KEPKAA (Komite Entènasyonal pou Pwomosyon Kreyòl ak Alfabetizasyon) (ansyènman KIPKAA)
|
(Vèsyon fransè / Version française) |
( Vèsyon anglè / English Version) |
|
|
|
KEPKAA |
|
(Komite Entènasyonal pou Pwomosyon Kreyòl
ak Alfabetizasyon)
(ansyènman KIPKAA) |
|
|
|

Oktòb 2002
|
|
|
|
ENDÈKS
Nouvèl KEPKAA yo | Entwodiksyon | Definisyon | Objektif yo | Kouman Ou Ka Vin Manm | Manm Aktif yo | Manm Onorè yo | Manm Administrè yo | Finansman | Mizangad | Kotizasyon | Kijan W Ka Enplike |
Adrès Kote Pou Depoze Materyèl | Fòmilè Pou Moun Vin Manm | Lyen yo | Kontakte |
|
|
|
Nouvèl KEPKAA yo
PWOGRAM MWA LANG KREYÒL LA - 2004 
PWOGRAM MWA LANG KREYÒL LA - 2003
OCHAN POU: Albert Valdman | Adlin Chansi | Franketyèn | Jera D. Montès
LIVRÈ OFISYÈL: MWA LANG KREYÒL MONREYAL LA - 2002
PWOGRAM AKTIVITE MWA LANG KREYÒL MONREYAL LA YO - 2002
ALBÈ VALDMANN AK FRANKETYÈN: ENVITE DONÈ NAN MWA LANG KREYÒL MONREYAL LA - 2002
MWA LANG KREYÒL MONREYAL LA: KOTE L SÒTI, POUKISA E KISA L YE?
OKTÒB 2002 NAN LAKOU MONREYAL: YOUN MWA POU SELEBRE 20YÈM ANIVÈSÈ JOUNEN MONDYAL KREYÒL
TRÈZ NAN TRANNSÈT LIV FRANKETYÈN EKRI YO NAN MWA MONDYAL
KREYÒL LA 2002 |
|
|
|
Entwodiksyon
Alfabetizasyon okipe yon plas enpòtan nan devlopman yon peyi. Konstriksyon avni yon peyi tankou Ayiti pa ka chita inikman nan men yon tiklik nèg save. Sitiyasyon entolerab sa a dwe chanje. Jan sa ye la a siyifi si pa gen anyen ki fèt, moun ki pa konn li ak ekri yo pral rete pou vitàm etènàm nan dèyè kamyonèt la, san yo p ap janm ka rive konnen tout bon vre ki konkou pou yo pote pou ede chanje sosyete a. Kòm anpil moun deja konnen, pou yon chanjman pote bonjan rezilta, fòk tout moun, kèlkanswa konesans li, kèlkanswa richès li, pote yon kontribisyon kèlkonk. Se konsa chènn solidarite pou kwape fènwa ak lenjistis la va rive monte drapo l, pa sèlman ann Ayiti men nan anpil lòt peyi.
Se nan konbit kole zèpòl pou chanjman sa a, yon gwoup nèg ak nègès nan peyi Kanada, deklare:
* lè yo konsidere anviwon 50% tout Ayisyen ki gen 16 rekòt kafe ak tiyon sou tèt yo, pa ta konn li ak ekri;
* lè yo konsidere anviwon 40% tout ti Ayisyen ki gen 5 jiska 15 rekòt kafe sou tèt yo, p ap janm frekante lekòl nan vi yo.
* lè yo konsidere anviwon 60% tout timoun ki antre nan sistèm eskolè a, ta gen pou yo fè yon krazekitesa avan yo rive nan sizyèm ane fondamantal;
* lè yo konsidere youn nan pigran jistis pèp Ayisyen ta dwe jwenn, se rive fè tout Ayisyen konn li ak ekri;
* lè yo konsidere motivasyon pèp Ayisyen pou rezoud kesyon konn li ak ekri a;
* lè yo konsidere yon peyi tankou Ayiti p ap janm rive devlope, si li pa gen yon politik lenguistik djanm, ki fè lonè lang manman ak papa mas pèp la;
* lè yo konsidere se Ayisyen an premye, men ansanm ak tout limanite ki ta dwe ede Ayisyen ranpòte mayòl konn li ak ekri a;
yo mete sou pye, yon òganis ki rele: Komite Entènasyonal pou Pwomosyon Kreyòl ak Alfabetizasyon (KEPKAA) ou, an franse, Comité International pour la Promotion du Créole et de l'Alphabétisation. Yo mande pou tout pitit ak zanmi Ayiti ede yo kore kokennchenn angajman sa a. |
|
|
|
Definisyon
KEPKAA se yon òganis ki pa la pou fè lajan. Leta pwovens Kebek ba li batistè jan lalwa vle sa. Anrejistreman an fèt jou ki te 27 me 1997, nan seksyon antrepriz ki nan biwo Enspektè jeneral enstitisyon finansye yo. |
|
|
|
Objektif yo
* Enterese tout moun pran pa nan dosye pa konn li ak ekri peyi d Ayiti a.
* Kore travay gwoup anndan peyi d Ayiti yo k ap kwape zafè pa konn li ak ekri a.
* Chonje jenn yo, asosyasyon kominotè yo, sendika yo, òganizasyon imanitè yo, antrepriz prive yo, asosyasyon rejyonal yo, mediya yo elatriye, pou yo kore travay gwoup k ap goumen anndan peyi d Ayiti yo pou tout moun konn li ak ekri.
* Ankouraje tout inisyativ lòtbò dlo ki gen bi pou kore edikasyon ann Ayiti.
* Gaye koze lang kreyòl la toupatou.
* Plede pou tout lekòl ann Ayiti anseye nan lang manman ak papa Ayisyen yo.
* Òganize konferans, rankont, espozisyon, konkou, chitakoze ak tout lòt kalite woumble ki ka kreye okazyon pou ekritè, bouskadò, atis tout disiplin ansanm ak tout zanmi lang kreyòl la ka rankontre pou boukante lide youn ak lòt.
* Ede jenn Ayisyen lòtbò dlo yo dekouvri idantite yo. |
|
|
|
Kouman Ou Ka Vin Manm
Tout moun, tout òganizasyon legal ki dakò ak objektif KEPKAA yo ka vin manm. Zanmi sila a ap sèlman ranpli fomilè òganizasyon an prevwa pou sa. |
|
|
|
Manm Aktif yo
Nan KEPKAA gen manm aktif, gen manm onorè. Manm aktif yo dwe ofri komite a sèvis yo, sa pa vle di yo oblije vin nan reyinyon pou sa. Chak ane, yo gen devwa pou yo peye kotizasyon asanble jeneral la fikse. Ansuit, yo gen dwa bay yon bourad sou fòm yo vle. Li kapab yon don, li kapab yon lo founiti eskolè, li kapab materyèl didaktik oswa materyèl odyovizyèl.
Anplis desa, chak ane, yo ta dwe fè jefò pou yo patisipe nan youn nan aktivite komite a òganize. Egzanp: selebrasyon jounen entènasyonal lang kreyòl. |
|
|
|
Manm Onorè yo
Manm onorè yo pa oblije ofri sèvis yo ni yo pa oblije vin nan reyinyon. Chak ane, yo gen pou yo peye kotizasyon asanble jeneral la fikse. Ansuit yo gen pou devwa pou bay yon bourad sou fòm yo vle. Li kapab yon don, li kapab yon lo founiti eskolè, li kapab tou materyèl didaktik oswa materyèl odyovizyèl.
Kèlkanswa estati manm lan, li gen devwa pou konsyantize moun ki nan lantouraj li sou pwoblèm pa konn li ak ekri a. Li dwe plede pou tout lekòl ann Ayiti anseye nan lang manman ak papa Ayisyen yo. |
|
|
|
Manm Administrè yo
Konsèy administrasyon KEPKAA gen sèt manm, sètadi: 1 prezidan, 1 visprezidan, 1 kowòdonatè, 1 trezorye, 1 trezorye adjwen ak 2 konseye. Administratè sa a yo eli pou dezan. Sa fèt nan yon asanble jeneral tout manm yo.
Ekip manm sa a yo gen devwa pou yo administre komite a kòmsadwa, enfòme manm yo sou tout aktivite komite a. Chak ane, yo dwe voye yon rapò bay chak manm ki an règ. |
|
|
|
Finansman
Moun ki finanse KEPKAA se espesyalman manm li yo, kolaboratè ak kòmanditè li yo. Lòt mwayen li genyen se prensipalman òganizasyon aktivite kiltirèl. Estrateji li chita tou nan devlopman lyen solidarite seresere ak kèk òganizasyon tankou: òganis kominotè, sendika, inivèsite, fondasyon, asosyasyon rejyonal, asosyasyon sosyopwofesyonèl, gwoup jenn yo, antrepriz prive yo elatriye. |
|
|
|
Mizangad
KEPKAA pa nan danse kole ni patipri ak pyès tandans. Li ankouraje tout kinan li yo pou yo goumen pou yon sistèm edikasyon ki sanble ak sitwayen yo - yon sistèm edikasyon ki pa tolere vyolans e ki pèmèt moun yo esprime panse yo.Li travay ak tout moun ki vle fòme yon chenn solidarite pou libere lespri moun ki nan fènwa, prensipalman ann Ayiti. Li respekte apatenans politik, relijyez ak ideyolojik tout moun. Li pa aksepte nan mitan l pyès moun k ap preche rayisman ak lavyolans. Li pa aksepte tou don okenn pati politik ni sibvansyon Leta. |
|
|
|
Kotizasyon
Pou w peye kotizasyon w oswa pou w bay KEPKAA yon poud kafe, ou gen de posibilite:
1e chwa: Poste yon chèk sètifyè onon KEPKAA nan adrès sa a:
KEPKAA
C.P. 65060, Succ. Place Longueuil
Longueuil, Québec, Canada, J4K 5J4.
2e chwa: Depoze kòb la nan kont KEPKAA.
Non bank lan se: BANQUE DE MONTRÉAL
Nimewo kont lan se: 8070-346
Nimewo transit la: 0169
Kenbe resi ou, pa bliye poste yon kopi bay KEPKAA nan adrès ki anwo a. |
|
|
|
Kijan W Ka Enplike
Kèlkanswa peyi w ye, kèlkanswa nasyonalite w, si pwoblèm pa konn li ak ekri a enterese w; si ou vle pote kontribisyon w pou kwape kansè sa a, KEPKAA envite w vin kole zepòl ou ak zèpòl pa l pou chanje sa.
Pou w enplike w, premye bagay pou w fè se vin manm komite a. Ranpli fòmilè ki fèt pou sa a. Lòt fason ou ka enplike w, se ede gwoup la kolèkte founiti eskolè oswa ou ka bay kaye, kreyon, plim, lakrè, règ, liv, materyèl didaktik elatriye. KEPKAA angaje li pou li achemine materyèl sa a yo ann Ayiti bay gwoup k ap travay sou teren an pou aprann moun li ak ekri.
Si vil kote w ap viv la pa nan lis ki pral vini la a; KEPKAA ta renmen resevwa pwopozisyon ou pou mete yon reprezantasyon nan rejyon w lan. Si sa ta rive fèt, se t ap sa nètalkole. Men adrès kote pou w depoze materyèl alfabetizasyon ou ta vle bay yo:
ADRÈS KOTE POU DEPOZE MATERYÈL:
MONTRÉAL, CANADA
Centre Petite Enfance Beau Sourire
3333, Boul. Rosemont
Montréal, Qc, CANADA
Tel. (514) 727-5321
TORONTO, CANADA
N ap chache yon adrès ak yon reprezantan pou rejyon sa a - ou mèt kontakte nou pou pwopoze sèvis ou: kepkaa@attcanada.ca.
VILLE DE QUÉBEC, CANADA
N ap chache yon adrès ak yon reprezantan pou rejyon sa a - ou mèt kontakte nou pou pwopoze sèvis ou: kepkaa@attcanada.ca.
OTTAWA, CANADA
N ap chache yon adrès ak yon reprezantan pou rejyon sa a - ou mèt kontakte nou pou pwopoze sèvis ou: kepkaa@attcanada.ca.
WASHINGTON, DC, USA
N ap chache yon adrès ak yon reprezantan pou rejyon sa a - ou mèt kontakte nou pou pwopoze sèvis ou: kepkaa@attcanada.ca.
BOSTON, MASS. USA
N ap chache yon adrès ak yon reprezantan pou rejyon sa a - ou mèt kontakte nou pou pwopoze sèvis ou: kepkaa@attcanada.ca.
CAMBRIDGE, MASS. USA
Parnel Store
75 Dudley street, Mass. 02140 USA
Tel. (617) 354-4155
MIAMI, FLA. USA
N ap chache yon adrès ak yon reprezantan pou rejyon sa a - ou mèt kontakte nou pou pwopoze sèvis ou: kepkaa@attcanada.ca.
NEW YORK, USA
N ap chache yon adrès ak yon reprezantan pou rejyon sa a - ou mèt kontakte nou pou pwopoze sèvis ou: kepkaa@attcanada.ca.
ATLANTA, GA. USA
N ap chache yon adrès ak yon reprezantan pou rejyon sa a - ou mèt kontakte nou pou pwopoze sèvis ou: kepkaa@attcanada.ca.
PARIS, FRANCE
N ap chache yon adrès ak yon reprezantan pou rejyon sa a - ou mèt kontakte nou pou pwopoze sèvis ou: kepkaa@attcanada.ca.
BRUXELLES, BELGIQUE
N ap chache yon adrès ak yon reprezantan pou rejyon sa a - ou mèt kontakte nou pou pwopoze sèvis ou: kepkaa@attcanada.ca.
DEPT DU CENTRE, HAÏTI
Secours aux Aveugles, Autres Handicapés
et Démunis du Dept du Centre (S.A.H.D.E.C.)
a/s Madame Inesse Joseph
2, Rue Borneau, Tête de l'Eau
Pétion-ville, Haïti (W.I.)
Imel: sadinesse@hotmail.com
Tel. (509) 257-1723
PORT-DE-PAIX
Collège Évangélique Christ-roi
A/s Wilson Alcime
Rue du Quai, # 01
Port-de-Paix, Haïti (W.I.)
Tel. (509) 268-6552
PESTEL, HAÏTI
Les Associés de la Mission Iles Cayémites
A/s Raymond Mailhiot, O.F.M
Pestel, Grand-Anse, Haïti (W.I.)
Tel. (509) 245-4523
JÉRÉMIE, HAÏTI
N ap chache yon adrès ak yon reprezantan pou rejyon sa a - ou mèt kontakte nou pou pwopoze sèvis ou: kepkaa@attcanada.ca.
GONAÏVES, HAÏTI
N ap chache yon adrès ak yon reprezantan pou rejyon sa a - ou mèt kontakte nou pou pwopoze sèvis ou: kepkaa@attcanada.ca.
PORT-AU-PRINCE, HAÏTI
Faculté de Linguistique Appliquée
Université d'Etat d'Haïti
38, Rue Dufort (Bois-Verna)
Port-au-Prince, Haïti (W.I.)
Imel: fla-ueh@netcourrier.com
Faks: (509)245-9153
PORT-AU-PRINCE, HAÏTI
Jean-Harry Clerveau
86, Ave Miller, à l'étage
Port-au-Prince, Haïti (W.I.)
Tel. (509) 244-1777 / 1676
PORT-AU-PRINCE, HAÏTI
Centre d'Éducation Spéciale (C.E.S.)
73, Rue de l'Enterrement
Port-au-Prince, Haïti (W.I.)
Tel. (509) 222-5547
CAP-HAÏTIEN, HAÏTI
Tribune d'Haïti
a/s Gérard L. Mésidor
426, Rue du Belair
Cap-Haïtien, Haiti (W.I.)
Tel. (509) 262-1260 / 9679
Imel: initiativecitoyenne@yahoo.fr
JACMEL, HAÏTI
Association des Planteurs pour le développement de Meyer
(A.P.L.A.D.E.M.)
a/s Francette Louis
Route de Meyer, près de l'Église Sacré-cour
Jacmel, Haïti (W.I.)
Tel. (509) 288-3185
CAYES, HAÏTI
La Croix Rouge Haïtienne
A/s M. Jean-Renand Valière, Prés.
111, rue Auxilius Fougère
Cayes, Haïti (W.I.)
Tel. (509) 286-0048 / 485 0252
CHANTAL, CAYES, HAÏTI
Association pour le Relèvement de Chantal (ARDEC)
45, Rue Nicolas Geffrard
Chantal, Cayes, Haïti (W.I.)
Tel. (509) 286-2150 |
|
|
|
FÒMILÈ POU MOUN VIN MANM
* Non mwen se:
* Adrès mwen:
* Telefòn mwen:
Ekri OK:
* Mwen dakò ak objektif KEPKAA yo:
* Mwen vle vin yon manm aktif:
* Mwen vle vin yon manm onorè:
* Mwen poste yon chèk $25 kanadyen pou kotizasyon m:
* Mwen vle kòmandite KEPKAA:
* Mwen vle kòmandite Selebrasyon Jounen Entènasyonal Kreyòl Monreyal la:
* Mwen vle ofri materyèl pou alfabetizasyon (kaye, kreyon, lakrè elatriye):
* Pwofesyon m se ________________________, m ofri sèvis mwen gratis:
* Siyati:
* Dat:
REMAK:
Lè ou fin ranpli fòmilè a, retounen l pa imel sa a ( kepkaa@attcanada.ca) oswa postel nan adrès sila a:
KEPKAA
C.P 65060, Succ. Place Longueuil
Longueuil, Québec, J4K 5J4 |
|
|
|
Lyen yo |
|
OMAJ: MANNO PYÈCHAL (1945-2002)
JOUNEN ENTÈNASYONAL LANG KREYÒL 2001
JOUNEN ENTÈNASYONAL LANG KREYÒL 2000
Paj kreyòl: «île en île»
Pajwèb lyen lang kreyòl yo: «The Creole Clearinghouse» |
|
|
|
|
|
KEPKAA
C.P 65060, Succ. Place Longueuil
Longueuil, Québec, J4K 5J4
Tel: 1 450 651-0157
imel: kepkaa@attcanada.ca |
|
|
|
|
|
Koutwazi The Creole Clearinghouse |
|