Massillon Coicou / Masiyon Kwakou (1867-1908): Plenyen Yon Esklav
Massillon Coicou / Masiyon Kwakou
(1867-1908)
Pa Pauris Jean-Baptiste
(Jounal Boukan 127 - Jen 1977, paj 3-6)
Masiyon Kwakou se moun Pòtoprens li te ye.
Li te fèt 9 Oktòb 1867 sou reny prezidan Silven Salnav. Li te fè tout klas primè li kay frè Enstriksyon kretyèn Pòtoprens. Lè fini, jennonm nan antre lise nasyonal pou klas segondè li. Depi li te nan senkyèm lise, Masiyon kòmanse montre ki bwa li pral chofe. Se epòk sa a, li antre nan ekri pwezi. Li kòmanse fè lekòl lane 1891. Lè sa a, yo lonmen l pwofesè lise Petyon. Yon ane apre, msye fè pibliye yon liv pwezi yo rele pwezi nasyonal.
An 1900, prezidan Tirezyas Simon Sam voye li an Frans tankou sekretè legasyon Dayiti a Pari. Pandan msye lòtbò a, li fè parèt de liv pwezi. Li te fè yo jwe nan yon gwo sal teyat a Pari yon pyès li te ekri. Non li, se Libète. Pa bliye sa te pase lane 1904. Se menm ane sa a, bò isit, nou t ap fete fèt santan lendepandans nou. Li tounen nan peyi a an 1905. Debake li debake, li fonde yon jounal yo te rele zèv. Plan msye, se pou li te ka bay jenn moun peyi a anvi pou yo gen bon gou pou bèl bagay. Sa fe anpil jenn moun epòk la te renmen li. Yo te respekte l epi yo pat manke chwaye l tou. Yo te gwo patizan Masiyon Kwakou. Yo te cho pou li.
Kwakou fè yo jwe plizyè pyès teyat li te ekri. Gen pyès tankou Silabè. Yo te jwe li an 1905. Gen lòt tankou Lanperè Desalin, yo te jwe li nan lane 1906.
Anfen, soti lane 1904 rive 1908, Masiyon bay tèt li nèt nan chita ekri. Li te dakò anpil pou lang kreyòl la jwenn plas li nan literati peyi a. Moun pat ka renmen Ayiti la ak Kwakou! Lè li wè tout zak ki t ap komèt sou reny tonton Nò, msye gen degoutans. Li revòlte kont Nò Aleksi. Ni li pa fè li an kachèt. Li te aji aviv vwa. Se konsa, yon jou lannwit yo arete msye nan kabann ansanm ak de lòt frè li. Yo trennen yo ansanm ak yon dis lòt konsa epi yo sansinen yo. Yo pat menm jije yo pou konnen sa yo te fè. Sa te pase jou lannwit 15 pou louvri 16 mas 1908. Masiyon Kwakou te yon pakèt gason. Doktè Pradel Pompilus etidye tout gwo panse defen an. Men sa li di sou yo: "Se yon boukèt espwa, se yon ponyen souvni. Sa kapab rale tout kè vye prejije ak enterè te divize pou makònnen yo ankò."
Pou defen Kwakou, tout lagè sivil ki t ap ravaje peyi a, se vle egoyis rasi ki lakòz yo. Se vye vis kanni, se iyorans mangonnen, se renmen chèf, se prejije koulè ki kòz.
Men yonn nan pwezi Kwakou ki pi popilè. Nou mete li an Kreyòl pou lektè yo:
Plenyen Yon Esklav
I
Poukisa se nèg menm ou fè m?
Aa! Poukisa menm se nèg nwè mwen ye?
Lè Granmèt la te fin plante m nan vant manman m,
Lanmò ki si tèlman jalou,
Lanmò ki toujou si ap prese fè devwa l,
Poukisa li pat kouri vin pran m lamenm?
Kounye a, m pa ta janm ap pase pil tray sa yo,
Se pa mwen ki ta chita ap bwè mizè fyèl anmè konsa.
Kote m ta ye a nan ginen an,
Aa! Wè pa wè, m pa ta ap nan plenyen konsa,
Koze seye, mwen ta pi alèz la.
Men Granmèt la madichonnen m, sa a ap pousib mwen
Se ak san mwen, ak dlo nan je m tout moun pou plen fal yo.
II
Poukisa se nèg menm ou fè m?
Aa! Poukisa menm se nèg nwè mwen ye?
Lè Granmèt la te fin plante m nan vant manman m
Lanmò ki si tèlman jalou,
Lanmò ki toujou si ap prese fè devwa l,
Poukisa li pat kouri vin pran m lamenm?
Zwazo lib pou yo vole, pou yo chante lè yo pito,
Van lib pou li vante jan sa fè li plezi
Klè kou kristal, lanm dlo lib pou li koule nan zèb chyendan,
Men mwen esklav, ni bonè ni fèt, se pa gou bouch mwen sa.
Mwen pa gen okenn kote bay kò m yon ti kanpo.
III
Poukisa se nèg menm ou fè m?
Aa! Poukisa menm se nèg nwè mwen ye?
Lè Granmèt la te fin plante m nan vant manman m,
Lanmò ki si tèlman jalou,
Lanmò ki toujou si ap prese fè devwa l,
Poukisa li pat kouri vin pran m lamenm?
Lè vwa gwo kolon an pran ranni sou mwen
Lè wouchin li ap soufle bò tèt mwen pou menase m
Pa mande Bondye mwen tranble koupi do m ba li
L ap rachonnen mwen jous tout kò m pise san.
Si pa malè mwen mande l gras lamizerikòd
Se annik ri li tonbe ri kwa kwa kwa ban mwen! ......
IV
Poukisa se nèg menm ou fè m?
Aa! Poukisa menm se nèg nwè mwen ye?
Lè Granmèt ya te fin plante m nan vant manman m,
Lanmò ki si tèlman jalou,
Lanmò ki toujou si ap prese fè devwa l,
Poukisa li pat kouri vin pran m lamenm?
Men malgre sa, m kontre ak libète bab pou bab yèswa.
M pat ka dòmi, tout kò m te kraze.
Lèspri m te pati, m te wè tousa yo te konn ap di m yo:
Oo, gade! Apa m lib! Kite m ale kote m vle non!
Aa, wi! Tout peyi a rele m pa m! M sèl mèt bitasyon!
Men, se pa vre. Rèv, m t ap fè! Se nèg nwè yo fè m ......
V
Poukisa se nèg menm ou fè m?
Aa! Poukisa menm se neg nwè mwen ye?
Lè Granmèt la te fin plante m nan vant manman m,
Lanmò ki si tèlman jalou,
Lanmò ki toujou si ap prese fè devwa l,
Poukisa li pat kouri vin pran m lamenm?
Granmet o, kote w ye? M te kwè yo di anba syèl ble a
Lè yon vivan k ap soufri lapriyè w tout bon vre,
Aa, papa! Yo di lapriyè li rive jous bò kote w.
Epi, malgre sa, ou pa ka tande m, papa!......
Lapriyè nèg nwè, sanble li manke atiran pou w?
Gen lè se pa devan w de bra li louvri ap rele?
VI
Poukisa se nèg menm ou fè m?
Aa! Poukisa menm se nèg nwè mwen ye?
Lè Granmèt la te fin plante m nan vant manman m,
Lanmò ki si tèlman jalou,
Lanmò ki toujou ap prese fè devwa l,
Poukisa li pat kouri vin pran m lamenm?
Aa, Bondye! Si w ka tande m, se san dout ou wè m tou.
Elas, si pawòl mwen ap deraye, ou wè se nan chagren m ye
Ou konnen, ou menm ki konnen tout bagay, jan toutan m ap soufri
M ap soufri paske m se nèg nwè.
Wi sa fè twò lontan m ap soufri san pale.
Padonnen m non Granmèt si m antre nan depale.