Main

 
CreoleTrans-MIT2 Press Release - Haitian Creole Version

(Vèsyon anglè / English Version

(Vèsyon fransè / Version française)

 

Patenarya estratejik pou Sèvis Tradiksyon an kreyòl ayisyen

6 avril 2000
Boston, Massachusetts USA


Mason Integrated Technologies Ltd (MIT2), yon konpayi ki espesyalize nan devlopman sòfwè pou lang kreyòl yo, e CreoleTrans, yon konpayi ki espesyalize nan bay sèvis pwofèsyonèl nan tradiksyon lang kreyòl ayisyen, anonse fòmasyon yon alyans estratejik pou vann ansanm teknoloji yo e pou etann efikasite aktivite de sosyete yo.

MIT2, kreyatè yon seri sòfwè ki gen ladan yo «CreoleScan(tm)» (sistèm rekonesans optik) ak «CreoleConvert(tm)» (yon sòfwè pou konvèsyon òtograf), founi yon seri solisyon pou estabilize lang ekri e zouti pwodiktivite pou trètman otomatik tèks ekri an kreyòl e nan lòt lang minoritè e vènakilè. CreoleTrans gen ladan yon ekip tradiktè e editè ak esperyans nan kreyòl ayisyen e li gen yon gwo kliyantèl ki gen ladan l editè, inivèsite, lekòl, sistèm edikasyon e ajans gouvènman. CreoleTrans va premye founisè tradiksyon kreyòl ayisyen ki pral anplwaye zouti sòfwè MIT2 sa yo pou pwodiksyon ak validite tèks an kreyòl (sous ou lang sib).


Pou plis enfòmasyon, kontakte:

Mason Integrated Technologies Ltd (MIT2)
PO Box 181015, Boston, MA 02118 USA
Tel: (+1) 617 247-8885, Faks: (+1) 617 262-8923
Imel:
mit2usa@aol.com
Pajwèb:
http://hometown.aol.com/mit2usa/Index2.html

CreoleTrans
470 NE 210 Circle Terrace #203, Miami, FL 33179 USA
Tel: (+1) 305 770-9252, Faks: (+1) 305 690-5933
Imel:
info@creoletrans.com
Pajwèb:
http://www.creoletrans.com/

 

Tradiksyon anglè - kreyòl ayisyen:

Emmanuel W. Védrine
E. W. VEDRINE CREOLE PROJECT, Inc.
P.O.Box 255110
Dorchester, MA 02125-5110 (U.S)
evedrine@hotmail.com

 

 





Koutwazi / Courtesy of The Creole Clearinghouse