KEPKAA: Ochan pou Adlin Chansi (Praise for Adeline Chancy)
|
KOMITE ENTÈNASYONAL POU PWOMOSYON KREYÒL AK ALFABETIZASYON (KEPKAA)
COMITÉ INTERNATIONAL POUR LA PROMOTION DU CRÉOLE ET DE L'ALPHABÉTISATION
(Ansyènman KIPKAA) |
|
|
|

Adlin Chansi (Adeline Chancy), ansyen Sekretè d Eta pou Alfabetizasyon ann Ayiti;
Pierre Bain, Kowòdinatè KEPKAA;
Jera D. Montès (Gérard D. Montès), Direktè SORIKA (SORHICA)
|
|
|
|
|
|
OCHAN |
|
POU |
|
ADLIN CHANSI: |
|
NOU DI W |
|
MIL FWA MÈSI |
|
|
|
Nan lakou Monreyal,
fè lang ak jounen kreyòl
antre chita nan salon
mouche ak madanm Tulututu espri kolonize
te pirèd pase fè koulèv chita sou ban lekòl.
Si jodi a, KIPKAA ak yon dividal kolaboratè
rive kole zèpòl ak zèpòl pou mete kanpe
youn mwa selebrasyon mondyal kreyòl
nan lakou Monreyal, se grasa wou.
Poutèt sa, ou merite ochan
pou detèminasyon ak kouraj ou.
Pou lang kreyòl la,
ou te wè pi lwen pase Antwàn nan gonmye |
|
|
|
KIPKAA |
|
MEZON D AYITI |
|
Monreyal, Kanada, oktòb 2002 |
|
|
|
|
|

Adlin Chansi (Adeline Chancy), ansyen Sekretè d Eta pou Alfabetizasyon ann Ayiti
|
|
|
|
MEN TÈKS ADLIN CHANSI (ADELINE CHANCY)
TE PREZANTE NAN MWA LANG KREYÒL LA
(26 OKTÒB 2002) |
|
Sa fè 20 an n ap selebre JOUNEN ENTÈNASYONAL LANG KREYÒL. Bravo! mwen bat Bravo pou nou tout e sa fè m plezi anpil pou m isit avèk nou Monreyal nan okazyon sa a. Jan nou konnen l, oubyen jan kèk nan nou kapab sonje, se Monreyal ki te reyèlman òganize premye gwo selebrasyon Jounen Entènasyonal la, 28 oktòb 1983, avèk afich, kat postal, emisyon televizyon, sware kiltirèl [elatriye]. Asosyasyon Ayisyen Kebèk yo te mete avèk nou tou. Sa te fè bri nan Karayib la ak nan Oseyan Endyen. 6 mwa apre, nan premye Kolòk BANNZIL, ki te fèt La Reyinyon, avril 1984, tout moun te felisite nou anpil, nou menm delegasyon Ayisyèn ki te soti Monreyal, Liliane Dévieux ak mwen menm. Jodi a, KIPKAA, Mezon dAyiti, Sant N a Rive, ak anpil lòt, nou kenbe flanbo a. Nou kapab fyè poutèt nou kenbe tradisyon an, nou fè l vin pi fò, pi laj, pi bèl, chak ane.
BRAVO!
Depi epòk sa a, ane 83 - 84, nou menm Ayisyen, nou tout te konsyan, se pa yon fèt sèlman nou bezwen chak ane. Peyi nou, se kote tout moun pale kreyòl, e se pi gwo popilasyon ki pale kreyòl nan lemonn. Sa nou bezwen, se yon politik sou koze lang ki konsekan avèk reyalite sa a.
Avèk Konstitisyon 1987 la, ki rekonèt Kreyòl kòm lang ofisyèl, nou make yon premye pwen. Men viktwa sa a, se yon viktwa prensip. Lè nou rive nan reyalite a, prensip la rete anlè, san rezilta, san konsekans toutbon vre. Pouki sa? Nou pa janm jwenn yon lwa, nou pa janm jwenn reglemantasyon ki pou bay prensip la yon egzistans nan reyalite a epi ki pou garanti nou pap fè bak lè yon pa annavan vin fèt.
Sa pa vle di, pa gen okenn jefò k ap fèt ann Ayiti pou devlope lang kreyòl ekri a nan plizyè branch. Mwen menm, nan domèn edikasyon, edikasyon ki pa antre nan lekòl, ki pa antre nan sistèm akademik la, mwen temwen yon pakèt travay pwodiksyon kreyòl ekri ki deja fèt e ki kontinye ap fèt. Sa pral fè m plezi pou m ban nou kèk egzanp. Men anvan mwen rive nan sa, m ta renmen fè nou konsyan kijan absans yon politik sou koze lang domaje politik edikasyon nan peyi a, domaje politik dwa moun, domaje tout politik soyal ki pou ta fè nou rive nan yon sosyete kote tout moun gen menm chans pou jwenn enfòmasyon ak fòmasyon, menm chans pou goumen pou dwa yo kòm sitwayen.
Nou pèdi yon chans an 1996-97. Mwen viv evennman sa yo kòm premye temwen, osnon premye aktè, Nan gouvènman René Préval, avèk Rosny Smarth kòm premye Minis, mwen menm mwen te Sekretè D Eta pou Alfabetizasyon. Nan Sekreteri Leta a, nou te gen yon Biwo Lang Kreyòl avèk Yves Dejean kòm direktè.
21 me 1996, 3 mwa apre yo te nonmen l premye Minis, Rosny Smarth ekri m yon lèt pou mande SEA prepare yon pwojè lwa sou itilizasyon kreyòl nan Administrasyon piblik, avèk lide pou fè kominikasyon avèk sitwayen yo vin pi fasil epi pou ede sitwayen yo patisipe pi byen nan zafè Leta. Lèt premye Minis la te presize ki pwen nou ta dwe jwenn nan lwa a:
- Nan lekòl: depi nan preskolè jouk nan egzamen ofisyèl
- Nan Ak Eta Sivil yo ak tout lòt dokiman ofisyèl
- Nan Ak pwopriyete
- Nan Lajistis: jijman - pwosevèbal
Avèk anplis, obligasyon pou tout anplwaye Leta pou yo kapab li ak ekri kreyòl.
Natirèlman, nou te reponn tousuit. Biwo Lang Kreyòl la san pèdi tan prepare yon pwojè lwa sou Koze Lang nou remèt Biwo Premye Minis la 5 sektanm 96. An reyalité, se te 2 pwojè lwa. Biwo Lang lan te prepare youn tou sou òtograf kreyòl li te panse te gen kèk eleman ki ta merite fikse.
9 sektanm 1996, Premye Minis la voye yon lèt bay tout Minis li yo pou mande yo travay sou pwojè lwa yo paske nou va gen pou diskite sou yo anvan lontan nan youn nan reyinyon Konsèy Minis ki ap vini yo. M ap fè nou remake, lè sa a tout korespondans ofisyèl yo te ekri an kreyòl.
Lèt 9 sektanm lan, se pa yon sekrè d Eta. Premye Minis la te anonse l an piblik nan Primati a, jou 9 sektanm 1996, Jounen entènasyonal alfabetizasyon. Men pawòl li ekri nan lèt li voye bay minis yo jou sa a:
Mwen toujou gen lide alfabetizasyon se yon pòt ki dwe louvri 2 batan pou tout moun nan peyi a kapab aprann li ak ekri, pou chak sitwayen patisipe djanm nan kokenn chenn travay chanjman sosyete a. An menm tan, travay sa a mande pou Ayisyen yo gen tout latitid pou yo sèvi tou nan lekòl, nan Biwo Leta, nan aktivite ekonomik yo ak lang nasyonal la ki makònen nou tout ansanm, jan Konstitisyon an di li.
MEN KLE KESYON AN: Nou pa ka pale alfabetizasyon, edikasyon, aprann san rete, si nou pa tabli yon politik sou koze lang ann Ayiti.
6 mwa apre lèt 9 sektanm lan, Premye Minis la envite m vin prezante pwojè lwa yo nan Reyinyon Konsèy Minis la nan dat 18 mas 1997. Mwen kapab di nou kounye a, se te yon moman solanèl pou mwen. Se anba gwo emosyon mwen prezante pwojè a. Se kòmsi mwen te kenbe nan men m aboutisman travay plizyè jenerasyon Ayisyen ki te goumen pou idandité nou. Mwen tranble.
Pwojè lwa sou Koze Lang lan chita sou kèk atik nan Konstitisyon 1987 la, sou kèk Konvansyon Nasyonzini Ayiti siyen, epi sou kèk konsiderasyon tout moun dakò sou yo tankou:
- Kòm tout Ayisyen ki fèt ann Ayiti e ki leve ann Ayiti konn pale kreyòl
- Kòm pi fò Ayisyen ki fèt ann Ayiti konn pale kreyòl sèlman
Pwojè lwa sou Koze Lang lan gen 4 chapit:
Chapit 1: Sou lekòl
Chapit 2: Sou enfòmasyon an kreyòl
Chapit 3: Sou keksyon pran lapawòl nan administrasyon piblik, sou diskou ak dokiman ofisyèl ak papye Leta. Tout pwen sa yo ta mande yon dèle.
Chapit 4: Dispozisyon espesyal. Nan chapit sa se dipozisyon yo ka pran tousuit nan branch Sante, tankou etikèt, preskripsyon medikaman, ak Travo Piblik, tankou afich, endikasyon pou wout ak sikilasyon.
Mwen viv isit de 1965 a 1986. Mwen temwen batay moun isit fè pou lang franse. Rezilta, jodi a tout papye ak enfòmasyon enpòtan pou sitwayen yo ekri nan 2 lang. Yo ta gen dwa fè l tou ann Ayiti. Paspò ayisyen an ekri nan 2 lang ofisyèl yo. Pèsonn pa janm plenyen pou sa.
Sa fè 5 an ki pase depi 1997. Koze lwa sa a pa janm pale ankò.
Kijan sitiyasyon an ye jodi a ann Ayiti? Pa gen lwa, pa gen règlemantasyon, chak moun fè sa l pi pito, tankou nan anpil lòt branch ann Ayiti. Pa gen diferans ak lòt domèn ki touche enterè nasyonal la. Pa gen okenn koze serye ki pale ni pou kreyòl nan lekòl, nan lajistis, nan sante, nan sèvis leta. Pa gen okenn koze serye ki pale pou aprann lòt lang, franse an premye, men tou angle osnon panyòl. Sa m ap pale yo se nan nivo Leta, nivo enstitisyon, nivo gouvènman.
Menm lè a, gen anpil pa annavan ki fè kè n kontan. M ap pale nou de eksperyans pa m. Nan travay edikasyon gran moun m ap fè avèk moun ki kontinye aprann, k ap aprann san rete, depi nan aprann li ak ekri, nou te fè yon rechèch sou materyèl ekri an kreyòl ki ka itil pou pwogram nou yo. Nou fè yon envantè 50 òganizasyon, nou rankontre avèk 40 ladan yo pou nou ka fè lis tou sa yo pwodui pou edikasyon granmoun. Nou klase yo avèk tout referans bibliografik nan 18 kategori.
Men kèk nan kategori sa yo: sante, edikasyon, fanm, devlopman timoun, dwa moun, agrikilti, elvaj, anviwonman, alfa-pòsalfa, ekonomi, lalwa, sendika, jesyon / òganizasyon, andikap... M ap di tousuit, envantè a pa konplè. Li fèt pou korije, anrichi, ogmante. Men avèk sa nou jwenn nan, sa pèmèt nou wè kantite travay ki fèt deja. Nou rich, nou pa konn sa. Nou pa bezwen chak fwa rekòmanse azero. Nan sans sa a, mwen kontan wè KIPKAA ap chache konnen tout travay ki fèt epi l ap gaye enfòmasyon an toupatou.
Pou site kèk egzanp, m'ap atire atansyon nou sou:
- Kokenn chenn travay antoloji Jean Claude Bajeux a, an 2 lang, kreyòl ak franse
- Liv François Severin fèk pibliye sou Plant ak Pyebwa Tè d Ayiti
- Tradiksyon APROSIFA fè pou liv: Kote fanm pa jwenn doktè a
- Tout materyèl fomasyon SANT EDIKASYON ESPESYAL sou devlopman timoun ak prevansyon andikap
Mwen pap fini san mwen pa pale nou de yon travay yo fè m wè lavèy m ap pati e ki ban m espwa nan jenès peyi a. Travay la fèt nan Depatman Kominikasyon, Fakilte Syans Imèn, Inivèsite Leta d Ayiti. Se yon memwa pou lisans nan kominikasyon sosyal, yon etidyant Beaudelaine Pierre prezante nan mwa daout ki fèk pase a.
Tit memwa a se:
KOMINIKASYON AK KONSTRIKSYON IDANTITE
Etid sou rapò kreyòl ak franse
Nan repwodiksyon sosyal ki fèt nan lekòl ann Ayiti
Memwa a gen plis pase 100 paj. Li redije an kreyòl epi dapre pwofesè yo, se yon travay ekselan, ki jwenn 93 / 100 nan men yon jiri pwofesè ki pa bay nòt fasil. Travay la baze sou yon ankèt etidyant la fè nan 4 lekòl prive ak piblik. Li analize kesyon lang ak idantite nasyonal la, fason elèv yo wè 2 lang yo, pèsepsyon idantite lakay elèv yo, kontradiksyon ki tabli nan tout nivo sistèm lekòl la ann Ayiti. Men ki kesyon li chache reponn: Ki wòl fòm rapò kreyòl / franse nan lekòl yo genyen nan pwosesis repwodiksyon sosyal la? Kouman fòm rapò ki tabli nan mitan 2 lang sa yo aji sou fason elèv la wè tèt li kòm Ayisyen?
Sa se yon pa annavan!
Ann kontinye travay pou jenès nou jwenn ankourajman nan sans sa a, epi sitou pou nou pa fè bak!
Adeline Chancy
Monreyal, 26 oktòb 2002
Nan Mwa Lang Kreyòl la nan Monreyal
Aktivite òganize pa KEPKAA nan Inivèsite Monreyal
|
|
|
|
KI MOUN KI ADLIN CHANSI (ADELINE CHANCY)? |
|
Adeline Chancy se youn édikatris ki pran diplòm li nan «École Normal Supérieure d'Haïti». Li fè youn diplòm metriz andragoji nan «Université de Montréal». Nan kòmansman ane 60 yo li t ap milite nan mitan gwoup patriyòt revolisyonè yo. Diktati Divalye a te pèsekite gwoup sa san rete. Se poutèt sa an 1965, Adeline Chancy te sètoblije pran egzil nan peyi Kanada ak tout fanmi l. Li te viv nan peyi sa a rive jouk ane 1986. Nan Monreyal Adeline te pwofesè lekòl men sa pa te anpeche li kontinye aktivite militan politik bò kote kominote ayisyèn ak kebekwa. An 1981 Gouvènman Kebèk te nonmen li nan «CIPACC»,yon òganizasyon gouvènmantal ki te la pou mete an plas youn pi bon politik pou ede imigran adapte yo nan sosyete a. Apre sa Adeline te travay nan «Commission des droits de la Personne du Québec». Nan peyi Canada, Adeline te nan premye ekip moun ki t ap travay sou kesyon Alfabetzasyon an ak Mezon d Ayiti epi gwoupman popilè k ap fè alfabetizasyon nan Kebèk. Se «Université de Montréal» ki te pibliye tèz metriz li te ekri sou «Fanm imigran ayisiyèn ki pa konn li pa konn ekri».Tout kote Adeline pase li toujou plede pou kòz ak diyite lang kreyòl la. An 1983, li te responsab Jounen Entènasyonal lang kreyòl nan Kanada. An 1984, li vin reprezantan BANZIL Kreyòl pou tout Amerik di Nò a. Pandan ane 70 ak 80 yo Adeline milite anpil nan mouvman fanm e li se fondatris anpil asosyasyon, ak komite fanm ayisyèn, fanm imigran ak fanm amerik latin. Li te manm «Congrès des Femmes noires du Canada» tou. Lè Divalye tonbe an 1986, Adeline Chancy tounen Ayiti e li travay kòm direktris «ONPEP». An 1991, li te manm Konsèy Direksyon Biwo Nasyonal Alfabetzasyon. An 1996, li vin Sekretè d Eta Alfabetizasyon. Jodi a malgre li pran retrèt li, Adeline Chancy kontinye travay pou jèn fi ak jèn gason ki bezwen lekòl espesyal pou yo sa aprann ak tout diyite yo. Alokazyon 20 an Jounen Entènasyonal lang kreyòl epi premye edisyon yon Mwa selebrasyon Kreyòl nan lakou Monreyal, Mezon d Ayiti ak KIPKAA pwofite pou transmèt Adeline mesaj tout kominote ayisyèn la ak tout zanmi kebekwa l yo ki di li mèsi anpil. Edikasyon fèt pou l favorize konpreyansyon. |
|
|
|
QUELQUES MOTS SUR ADELINE CHANCY |
|
Adeline Chancy est une éducatrice de carrière, diplômée de l'École Normale Supérieure d'Haïti et détentrice d'une maîtrise ès arts en andragogie de l'Université de Montréal. Au début des années 60, elle milite dans les conditions difficiles de la clandestinité, avec son mari, Max Chancy, au milieu de patriotes révolutionnaires qui seront durement persécutés par la dictature des Duvalier. Sa famille doit partir en exil en 1965 et demeurera au Canada jusqu'en 1986. A Montréal, tout en menant une carrière professionnelle dans l'enseignement, elle poursuit ses activités sociales et politiques dans la communauté haïtienne et dans la société québécoise. En 1981, elle est nommée au CIPACC par le Gouvernement du Québec pour l'implantation de politiques d'intégration des immigrants et, par la suite, à la Commission des droits de la Personne. Au Canada, elle est pionnière dans les activités d'alphabétisation à la Maison d'Haïti et au sein du Regroupement des Groupes populaires en alphabétisation à l'échelle du Québec. Sa thèse de maîtrise, publiée par la librairie de l'Université de Montréal en 1981, traite de l'Analphabétisme chez les femmes immigrantes haïtiennes. Partout où elle intervient, elle mène avec conviction un plaidoyer pour la valorisation du créole. En 1983, elle coordonne la première Journée Internationale du Créole au Canada, et en 1984 après avoir participé au Premier Colloque de BANNZIL, elle en sera la représentante en Amérique du Nord. Au cours des années 70 et 80, elle est membre fondatrice de plusieurs associations et comités de femmes haïtiennes, immigrantes, latino américaines et fut membre du Congrès des Femmes Noires du Canada. Depuis son retour en Haïti après la chute des Duvalier, Adeline Chancy a occupé les fonctions de directrice de la formation à l'Office National pour la Participation et l'Éducation Populaire (ONPEP) (1986), de membre du conseil de direction du Bureau National d'Alphabétisation (1991), de Secrétaire d'État à l'Alphabétisation (1996-97). Aujourd'hui, malgré sa retraite, elle travaille à la réhabilitation de jeunes qui ont besoin d'une éducation spécialisée. En cette année du 20e anniversaire de la journée internationale du créole, la Maison d'Haïti et le KIPKAA profitent de cette première édition du Mois du créole à Montréal pour lui transmettre les remerciements de la communauté haïtienne et de ses ami(e)s Québécois(e)s. |
|
|
|
KEPKAA
C.P. 65060, Succ. Place Longueuil
Longueuil, Québec, J4K 5J4 CANADA
Tel: (450) 651-0157
Imel: kepkaa@attcanada.ca |
|
|
|
|
|