Main

 
Pè Woje Dezi - Alfabetizasyon ann Ayiti (Jounal "Boukan", 1977)

Alfabetizasyon ann Ayiti

 

Pè Woje Dezi 

 

(Jounal Boukan 128 - Grann Vakans 1977, paj 42-44.) 

 


Kisa alfabetizasyon an ye?

Travay alfabetizasyon an se montre moun kijan pou yo li ak ekri yon lang. Nou konnen lang se bri nou fè ak bouch nou, ak banbou gagann nou, epi ak nen nou, pou nou pale, pou nou di sa nou vle, pou nou kominike ak parèy nou. Men lè nou bezwen voye yon komisyon bay yon moun byen lwen, lè nou bezwen kouche kichòy sou papye pou nou pa bliye l, nou sèvi ak yon bann ti desen, yon bann ti siy yo rele lèt ak chif.

Alfabè yon lang, se lèt yo sèvi pou ekri lang nan. Tout lang pa gen menm alfabè. Ki vle di, gen lèt ou jwenn nan alfabè yon lang, ou pa jwenn nan pa yon lòt. Yo pa sèvi ak menm kalite lèt. Lèfini, menm lè lèt yo menm, yo pa fòseman gen menm valè. Men sa se yon koze n a koze yon lòt jou. An nou tounen sou koze jodi a: alfabetizasyon se montre moun kijan pou yo ekri yon lang, kijan pou yo li sa ki kouche sou papye nan lang nan.


Poukisa yo fè alfabetizasyon?

Premye bagay yo montre moun, lè y al lekòl, se montre yo li ak ekri lang yo pale a. Paske, depi kèk tan, vle pa vle, liv, jounal, tounen yon egzijans pou tout moun. Lèfini, avèk moun ki soti nan mòn desann lavil, moun k ap vwayaje adwat agòch, moun k ap janbe lòt bò dlo, moun k ap fè zanmi toupatou, yo bezwen aprann li ak ekri pou yo ka kominike youn ak lòt. Avèk lapòs, ou pa bezwen deplase yon moun esprèseman pou al fè yon komisyon byen lwen.


Pwoblèm lan ann Ayiti.

Ann Ayiti, yo te toujou montre moun li ak ekri lang franse pou kòmanse. Apre sa, yo montre yo li panyòl, anglè, alman. Pou kreyòl la se pa pale. Konsa, se te yon ti ponyen moun ase ki te rive konn li ak ekri.


1933 - 1939.

Men, depi sou Prezidan Vensan, avèk Krisyon Bolye, Frederik Dorèt, Emil Woumè, Ati Oli ak anpil lòt toujou, nou jwenn gen yon seri nèg ki t ap goumen pou yo te rive sèvi ak kreyòl la nan lekòl. Konsa, tout moun, andeyò kou lavil, timoun kou granmoun, ta ka gen menm chans lan nan sosyete a.Yo te rive fè yon sosyete yo te rele: Sosyete pou Fè Lekòl an Kreyòl (Société d'enseignement par le Créole).


1942.

Pastè Makonèl ak Doktè Lobak kòmanse fè legliz pwotestan yo mete pye yo nan dlo pou montre granmoun yo li ak ekri.


27 Dawout 1947.

Prezidan Estime pran yon lwa ki mande pou tout moun ki pase lekòl mete tèt yo ansanm pou yo fè lekòl pou tout granmoun nan peyi a ka rive sèvi ak liv, li jounal, konn sa k ap pase nan peyi a ak lòt bò dlo. Se te ekip "Konesans se limye".


1953.

Sizan apre, yo te fè yon lòt sosyete yo te rele: "Ligue contre l'analphabetisme", pou ede gouvènman lè sa a reprann travay lekòl pou granmoun yo. Se te epòk Chal Fènan Preswa, Liksawoubou Mondezi, Moriso Lewa, ets.


22 Me 1961.

Prezidan Divalye bay travay la yon gwo bourad. Li mete sou pye yon kokenn chenn òganizasyon li te rele ONEC (Office national d'éducation communautaire). Pandan lontan, yo te kwè pwoblèm moun ki pa konn li, ki pa konn ekri yo se te yon pwoblèm edikasyon sèlman. Men, dapre rechèch ki te fèt, gouvènman an te rive wè se yon seri move kondisyon nan sosyete a ki te kreye pwoblèm sa a. Rasin maladi sa a pat chita nan pèp la, ni nan kilti pèp la, ni nan lang li pale a, jan anpil moun te kwè l la. Se yon sitiyasyon ki soti nan sistèm ekonomik sosyete a ak nan lide move moun ki t ap pwofite sou tèt pèp la. Sa te fè te gen yon bann vye prejije nan peyi a (moun lavil -- moun andeyò -- moun eklere -- moun ki pa eklere -- moun ki pase lekòl -- moun ki pa pase lekòl). Sa te ankouraje anpil lenjistis nan peyi a. Ki fè pi gwo t ap peze pi piti, pi piti menm t ap woule pi gwo. Se konsa, gouvènman an te wè nesesite pou li te mare travay alfabetizasyon an avèk refòm ki gen pou fèt pou peyi a ka devlope.


22 Janvye 1969.

Yo chanje non an, yo rele l ONAAC (Office national d'alphabétisation et d'action communautaire), pou fè wè nesesite pou tout moun patisipe nan zafè peyi a. Se tèt ansanm ki tout fòs nou. Men nou gen bon tèt ansanm, se pou yo dechouke tout vye prejije k ap ankouraje lenjistis nan sosyete a.

Gen anpil moun ki mete tèt yo avèk ONEC/ONAAC pou fè travay la mache. Gen "alfalit", komite pwotestan pou montre moun li a. Gen pè, frè ak sè, ak anpil gwoup jennjan ak jennfi. Men anpil, chay pa lou. Men, lè chay la lou anpil, fòk gen anpil men tou.

 

Lòt Atik / Diskou sou Alfabetizasyon an Ayiti





 






Koutwazi / Courtesy of The Creole Clearinghouse