 10 ane.

Se sou tip bakgrawoun sa a, yon konpayi tankou MIT2 ki fokis sou rezo kolaboratif ak patenarya, chwazi espesyalman Dtè DeGraff kòm Chèf Konsèy Teknik nou an.

d)
Guy Antoine: yon natif ki pale kreyòl ayisyen ki youn nan lidè prensipal pou pwomosyon lang sa a ak pou kilti ayisyèn pa entèmedyè entènèt la.

Manm aktif pami gwoup difizyon e diskisyon sou Ayiti, li se fondatè e envantè pajwèb Windows on Haiti (ki te tabli an 1998) ak moderatè Fowòm Ayisyen nan.

Vizyon ak pledwaye Guy Antoine se 2 eleman kle pou:

(1) ede nou idantifye pwen kontak yo nan sektè gouvènmantal,

(2) pwomouvwa yon dyalòg ki ta fasilite yon konpreyansyon kiltirèl e entelektyèl ant sosyete a ak mache sib yo,

(3) pwopoze plan pou aksyon ki vize pou ogmante responsablite ak patisipasyon sosyal nan rezolisyon yon seri pwoblèm kominote a, an patikilye sa k gen pou wè ak devlopman lang e alfabetizasyon.

e)
Dtè Yves Déjean: yon Ayisyen natif-natal ki lengwis e ki anseye nan Inivèsite Leta Ayiti, li pran doktora l an lengwistik (1977) nan «Indiana University» epi li al nan «Long Island University» (kanmpous Brooklyn, Nouyòk) e nan «Columbia University» kote l anseye pandan 13 lane.

Edisyon «Collectifs Parole» nan Kanada pibliye tèz doktora l, «Comment Ecrire Le Créole d'Haiti», an 1980. Piblikasyon sa a vin tounen yon gid de baz pou etid ki konsène òtograf kreyòl la.

Volim piblikasyon l yo parèt nan plizyè jounal ak revi (aletranje kou ann Ayiti). Patikilyèman pami piblikasyon l yo sou alfabetizasyon an kreyòl, nou ka site: «Ann aprann òtograf kreyòl la», «Ann etidye lang nou an», «Kijan pou nou montre granmoun li», «Koute pale li ekri: 4 chemen konnen».

Epi li ede frè l, Paul Déjean, nan revizyon vèsyon kreyòl «Konstitisyon Ayisyen 1987 la» konfòmman a estanda òtograf la.

f)
Père Jean-Yves Urfié: fondatè ansyen ebdomadè kreyòl jounal «Libète» e ko-fondatè revi kreyòl «Sèl», li ko-pibliye liv pou lamès, li pibliye e ko-edite chante lamès «An nou chante lwanj Bondye», li edite seri istwa kout «Anba Mapou a» Jan Mapou ekri, epi li edite / pibliye tou zèv Félix Morisseau-Leroy («Ravinodyab», «Dyakout 1,2,3,4», «Teyat kreyòl», «Kont kreyòl»). Jodi a, Pè Urfié ap fonksyone aktyèlman kòm Asistan Sekretè Jeneral Òd Kongregasyon Sentespri a Wòm, peyi Itali.

De 1972-1985, Urfié sèvi pami Ayisyen nan Dyaspora yo nan Brooklyn, NY, ansanm ak Pè Adrien, Pè Smarth, ak Pè Jacquot. De 1989-1999, Urfié t ap fonsyone ann Ayiti kote li fonde e dirije jounal «Libète» (1990), li te ko-fondatè mezondedisyon Bwa Kayiman (1994), li dirije seksyon segondè Collège «Saint Martial», epi li edite yon vèsyon bileng Konstitisyon Ayiti a (tradiksyon kreyòl: Yves ak Paul Déjean, 1995).


2) Nan kategori Patenè Estratejik MIT2, genyen:

a)
CreoleTrans (nan Florid): yon konpayi ki espesyalize nan bay sèvis pwofèsyonèl nan tradiksyon lang kreyòl ayisyen, pou vann ansanm teknoloji yo e pou etann efikasite aktivite de (2) sosyete yo. CreoleTrans gen ladan yon ekip tradiktè e editè ak esperyans nan kreyòl ayisyen e li gen yon gwo kliyantèl ki gen ladan l editè, inivèsite, lekòl, sistèm edikasyon e ajans gouvènman. CreoleTrans va premye founisè tradiksyon kreyòl ayisyen ki pral anplwaye zouti sòfwè MIT2 sa yo pou pwodiksyon ak validite tèks an kreyòl (sous ou lang sib).

b)
Enso Company (nan Seattle, Washington): se yon sèvis entènèt e yon konpayi konsiltan ki ofri solisyon pou devlope pajwèb ak sistèm «eCommerce» (komès elektwonik) epi l espesyalize nan devlopman pajwèb ak sistèm miltileng. Enso espesyalize tou nan domèn entènasyonal, jesyon pwojè ak bazdone, asirans kalite tradiksyon pou teknoloji ak langaj kontwole, tradiksyon otomatik, e entegrasyon sistèm zouti pou tradui.

c)
Polderland Technologies (nan Peyi Ba, ann Ewòp): yon konpayi ki espesyalize nan devlope sistèm rekonesans vokal, sistèm sentèz vokal, sistèm tèks ak diskou, ak sistèm verifikatè òtograf.

d)
Gwoup Henri Deschamps (InterMedia, Maison Henri Deschamps, Editions Henri Deschamps, Imprimerie Henri Deschamps, e Hachette-Deschamps):

InterMedia, fonde pa Henri Deschamps nan ane 1998, se yon gwoup medya ak kominikasyon entènèt nan patenarya ak espesyalis nan piblikasyon, edikasyon, ak teknoloji entènèt, entranèt e ekstranèt.

Aktyèlman l ap bati yon enfrastrikti ann Ayiti nan rekritman e nan trening nan «kontèks apwopriye» a resous imèn: pwogramè, direktè rezo, chèchè, ekriven, dizaynè grafik, dizaynè sit pajwèb e espesyalis nan maketing, vant ak administrasyon.

«Haiti Global Village», ke Deschamps fonde an 1996 e ki parèt an 1997, devlope e mentni plis pase 250 sit entènèt e 8500 paj dokiman ki dedye a Ayiti e a Pèp Ayisyen atravè lemonn antye.

Fonde an 1995, «Hachette-Deschamps» se yon «joint-venture» Franko-Ayisyen ant mezondedisyon «Hachette» (fonde an 1848) e mezondedisyon ayisyen «Maison Henri Deschamps» (fonde an 1898).

Gwoup Deschamps an pral premye antrepriz komèsyal pou itilize zouti sòfwè MIT2 pou ogmante sistèm yon mezondedisyon.


Eske sa sifi pou jodi a pou konvenk nou tout reyalite sa a: Gen yon lavni pou kwazman teknologi ak lang kreyòl ayisyen?

Mwen ap chache toupatou pou de bagay:

(1) Plis moun espè / solda vanyan pou ekip MIT2, epi

(2) Plis resous finansye pou n ta kab resi nan gwo batay sa a!



Pou plis enfòmasyon, kontakte:

Mason Integrated Technologies Ltd (MIT2)
PO Box 181015, Boston, MA 02118 USA
Tel: 617-247-8885, Faks: 617-262-8923
Imel:
mit2usa@aol.com
Pajwèb:
http://hometown.aol.com/mit2usa/Index2-kr.html

 






Koutwazi / Courtesy of The Creole Clearinghouse