Main

 
Guy-MIT2 Press Release - Haitian Creole Version

(Vèsyon anglè / English Version

(Vèsyon fransè / Version française)

 

Guy Antoine nome kòm Direktè Kominikasyon ak Relasyon Estratejik

30 septanm 2000
Boston, Massachusetts USA


Mason Integrated Technologies Ltd (MIT2), yon konpayi ki espesyalize nan devlopman sòfwè pou lang kreyòl yo sot nome Msye Guy S. Antoine nan pòs Direktè Kominikasyon ak Relasyon Estratejik.

Msye Antoine, yon natif ki pale kreyòl ayisyen, se youn nan lidè prensipal pou pwomosyon lang sa a ak pou kilti ayisyèn pa entèmedyè entènèt la. Manm aktif pami gwoup difizyon e diskisyon sou Ayiti, li se fondatè e envantè pajwèb
Windows on Haiti (WOH) ki te tabli an 1998.

Men sa Marilyn Mason, Prezidan MIT2, di de li: «Vizyon ak pledwaye Guy Antoine se de eleman kle pou nou ede idantifye pwen kontak yo nan sektè gouvènmantal, pou pwomouvwa yon dyalòg ki ta fasilite yon konpreyansyon kiltirèl e entelektyèl ant sosyete a ak mache sib yo, pou pwopoze plan pou aksyon ki vize pou ogmante responsablite ak patisipasyon sosyal nan rezolisyon yon seri pwoblèm kominote a, an patikilye sa k gen pou wè ak devlopman lang e alfabetizasyon».


Pou plis enfòmasyon, kontakte:

Windows on Haiti
Imel:
GuyAntoine@windowsonhaiti.com
Pajwèb:
http://www.windowsonhaiti.com

Mason Integrated Technologies Ltd (MIT2)
P.O. Box 181015, Boston, Massachusetts 02118 USA
Tel: (+1) 617 247-8885, Faks: (+1) 617 262-8923
Imel:
mit2usa@aol.com
Pajwèb:
http://hometown.aol.com/mit2usa/Index2.html

 

Tradiksyon anglè - kreyòl ayisyen:

Emmanuel W. Védrine
E. W. VEDRINE CREOLE PROJECT, Inc.
P.O.Box 255110
Dorchester, MA 02125-5110 (U.S)
evedrine@hotmail.com

 

 





Koutwazi / Courtesy of The Creole Clearinghouse